M ta renmen aprann kadanse tradisyon nou

Sylphise Guillaume
(Saint-Marc Haïti)

Depi m piti mwen renmen gade moun k ap danse vodou, k ap kadanse tradisyon nou yo.

M te toujou reve danse menm jan an, se te anvi m pou m antre nan wonn kadans yo, pou m fè kò ak sila yo k ap danse anba onfò papa m oswa nan fèt lòt kote.

Tan pase. Tan ale.

M pa janm rive danse.

Daprè nou? Ou kwèl twò ta. Ede m.

Comments... Commentaires... Kòmantè...

Average Rating... Moyenne des évaluations... Mwayèn evalyasyon yo... starstarstarstarstar

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

Jul 03, 2016
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Li pa janmè twò ta pou aprann danse tradisyon w
~ Tilarenn Solèy

Li pa janmè, janmè, janmè twò ta!

Nenpòt kisa ou vle fè ki bon pou ou, pa jan m panse li twò ta. Tan ap jis kontinye pase, kontinye ale, san li pa okipe pèsònn. Ki vle di, li pa mande okipe l non plis.

Mwen kwè fèm ke si w mete w sou sa, w ap jwenn yon bèl mwayen pou w aprann kadanse tradisyon nou yo.

Ou ka kòmanse tou dousman ak video...
Men kèk sa mwen jwenn mwen ka rekòmande w:

Djoumba

Kongo

Yanvalou

Detout mannyè kadanse tradisyon w nan san w. Gen yon rezon poukisa ou pat janm danse rit yo. Nenpòt lè ou vle tout bon, w ap aprann epi kò w ap rekonèt yo fasil.

Di mwen, eske w kwè li ta itil pou w jwenn isit la a, video k ap voye monte leson sou tradisyon kadanse nou yo?

Ak anpil respè!

Lanmou Infini Ak Kè Konsyan,
Tilarenn Solèy (Turenne)

Jul 03, 2016
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
kadanse kadanse w
~ Tilarenn Solèy

kadanse kadanse w jan w santi l vini. Kò w kenbe memwa soti byen lwen, plis pase w ta kwè.

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

* Join in and write your own page! Simply click here to reach the form you need...
** N'hésite pas et écris ta propre page ! Clique ici pour accéder au formulaire qu'il te faut...
*** Pa ezite ekri paj ou tou! Jis clike la pou w rive sou fòmilè ou bezwen pou sa...