revolisyon kadansenou.com
Règleman sou enfòmasyon prive

Tilarenn Solèy ap resevwa ou. Mwen rekonèt vi prive w enpòtan. Dokiman sa a prezante kalite enfòmasyon pèsonèl mwen resevwa epi kolekte lè ou vizite revolisyon kadansenou.com, ansanm ak aksyon mwen pran pou pwoteje enfòmasyon w.

Mwen espere sa ap ede w pran desizyon eklere lè pou w pataje enfòmasyon pèsonèl avè m.

Sou revolisyon kadansenou.com, mwen fè tout efò pou m kenbe pi wo estanda respè, bòn kondwit, ekite ak entegrite nan tout operasyon. Menm jan tou, mwen angaje m pou mwen pwoteje enfòmasyon prive tout kliyan, konsomatè epi vizitè ki anliy sou sit entènèt sa a.

Enfòmasyon pèsonèl

Sou revolisyon kadansenou.com, mwen kolekte enfòmasyon ki idantifye pèsonèlman vizitè yo, sèlman sou yon baz volontè. Enfòmasyon pèsonèl sa yo ki kolekte sou yon baz volontè ka gen ladan, non, adrès lapòs, adrès imèl, non konpayi ak nimewo telefòn.

Enfòmasyon sa a ranmase si ou mande enfòmasyon nan men mwen, patisipe nan yon konpetisyon oswa konkou, epi enskri pou antre nan lis imèl mwen oswa mande kèk lòt sèvis oswa enfòmasyon nan men mwen. Enfòmasyon ki kolekte revize epi itilize pou amelyore kontni sit entènèt sa a, enfòme vizitè yo sou dènye mizajou, epi reponn kesyon ak demand vizitè yo.

Yon fwa enfòmasyon yo revize, mwen detwi yo oswa anrejistre yo nan fichye mwen. Si mwen fè chanjman enpòtan nan kolekte enfòmasyon ki idantifye moun pèsonèlman, mwen pral enfòme ou ak yon avi sou sit sa a. Enfòmasyon pèsonèl tout vizitè itilize sèlman pou revolisyon kadansenou.com epi yo pap janm vann oswa transfere a lòt òganizasyon.

Itilizasyon cookies ak alèt entènèt

Cookies yo la pou ede w pèsonalize eksperyans ou anliy. Cookies yo se idantifyan ki transfere sou disk di òdinatè w atravè navigatè entènèt ou pou pèmèt sistèm nou rekonèt navigatè w.

Objektif cookies yo se di sèvè wèb la ke w te vini nan yon sit pou yon premye fwa, oswa ou te retounen nan yon paj espesifik. Si w pèsonalize paj sit sa, oswa ou enskri pou yon sèvis ki ofri sou sit sa a, yon cookies pèmèt revolisyon kadansenou.com raple li enfòmasyon espesifik ou nan vizit ou fè apre yo.

Ou gen dwa aksepte oswa refize cookies yo. Ou chanje paramèt navigatè w pou sa fèt. Sepandan, si ou chwazi refize cookies yo, ou ka pa kapab pwofite eksperyans tout karakteristik entèaktif sit sila.

Yon beacon entènèt se yon fichye imaj transparan ki itilize pou swiv vwayaj ou sou yon sit entènèt oswa plisyè sit. Beacon yo refere yo tou kòm bugs entènèt. Yo itilize souvan pou sit ki pran sèvis ekstèn kontwole trafik. Yo ka itilize an asosyasyon ak cookies pou konprann ki jan vizitè entèaji avèk paj yo epi kontni nan paj yo sou yon sit entènèt.

Lè ou ap navige sou sit entènèt sa a, Google Analytics ak cookies piblisite ap sou òdinatè ou pou kolekte enfòmasyon demografik epi enterè jeneral, men nou pa matche cookies yo ak enfòmasyon pèsonèl ke w te bay. Si ou pa vle enfòmasyon ou kolekte via Google Analytics, ou ka itilize dezaktivasyon li... https://tools.google.com/dlpage/gaoptout/.

