Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m kanpe konekte ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m : Khefista Shemzoumot

Akèy: Mouvman Revolisyon Kiltirèl Inevitab > De ki prevyen - Mwen kadanse konkèt tèt mwen: Khefista Shemzoumot | Pou pitit gason m, pitit gason nou ak pitit fi nou, oumenm, avèk onè pou zansèt nou yo...


                                

Kadanse m se pou pèmèt mwen toujou pi byen konekte ak fòs ak pwisans vwa mwen nan linivè.

Kadanse konkèt tèt mwen se pou mwen pi byen viv konsyans chak moman nan lajwa fondamantal prezans total mwen tout tan, tout kote.


Mwen se Khefista Shemzoumot, apranti etnoloji ritm kadanse nou, apranti sou chemen eritaj Kemèt kòm pitit Meritah

Nan dènye ane yo, mwen chèche devlope pataj nosyon ki abite mwen ke nou se youn epi jwenn fason pou fasilite aksè nosyon fondamantal amonize tèt nou avèk ritm linivè epi esans sakre nou pou nou ka pi byen konprann epi viv reyalite ekilib egzistans nou ki toujou ap fèt. 

Jodi a, yon ankraj enkonparab manifeste ki se inisyasyon ak M'Tam kilti, filozofi epi espirityalite Kemetic nan Het Kebtah (Mitan pwofondè latè) ki Monreyal.


Jalon chemen sou chemen kadanse konkèt tèt mwen

Mwen depase 50 lane epi enèji vital kadanse mwen kenbe m djanm plis ankò pase lè mwen te gen 5 an.


Jalon chemen kadanse konkèt tèt mwen :

  • Timoun, an pati yon sèl pitit, premye nan tout klas, alafwa rebèl epi ki akomode fasil

  • Imigrasyon sot Ayiti rive Kanada kote kadanse mwen vin pran enèji konplèks idantite

  • Fòmasyon san rete ak devlopman nan tradisyon kadanse Ayiti
     
  • Kreyasyon ak devlopman mouvman ritm kadanse tradisyon Ayiti, Gwoup Kiskeya

  • Pwogram entansif ete, kadanse kontanporen, balè, chante epi tanbou ak Groupe de la Place Royale

  • Manman pou kont mwen de fwa

  • Echèk rèv mwen pou m vin pedyat, pwofesè atizay, grandèt nan literati pou timoun, epi pwofesyonèl aeronotik

  • Enfiltrasyon lemonn biznis ak ekspètiz nan kontablite, administrasyon epi finans

  • Bay leson sou ritm tradisyon kadanse Ayiti epi entwodiksyon ak ritm kadanse Afrik epi Karayib 
     
  • Pwogram fòmasyon ak antrennman atistik epi pwofesyonèl sou ritm kadanse Afrik kontanporen nan Compagnie Danse Nyata Nyata

  • Atelye entansif ete,Tambours et Danse nan Compagnie Danse Nyata Nyata

  • Chanjman domèn travay de salarye nan administrasyon ak kontabilite pou estil lavi travayè endepandan nan domèn planifikasyon finansye

  • Entwodiksyon sou tradisyon kadanse Salsa epi Capoeira nan Studio Danse Montréal

  • devlopman sit web sa a pou nou pataje sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse lanmou, respè, je klè epi entegrite anmenmtan l ap evolye kòm biznis anliy*.

  • Kontribisyon ak kadanse tradisyon ayiti nan pwogram aktivis 

  • Inisyasyon sou kilti, filozofi ak espirityalite Kemetik nan lekòl M'Tam Het Kebtah (Mitan pwofonde latè) Monreyal

Istwa mwen

Mwen kadanse amoni ritm kè ak nanm, kò, tèt ak lespri m pou mwen pi byen konekte ak ritm esans sakre mwen


Khefista Shemzoumot nan lang Medou, lang orijinal la. Yon ekriti ki baze sou son ak fòs lanati epi ki favorize bon jan konprann tèt dwat amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou, pou anliyen nou ak reyalite lanati epi linivè. | fotos: Teniou, 2024Khefista Shemzoumot nan lang Medou, lang orijinal la. Yon ekriti ki baze sou son ak fòs lanati epi ki favorize bon jan konprann tèt dwat amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou, pou anliyen nou ak reyalite lanati epi linivè. | fotos: Teniou, 2024


