Onè! Se mwen menm Tilarenn Solèy! Mwen kontan w la!
Mwen kontan nou kontre nan espas sila pou nou pataje! Pa gen 2 tankou w! Byenveni!
Pou kominike avè m, jis itilize fòmilè kontak ou wè la a oswa ale nan youn nan medya sosyal kote w pi alèz ki disponib pi ba nèt nan paj sa.
Ak onè, enfòmasyon itil anplis ap swiv tou.
|
Nou touche esans vitalite nou ak prezans total nou.
Prezans total ou kenbe konsyans kadanse esans sakre nou, kadanse revolisyon lanmou, respè, entegrite.
Kadanse w avive pwisans fòs enteryè w pou fasilite prezans total nou.
Kadanse w kenbe pouvwa revolisyon espirityèl, kiltirèl, sosyal, politik epi ekonomik nan kè ak kò konsyans mouvman w.
Pouvwa mouvman kadanse esans sakre nou gen fòs mouvman ekilib pou w pi byen viv, ak lafòm total kapital, kè, kò, tèt, lespri ak nanm ou nan lajwa fondamantal.
Nan kè vwayaj sila, nou pwofonde konkèt tèt nou ak konkèt konsyans pwisans prezans nou nan lemonn.
Nou pwoklame epi pataje san gade dèyè, ak lemonn antye, nan lespri abondans san kontrent, bèl pwisans prezans total nou.
YON TI KAD0 ANLIYEN AK ESANS SAKRE W:
Resevwa 5 moman majik pou mouvman revolisyon kadanse lanmou, respè, entegrite
Mouvman Revolisyon Avè w louvri espas.
Pale pawòl eksperyans ou, entansyon w, angajman w, defi, lanmou ak lajwa w.
Pataje vèvèy /viktwa /defi konkèt tèt ou pou prezans total ou, defi kadanse esans ou...
Mete etensèl ou nan jounen sila, bay tèt ou louvèti pou tout kapasite prezans total ou deplwaye.
Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito.
Ou ka touche m epi touche anpil moun pi wo, pi lwen, pase nou ka imajine.
Ou mèt kòmanse pataje touswit.
Ou ka fè konesans avè m pi plis sou Ki Moun Mwen Ye.
Mwen ankouraje w kite zèt ou viv chalè chak moman, aprann, apresye epi engaje nan pwisans jounen sila a sou kadans entegrite kè, kò, tèt lespri ak nanm nou.
Nou bezwen kadanse lanmou, respè, lajwa, ekilib ak entegrite absoliman pou nou kanpe ak amoni esans sakre kadanse nou alawonnbadè!
Rit se fondasyon, eleman esansyèl, sous lespri, nannan tout mouvman.
Se ak mouvman mwen pi alèz pou m kominike.
Se yon defi enpòtan pou mwen sèvi ak mo sitou pou eksprime esans immateryèl rit mouvman kadanse esans sakre nou.
Vitalite revolisyon kadansenou.com kanpe nan ekspètiz mwen devlope ak lojisyèl biznis* ki ede m kenbe kontak avèk ou epi pataje fòs mouvman kadanse esans sakre nou avèk otantisite, vanyans epi entegrite.
Prezans total ou nan lanmou, respè, lajwa, ekilib ak entegrite se chemen amoni toupatou.
Chak mo vanse ak mouvman pwofonde konkèt tèt nou ak konkèt konsyans pwisans prezans nou nan lemonn.
Kadanse pou kè w bat ak tout pwisans enèji lavi w.
Kite lespri w kadanse esans enfini w!
* enfòmasyon an anglè sèlman
Rakonte eksperyans ou, entansyon w, fòs ou, angajman w, lanmou ak lajwa w.
Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...
Espas limyè mouvman revolisyon kadanse esans sakre nou sa pou ou...
ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak lafòm total entegrite diyite nou. Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, nan mouvman revolisyon swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Se mouvman revolisyon kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib epi entegrite alawonnbadè.
Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.
Nou tout ak tout bagay kadanse lavi. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi. Mouvman revolisyon prezans total ou se sous lanmou, ekilib ak entegrite alawonnbadè depase tan.
Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse lanmou, ekilib, entegrite alenfini.
Onè Legba; Onè Zansèt nou yo;
Nou louvri pòt. Nou ede nou mete tout baryè atè. Nou ede nou nouri kannal kominikasyon pozitif lib. Nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.
Nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite alawonnbadè.
Nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre prezans total nou. Nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.
Nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm. Nou ede nou libere tèt nou pou nou pa janm pè. Nou ede nou vwayaje kè kontan pi bon kote pou nou aprann jwenn toujou plis lajwa ekilib ak entegrite nan tout bagay.
Nou ede nou louvri chemen pou pitit fi ak pitit gason nou yo byen nan kè, kò, tèt, lespri ak nanm. Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans revolisyon lanmou, ekilib ak entegrite, fòs gadyen esans sakre kadanse nou, pou tout jenerasyon.