Règleman sou enfòmasyon prive konsènan piblisite ekstèn

Gen konpayi piblisite ekstèn ki ka itilize pou bay reklam sou sit entènèt sa. Konpayi sa yo sèvi ak cookies epi alèt entènèt pou yo konnen konbyen fwa ou wè yon reklam. Enfòmasyon ou bay ki idantifye ou pèsonèlman pa janm itilize nan cookies yo oswa alèt entènèt yo.

Piblisite ekstèn nou gen sou sit sa:

  1. SiteSell
  2. Jardins Lakou
  3. Google
    Google itilize Cookie DoubleClick pou bay reklam. Cookies sa a pèmèt Google bay itilizatè yo reklam baze sou vizit yo nan lòt sit sou entènèt la. Ou ka dezaktive Cookie DoubleClick lan si ou al vizite Règleman sou enfòmasyon prive Google ad and content network privacy policy.

Navigatè yo ka konfigire pou yo aksepte oswa rejte cookies yo otomatikman, oswa fè w konnen lè yon cookies mande plase. Lojisyèl konfidansyalite ka itilize pou ranplase alèt entènèt. Pran youn oswa lòt nan aksyon sa yo pa dwe poze okenn pwoblèm ak sit sa a, si se chwa ou fè.

Lwa sou Pwoteksyon Enfòmasyon Prive Anliy pou Timoun yo.

Sit sa a fonksyone an konfòmite avèk Lwa sou Pwoteksyon Enfòmasyon Prive Anliy pou Timoun yo. Mwen pap janm fè espre kolekte oswa itilize enfòmasyon pèsonèl nan men timoun ki poko gen 13 ane laj.

Enfòmasyon ki pa pèsonèl

Nan kèk ka, enfòmasyon sou ou ki pa idantifye ou pèsonèlman ka kolekte. Mwen itilize enfòmasyon sa a, ki pa idantifye itilizatè endividyèl yo, pou analize tandans, administre sit la, pou swiv mouvman itilizatè yo nan tout sit la ak ranmase enfòmasyon demografik sou baz ansanm itilizatè yo. Enfòmasyon ki kolekte yo itilize sèlman pou revizyon entèn epi yo pa pataje ni ak lòt òganizasyon ni pou rezon komèsyal.

Piblikasyon enfòmasyon

Si revolisyon kadansenou.com vin vann, enfòmasyon ou te bay volontèman sou sit sa a ka transfere bay nouvo pwopriyetè a kòm yon pati nan vant lan pou sèvis ou resevwa ka kontinye. Nan ka sa a, ou pral resevwa avi sou sit entènèt la ke gen chanjman nan kontwòl ak pratik yo, epi mwen pral fè efò rezonab pou asire m achtè a onore nenpòt ki demann dezaktivasyon ou ta ka fè.

Ki jan ou ka korije oswa retire enfòmasyon

Mwen prezante ou règleman sou enfòmasyon prive sa a kòm yon deklarasyon angajman mwen pou mwen pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou. Si ou te soumèt enfòmasyon pèsonèl nan sit entènèt sa a epi ou ta renmen ke enfòmasyon yo efase de anrejistreman nou, oswa ou ta renmen mete ajou oswa korije enfòmasyon yo, tanpri itilize paj Kontak la.

Mizajou epi dat efektif

Mwen rezève dwa pou mwen fè chanjman nan règleman sou enfòmasyon prive revolisyon kadansenou.com sa a. Si gen yon chanjman enpòtan nan pratik konfidantyalite, mwen pral endike sou sit sa a ki pratik ki chanje epi bay lyen règleman sou enfòmasyon prive a ki efektif. Mwen ankouraje w revize règleman sou enfòmasyon prive sa a regilyèman pou w toujou konnen ki enfòmasyon mwen kolekte epi kijan mwen itilize yo.

Kondisyon akò

Si ou pa dakò ak règleman sou enfòmasyon prive revolisyon kadansenou.com sa a, tanpri pa itilize sit sa a oswa sèvis ki ofri sou sit sa a.

Ke ou itilize oswa pran sèvis sit sa a endike ou aksepte règleman sou enfòmasyon prive sa a.

Tilarenn Solèy