Mwen se apranti etnoloji ritm kadanse nou. Mwen se apranti sou chemen eritaj Kemèt, kòm pitit Meritah. Mwen rekonèt nan fon kè m enpòtans kapital mouvman revolisyon kiltirèl inevitab epòk sila sou ritm kadanse esans sakre nou, etnoloji ritm kadanse nou, pou nou deplwaye. 

Mwen se yon sèl manman: se mwen k frape, se mwen k reponn kòm potomitan fanmi m ak tout volonte m ak tout konsyans mwen epi sibkonsyan m. Mwen deklare byen bonè nan moman adolesans ke m vle gen timoun men m pa vle gen mari, malgre rèv lanmou yon konpayon.

M ap deplwaye kapasite m pou m sèvi nou tout, depi fòs nesesite m wè, pou nou voye monte ritm vibrasyon esans sakre byennèt ak lafòm total nou, individyèl epi kolektif, avèk entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen paske se chwal batay mwen depi m piti, paske li toujou ban m elan pou m kadanse lavi a ak tout vitalite m, andepi de mak san valè mwen te toujou kwè, paran m te depoze sou mwen.  

Toutotan mwen kadanse ritm amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri m, m ap pi byen konekte ak ritm esans sakre mwen.

Pearl Primus kominike konpreyansyon mwen byen...

''Olye m grandi krochi anndan mwen tankou yon vye pye bwa defòme, mwen kadanse kolè m ak dlo nan je m.''  

~ Pearl Primus


Premye pa mwen

Apenn mwen aprann mache, mwen defye tout sa ki kanpe sou wout mwen pou m al nan bal kay granparan patènèl mwen.

Ti jenn famm, mwen pran leson balè jaz epi mwen reve kadanse ak pwofesyonèl tankou Louise Lapierre, Eddy Toussaint, Alvin Ailey...

Gran jenn fi, nan kadanse ritm repètwa filozofi vodou, mwen reyalize ak emèvèyman ke ritm kè m ak ritm tanbou se youn, vibrasyon ritm orijin mwen se refleksyon nanm mwen. Mouvman nan repètwa filozofi vodou, ak sa yo vle di, fè m rekonèt esans fondas mwen jouk nan zantray mwen.

Se konsa, plizyè jenn avè m nou vin fonde, mouvman pou nou pran fòs kadanse nou, Gwoup Kiskeya. Nou kole zepòl pou nou viv bèl mèvèy kadanse konkèt tèt nou. Plis nou aprann kadanse sou ritm orijin nou, plis nou reveye konsyans pwòp tèt nou epi reyalize bèl sinèji solidarite.

Nou plonje kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou nan sous lakonesans depase tan, repètwa filozofi vodou, ini pandan 10 zan.

Elan mouvman mwen

Mwen kòmanse aktivite entènèt sa a nan mwa septanm 2011. Mwen vin konprann ke pawòl sere nan kè  ke m toujou bezwen pataje abite m depi tout tan. Mwen te kòmanse mete koze yo deyò nan lane 1992 nan kontèks yon kou franse fòmasyon pwofesyonèl sekretarya ke mwen t ap swiv dapre rekòmandasyon frè m, tandiske mwen te plis enterese nan pwogram kontablite ki te ofri nan menm enstitisyon an.

Men tout bon vre, etensèl lèvey la te monte depi nan lane 1988 pendan m ap etidye atizay vizyèl ak literati fransè nan inivèsite apre echèk mwen te pran nan etid byoloji. Sete yon peryod ki te kòmanse pran fòm nan ane 1986 kote mwen te vize pou m viv tout bon rèv jenès mwen. 

