Mwen kontan nou kontre nan espas sila pou nou pataje! Pa gen 2 tankou w! Byenveni!
Pou kominike avè m, itilize fòmilè sa.
Ou pa bezwen gen bèl rezon, jis yon ti elan, yon enspirasyon, yon resonans senp ak memwa w.
Kèk mo pou onore prezans ou ap swiv anplis avèk yon ti kado.
Onè, pou ou! Sou revolisyon kadansenou.com, ou lakay ou! Mwen kontan w la! Pou kominike avè m, itilize fòmilè a ki touswit anba la. | ~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa Kadanse nou)Petèt ou rive sou pataj mwen epi, ou ta renmen eksplore plis.
Petèt gen yon bagay ou li oswa tande de isit la ki mennen yon lide, yon santiman, oswa yon kesyon.
Petèt nou te deja kwaze chemen, epi ou wè kounye a se bon moman pou nou rekonekte.
Ou ka pran kontak pou w:
Kèlkeswa rezon an, ou byenveni!
Chak mesaj se yon rankont - yon fil lyannaj ak sa ki esansyèl, ak sa ki vivan, ak sa ki ini nou tout.
|
|

Resevwa yon ti kado
ki prepare ak swen pou ou, pou enspire anliyman w ak esans sakre w :
Travay atistik pou nou pataje kèk moman enspirasyon
M AP PRAN KADO M Ou touche esans vitalite w ak prezans total ou.
Prezans total ou kenbe konsyans kadanse w sou ritm pa w tout bon vre.
Kadanse w avive pwisans fòs enteryè w pou fasilite koneksyon w ak esans sakre w.
Kadanse w kenbe pwisans esansyèl pou w entegre ritm esans sakre w nan chak moman devni w pou w pi byen viv, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri w an amoni.
Pwisans ritm mouvman w, anliyen ak ritm esans sakre w, gen fòs entegrite ekilib ou pou w pi byen viv eritaj zansèt yo ki sere nan memwa w.
Nan kè vwayaj àtravè paj sila yo, ou gen pou pwofonde konkèt tèt ou ak konsyans valè pwisans prezans total ou pou ou epi pou mond lan.
Video Tafa Mi-Soleil | LAKOU|- Tafa Mi-Soleil (Videyo Ofisyèl_ EP #Phoenix) @tafamisoleil
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse...
♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥
Pataje sou ritm kadanse w! Espas la ouvri la!
Pale pawòl eksperyans ou, entansyon w, angajman w, defi, lanmou ak lajwa w.
Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, defi kadanse w sou ritm esans sakre w...
Mete etensèl ou nan jounen sila, bay tèt ou louvèti pou tout kapasite prezans total ou deplwaye.
Pale ak bon jan ritm pawòl kè ak kò w, jan w pito.
Ou ka touche m epi touche anpil moun, pi wo, pi lwen pase nou ka imajine.
Ou mèt kòmanse pataje touswit.
Ou ka fè konesans avè m pi plis sou Mwen Kadanse Konkèt Tèt Mwen. Pa neglije pran kontak pou nou pale tou.
Mwen ankouraje w kite zèt ou viv chalè chak moman, aprann, apresye epi engaje nan pwisans jounen sila a sou kadans entegrite kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.
Nou bezwen kadanse sou ritm lanmou ak je klè, respè ak lajwa, epi entegrite ekilib nou nan chak moman devni nou pou nou kanpe djanm ak ritm amoni ak esans sakre nou, san kontrent!
Ritm se fondasyon, eleman esansyèl, sous lespri, nannan tout mouvman.
Se ak ritm mouvman mwen pi alèz pou m kominike.
Se yon defi enpòtan pou mwen sèvi ak mo sitou pou eksprime esans immateryèl ritm mouvman revolisyon kiltirèl pou nou kadanse sou ritm esans sakre nou.
Vitalite revolisyon kadansenou.com kanpe ak ekspètiz mwen devlope avèk lojisyèl biznis (Solo Built It)* ki ede m kenbe kontak avè w.
Vitalite revolisyon kadansenou.com ede m tou pataje avè w pwisans mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou avèk otantisite, vanyans epi entegrite.
Pa neglije pran kontak pou nou pale alèz.
Prezans total ou ak respè, je klere epi entegrite ekilib ou ki toujou ap fèt, se chemen amoni alawonnbadè.
Chak mo nou vanse ak mouvman pwofonde konkèt tèt nou epi konsyans pwisans prezans nou nan lemonn.
Kadanse pou kè w bat ak tout pwisans ritm enèji esans sakre lavi w.
Kite lespri w kadanse reyalite ritm esans enfini w!
Sonje pran kontak pou nou pale alèz.
* enfòmasyon an anglè sèlman
Khefista
| Grann Nan Listwa
revolisyon Kadanse nou
New! Comments
Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.