Boutik resous sila pwofonde pwisans konsyans ritm siblim kadanse prezans total nou

Kalandriye Sideral Kemetik, Rising Firefly Productions | KEBTAH COMMISSIONED BY GULMU 12 Prensip Bwa Kayiman | Ankèt antropoloji kiltirèl, zèv Pierre-Michel Chéry Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen depi nan ginen (kòfrè 4 cd dijital) ak Jafrikayiti

Konsyans ou nan tout mouvman reflete konsyans vibrasyon enèji ki nan tout bagay.

Konsyans ou nan tout mouvman mennen konkèt tèt ou nan tout ritm alenfini.

Chwa resous isit la vini avèk laswenyaj pou w byen anliyen prezans total ou ak konsyans esans sakre w.

Respè rit siblim kadanse prezans total ou

Ou jwenn ekilib enèji lavi w nan pi byen konprann rapò esans sakre nou, youn ak lòt epi lemonn antye, ak entegrite prezans total ou.

Boutik sila valorize enèji lavi nou ki fè pon pou nou pi byen kadanse esans sakre nou.

Enèji lavi nou deplwaye nan amoni kõ, tèt epi lespri nou ak mouvman lanati epi linivè. Se ak lakonesans sa nou anliyen ekilib enèji lavi nou nan tout mouvman nou ak tout levèy lespri nou. 

Chwazi resous annakò ak sa ou bezwen konnen oswa pi byen konprann pou w rantre pi fon nan lakonesans aklè.

Tout planèt la ap louvri chemen sou ritm entegrite w.

Jounen sila, se pou... 

  • louvri konsyans ou sou tout dimansyon ak memwa kò w sou sa ki nesesè. 

  • louvri kè w sou enpòtans koneksyon w toujou pi fò ak pwòp tèt ou.
     
  • louvri lespri w pou w apresye pi fò, pi fon, esans enéji lavi w, tout tan gen tan. 

Espas sila a se kote tradisyon kiltirèl kontre ak modènite

Si w rive isit la atoutaza nan fè rechèch, ou gen pou jwenn bèl trezò.

Nou pwofonde valè ak fòs koneksyon kadanse nou.

Valè tradisyon kiltirèl nan modènite epi benefis modènite jwenn nan tradisyon kiltirèl gen plis enpòtans pase tout konvansyon. 

Pran plas dofis pou w apreseye richès boutik resous pou nou pwonfonde rit siblim revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab nou

  • Ou sansib pou aprann sou diferans ak resanblans?

  • Ou vle obsève epi eksplore san limit?

  • Ou gen ouvèti pou fè vibrasyon w monte ak dekouvèt epi vizyon lemonn ki fouye verite tout bon?

Espas sila a ap ba w nannan pou yon vwayaj ekstraòdinè.

Atizay

12 Prensip Bwa Kayiman | Ankèt antropoloji kiltirèl, zèv Pierre-Michel Chéry
Kemetic Calendar Year 425 | Kalandriye Sideral Kemetik, Rising Firefly Productions | KEBTAH COMMISSIONED BY GULMU

Video

Deklarasyon entegral:
Mwen kwè nan onètete epi entegrite relasyon, opinyon ak idantite nou. Opinyon ki eksprime sou sit sa a se pwop pa mwen, sof si li deklare otreman. Mwen andose sèlman pwodwi ak sèvis ke mwen itilize e ke mwen kwè merite andosman mwen.

~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)

Kijan nou fè revolisyon vre? 

Ou konnen revolisyon pa fèt sèlman ak kò fizik.

Nou fè revolisyon vre ak fil veritab lyannaj nou. 

Boutik sa se, pou ede nou louvri baryè, pou nou kadanse esans sakre nou tout kote nou ye, tout tan gen tan.

Nou bezwen fè youn ak kadanse fòs konsyans nou aklè pou:

  • anrasinman pi byen epi ankraj nan fondas esans nou

  • lekout tèt nou ak kò nou, debarase de tout tansyon, estrès ou blokaj 

  • kouran enèji ki koule pi byen pou ogmante kapital sante nou epi fonksyon entèn nou. 
     
  • lajwa fondamantal nan kè nou epi je klè ak lespri nou

  • entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt nan chak moman devni nou

Enèji lavi nou tankou enèji linivè

Nou louvri lakonesans sou valè enèji ak fenomèn ki fè lawonn linivè. Konprann sik linivè a esansyèl pou konprann ekspresyon enèji jan li gen rapò ak kalite lavi nou.

Chemen lalin, solèye ak zetwal Syrius sitou montre nou kijan lavi a se yon kontinyte nan lawonn etènite. Lawonn ankontiyite aklè nan tout mouvman natirèl mete kaba tout istwa ki di mouvman lavi a se yon liy dwat.

Solstis sezon ivè ak ete montre nou yon moman kle nan sik jou ak lannwit ki se manifestasyon sik lanati nou ka wè aklè chak jou. Sa ede nou konprann lawonn tout bagay ki egziste nan linivè.

Aliyman ak sik lanati pèmèt nou viv ak amoni tout vitalite nou.

Kilti nan tout limanite onore sik k ap kontinye nan lanati epi selebre nan ak rekonesans tout fòs enèji fètilite latè k ap bay san mande rete.

Nou kadanse pou nou rekonèt lespri abondans Manman Latè epi pou nou toujou sonje pou nou byen pran swen li.

Fètilite latè se pi gran manifestasyon flanm dife enèji vital nou ki pa janm tenyen epi k ap ban nou fòs lavi toutotan nou pèmèt li. Lè nou viv an amoni ak latè nou anliyen amoni ak tout kosmos la.

Kalandriye Sideral Kemetic la se yon travay syantifik ki gen anpil valè ki demontre tout zafè sa yo epi ki bay enfòmasyon ki nesesè nan amonizasyon enèji vital nou an ak enèji tout sik linivè.

" Yon ti farinay lapli danse nan tout kò m... mwen chèche rèv lezòm... pou lavi fiti "

~   André Fouad

Boutik resous pou nou pwofonde konsyans pwisans prezans total nou pou konkèt tèt nou, se chemen n ap fè  pou nou benyen alenfini nan ritm integrite ekilib nou nan chak moman devni nou, rit pasaj ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo.

Kontinye aprann. Fè vibrasyon enèji lavi w, fòs gadyen esans sakre w, monte.

Khefista
| Grann Nan Listwa

revolisyon Kadanse nou

Apresye boutik resous pou nou pwofonde rit siblim kadanse prezans total nou

Kontni sit la - tout chemen yo


New! Comments

Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.