Mwen te chwazi byoloji pou mwen ka pouswiv etid nesesè jouk mwen rive doktè pou timoun. Mèzalò apre echèk, mwen vin chwazi etidye atizay vizyèl ak literati fransè pou mwen rive mèt lekòl atizay epi ekri liv pou timoun. Anmenm tan, mwen t ap etidye tou nan Ottawa School of Arts epi fè travay modèl vivan pou mwen entegre pi plis aktivite atizay. 

Nan menm epòk la, mwen fè eksperyans tou nan plizyè domèn pèfòmans atistik avec Groupe de la Place Royale. Yon ti moman apre, en 1987, Gwoup Kiskeya vin pran fòm epi nou voye monte bèl mèvèy pandan 10 lane

Avèk nesans premye pitit gason mwen nan lane 1989, mwen vin ap swiv tout kote m wè mwen kapab divès wout ki kwaze chemen m pou asire bezwen debaz nou tankou kay, manje epi mwayen pou bon jan edikasyon pitit mwen.

Nan tout foli chèchè lavi tribò babò sa, kò mwen lanse siyal detrès ak 4 epizòd gwo fatig fizik, nan lane 1990, 1991, 1997 ak 2005. Mwen reyaji apre yon 5yèm epizòd gwo fatig fizik an 2007 pou mwen vire tounen pou m viv rèv mwen tout bon kòm antreprenè fwa sa a. Dabò, mwen te entegre aktivite planifikasyon finansye, pou lajan tapid, pou kòmanse eseye kouvri bezwen debaz nou yo.

Antretan, dezyèm pitit gason mwen fèt an 1995. Li vin fè nou grandi ti fanmi an a twa.

Finalman, yon 6yèm epizòd gwo fatig devaste kò m ak tèt mwen tou nan lane 2011. Li rapouswiv ak yon kokenn 7yèm epizòd gwo fatig nan 2013 ki te fondamantalman devaste m nan tèt.

Alòs ke m ap reprann fòs tou dousman, mwen vin pase dènye ane yo, apati 2015, ap travay, nan respè rit pwosesis ki pou fasilite aksè sa ki sere nan fon zantray mwen pou mwen ka bi byen pataje nosyon ke Nou se Youn.

Jodi a, yon fòs ankraj enkonparab pran bon jan fòm, ak inisyasyon m ap viv nan lekòl M'Tam kilti, filozofi ak espirityalite kemetik nan Het Kebtah (Mitan pwofonde latè) Monreyal.


Blokaj mwen

Kadanse mwen se elan lanmou alenfini ak kè toujou plis konsyan. Olye mwen fè lagè tout kote m pase, mwen kadanse konkèt tèt mwen.


Twa epizòd enpòtan vin travèse tankou bouldozè, kadanse m, sous lajwa konkèt tèt mwen alenfini, sous pran chimen reyalizasyon ki moun mwen ye tout bon. 

Apre nesans dezyèm pitit mwen, pi bèl kado lavi a, mwen pran yon gwo chòk trayizon epi viv yon poukont mwen frèt sèk; patènite biolojik rejte epi zanmi gaye, pèdi ak endiferans.

Nan peryòd ti jenn gason premye pitit mwen, mwen te fè fas ak wout ki pi difisil li te sanble m lè sa a, nan anbiskad sosyete kòwonpi sou kesyon lafanmi, lavi sosyal, ekonomik, pwodwi epsikotik tankou kanabis/marijuana epi pwoblèm rasyal.

Nan lavi pwofesyonèl mwen, ak aktivite planifikasyon finansye ak Groupe Investors, mwen vin kole tèt mwen nan labirent biznis san figi.

Nan lane 2007, peryòd refleksyon apre 4yèm epizòd gwo fatig fizik lan, mwen vin poze tèt mwen ant 3 chwa: 

  1. Kòmanse fòmasyon antreprann biznis pou pasyon kadanse nou vin mwayen pou m fè lajan mwen bezwen pou mwen viv tou.

  2. Vwayaje Senegal pou swiv atelye entansif kadanse sou ritm Meritah (Lafrik) pandan 2 mwa tout bon san rete.

  3. Afilye ak Groupe Investors kòm ajam planifikasyon finansye pou mwen kòmanse fè bon jan lajan rapid ki te ka pèmèt mwen envesti rapid nan rèv mwen.

Mwen te fè chwa planifikasyon finansye pou enterè, men se pa te sa ki te abite mwen. Finans pa fè mwen vibre, santi m vivan, ban m elan enèji lavi pou m santi tout prezans mwen byen. Mwen gen volonte ak kapasite pou mwen aprann finans, men san tandans ni talan natirèl. Mwen te wè itilite pou mwen ede moun tandiske sa ta ede m tou mache pi vit pou mwen pran zèl ak sa ki abite mwen tout bon.

Mwen te gen tandans mete sou kote sa ki natirèl pou mwen epi al chèchè sa ki swadizan gen valè rekonesans piblik. M ap mande tèt mwen si se sa ki fè mwen te mete tout tèt mwen ap eseye devlope bon jan konpetans nan kontabilite, administrasyon ak finans. Mèzalò, mwen te toujou gen pretèks nesesite bezwen debaz pou fanmi m viv.

Sa vin mete yon santiman divizyon ant mwen menm ak yon lòt ki pran anpil plas nan tèt mwen, alòske prezans kò mwen toujou rete anliyen ak otantisite esans kè mwen.

Malgre tout sa, kadanse mwen rete yon elan lanmou alenfini ak kè toujou plis konsyan. Olye mwen fè lagè tout kote m pase, mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Odela tout blokaj, mwen te kòmanse reponn lapèl nanm mwen, ak Gwoup Kiskeya, pou mwem toujou kadanse sou ritm revolisyon kiltirèl lanmou ak respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè. Gwoup Kiskeya, se premye ekspeyans biznis nan dyakout mwen. Gwoup Kiskeya, se motè bèl vizyon reyònman entènasyonal Mouvman Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou.

Pwofonde lakonesans mwen

Mwen pwofonde misyon m ak lakonesans nan fouye chèche, ak fòmasyon pratik, ak edikasyon sou etnoloji ak fim etnografik, epi inisyasyon nan lakonesans fondamantal tradisyon zansèt nou ki orijin limanite.

Enèji pou m aji, aprann epi pwodwi kalite, sèlman epi toujou kalite, kenbe kouraj mwen djanm.

Vizyon kadanse mwen

Vizyon mwen toujou aklè pou byennèt total kapital.

Mwen swiv chemen sa a malgre tout baryè mwen jwenn sou wout mwen. 

Vitalite m se fòs rasanbleman.

Angajman m pou voye monte bèl anvironman ak entegrite epi lajwa fondamantal alenfini, se sous motivasyon m.

Mwen mache ak serenite epi volonte simaye respè ak lajwa ak kouraj lanmou pou entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt.

Sou vibrasyon pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou, mwen vle pou nou tout kadanse nan limyè tout potansyèl prezans total nou.

Se non Sajès Manbo Tilarenn Solèy mwen te resevwa pou mwen pi byen kadanse konkèt tèt mwen.

Grandèt Nut, divinite ki gouvène mwa nesans mwen nan kalandriye sideral Kemetic, konfere m tout sajès manman ak konsyans pwoteksyon epi prezévasyon pou mwen deplwaye nan chimen devni mwen pou m viv tout bon non latè rekipere pou mwen ki Khefista Shemzoumot.

Tout bagay kòmanse ak lapanse

Paske m santi l nan zantray mwen, mwen pran angajman pou m swiv chemen esans verite nou tout genyen anndan nou.

Mwen kite kouran lapanse, pou mwen kadanse konkèt tèt mwen sou ritm verite esans sakre nou, koule lib.

Mwen louvri kè ak nanm mwen, kite yo pran zèl. 

Mwen alekout esans vibrasyon mwen pou ranfòse lyen ak zansèt yo.

Chak mo, chak jès, ap kadanse, ap pran elan nan linivè.

Mwen konprann nou dwe mèt pwòp tèt nou. 

Enèji m, m ap deplwaye, pou m manifeste ak lapawòl mwen toujou enpekab, sa m fèt pou m viv epi pataje.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen sou ritm esans sakre nou

Mwen angaje nèt epi se ak ekzanp m ap bay limyè pa m pou ede nou tout nan klere chemen an.

Mwen poze kò m ak kè m pou mwen oze briye tou limen ak tout fòs vibrasyon esans sakre nou. 

Revolisyon kadansenou.com se pou ou pou w jwi prezans total ou san kondisyon, pou w apresye, entegre epi pataje.

Pou mwen, se yon espas ki louvri sou lemonn antye pou mwen pran elan pou m deplwaye fondas mouvman entènasyonal inivèsèl, Mouvman Gadyen Kadanse Esans Sakre Nou.

Kòm Nou se Youn, konkèt tèt youn sou ritm kadanse esans sakre nou se fondas pou kwasans individyèl ak kolektif nou tout.

Pataj sou kadanse konkèt tèt nou

"Li miyò pou fè konkèt, rèy, chefmèt tèt ou pase ou genyen mil batay. Viktwa w sou tèt ou se pa w tout bon. Ni zanj, ni demon, ni syèl, ni lanfè paka retire l.'' 

~  Buddha

M ap transmèt tout sa mwen konnen, tout sa mwen aprann sou kijan pou nou kadanse konkèt tèt nou solid, sou pwisans rasin eritaj zansèt yo pou nou viv prezans total nou tout bon.

N ap leve konsyans mouvman nou toujou plis.

Se kesyon kilès nou ye epi kijan n ap grandi.

Se kesyon boujonnen ak fòs vanyans lanmou, respè ak lajwa fondamantal, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Okenn lapenn, ni fache, ni resantiman p ap janm jwenn plas pou gate jwisans jounen otantik tout bon sila a sou ritm kadanse esans sakre nou.

Pawòl pou ou...


Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥


Chemen lavi nou

Kadanse nou se chemen konkèt tèt mou pou nou pi byen viv prezans total nou.


Lavi mwen pran chemen mouvman kadanse esans sakre nou tout kote m pase ak nan tout sa m ap fè: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Mwen rekonèt chemen an toujou gen valè depi nou rete otantik ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou epi nou aprann pran plas nou avèk entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Kadanse sou ritm esans sakre nou, se elan vital, pou nou vanse sou wout richès byennèt ak lafòm total   entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Se yon demach entegral ki bezwen pou tout baryè atè: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Se yon vwayaj ki mande pran chemen entegrite ekilib ki toujou ap fèt sou tout wout.

Mwen chwazi pou mwem kadanse konkèt tèt mwen pou m vibre ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou, pou zèt mwen toujou reyonnen ak tout grandè li ak byennèt epi lafòm total entegral kapital. 

Konkèt tèt nou

Mwen chwazi pou mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m entegre toujou pi byen pwisans revolisyon kiltirèl toutotan ke espirityèl, sosyal, politik epi ekonomik ki se prezans total nou ak konsyans chak mouvman nan chak moman, toulejou.

Kadanse konkèt tèt nou se chemen pou nou viv prezans total nou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni.

Viv prezans total nou se reyònman pwofonde nou nan tout bagay. Fè reyonnen pwofonde enèji limyè nou se deplwaye vibrasyon esans sakre nou ki pa fèt pou ret antere, gaspiye.

Kadanse konkèt tèt nou nou se kannal resous total kapital fondamantal inivèsèl.

Nenpòt ki kote w ye, nenpòt ki pozisyon w nan lavi, kadanse konkèt tèt nou se baz natirèl pou bon jan kalite viv ak pwisans rèy chèfmèt tèt ou, lasante, elevasyon espirityèl, byennèt kò ak lespri individyèl epi kolektif, travèse dimansyon tan, epi plis toujou...

Kadanse konkèt tèt nou pèmèt pwisans prezans total nou toujou aksesib fasil. Kadanse konkèt tèt nou, se kannal pou nou touche pwofonde nou.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m kanpe konekte ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m.

Mwen depase 50 lane epi sous enèji vital kadanse mwen kenbe m pi djanm ankò pase lè mwen te gen 5 an.


* an anglè

** an fransè

Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m kanpe konekte ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m : Khefista Shemzoumot

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ! Mwen se Khefista Shemzoumot!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.