Menm jan ak enèji rasin Pye Bwa Lavi a, jan nou parèt deyò, se jan nou pran rasin andedan. Pi piti ninik enèji lavi toujou file sou tout kouti tout tan epi se konsa rasin sivilizasyon Kemetik nan memwa zansèt nou yo file nan souf lavi nou pou konsyans eritaj vivan inevitab limanite travèse tout tan ak espas, tout tan gen tan.
Nou ka toujou la, youn pou lòt, ak enèji pozitif kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni.

Kè mwen onore kè ou.
Mwen onore nan ou kote tout linivè pran plas li.
Mwen onore prezans ou, entegrite, detèminasyon grandi w, limyè, lanmou, laverite, imilite, respè ak serenite andan w, paske yo andan m tou.
Nan pataje tout sa, nou se youn ak kadanse lavi a.
Nou ini ak enèji lavi nou.
🌿 Navigasyon ♥
Mwen se oumenm epi tout moun ki vin konekte avèk nou, yon jan ou yon lòt, pre tankou lwen.
Eske w kwè nan abondans avèk lanmou epi entegrite, amoni konsyans mouvman nou, konpreyansyon pwofondè pwòp tèt nou, atravè ekilib nan mouvman nou, respè nan rapò nou youn ak lòt epi kilti byennèt kè ak nanm, kò, tèt k lespri nou?
Se konsa mwen wè aklè, mwen menm avè w, chak jou ak plis fòs.
Chak ti mòso pawòl nou pataje, se yon eleman kle nan fondas pye bwa lavi nou k ap boujonnen oubyen yon pousyè zetwal k ap klere chemen an pi plis toujou.
Nou kapab kreye lakou byennèt ak richès pou tout jenerasyon. Nou kapab kadanse an amoni ak enèji vital nan tout pwofonde esans sakre nou pou nou jwenn fòs gerizon tout bon.
Tout sa ou bezwen tou pre anndan w pou w toujou kenbe ekilib boulòn ti katkat ou.
Tou pre pou w rekonèt pwisans kadanse esans sakre w.
Tou pre pou swen tèt ou ki fè w dibyen pou w rive jwenn bon jan gerizon.
Tou pre pou w entegre vitalite prezans total ou ak konsyans ou se gadyen esans sakre kadanse nou.
Nou nan senplisite natirèl tout sa ki otantik ak zòrèy epi lespri nou toujou atantif.
Nou nan senplisite natirèl alekout ak kè nou leje nan laverite.
Nou leve kanpe ak fòs rasin eritaj vivan inevitab nou nan nannan sivilizasyon kemetik ki toujou prezève nan tè manman limanite.
Nou se youn lè nou prezan, nou aprann apresye epi entegre pwisans enèji lavi nou ki konekte ak linivè. Se baz vibrasyon byenèt emosyonèl, fizik epi espirityèl nou.
Se baz pou nou tabli valè sosyal epi ekonomik djanm pou tout jenerayon.
Lè w konprann li byen, esans sakre kadanse w ak respè, je klè epi entegrite konkèt tèt ou, kenbe pouvwa revolisyon toutotan sosyal, politik epi ekonomik ke kiltirèl epi espirityèl.
Konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou mennen limyè k ap klere lwen. P
ye bwa lavi nou ap pouse epi boujonnen ak vibrasyon esans sakre nou tandike rasin nou ap vin pi solid.
Nou se youn pou nou rekonèt byenfè kadanse prezans total nou tout kote, epi anplis, nan chemen ki pa deja trase aklè pou je nou.
Nou se youn pou nou viv chalè chak moman anliyen ak kadanse pwisans esans sakre nou nan lajwa fondamantal prezans total nou ak ekilib epi entegrite alawonnbadè.
Annou tabli lakou byennèt ak richès entegrite, yon moun alafwa, toujou konsekan nan tout nivo... jwèt timoun chaje ak lanmou!
Ou bezwen kadanse ritm souf vital ou ak respè, je klè, ekilib epi entegrite absoliman pou reyònman amoni nan chemen lavi w.
Kadanse esans ou ak fòs gadyen esans sakre kadanse nou, pwisans vital enèji sakre w epi kle metrès prezans total ou.
Ou se yon eleman ki pou fè boujonnen revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj inevitab nou, kòm gadyen esans sakre kadanse nou.
Depi plis pase 20 lane nan kouti ak meditasyon pou rive nan inisyasyon fondamantal pou nou louvri sou revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab nou kòm gadyen esans sakre kadanse nou, se baz solidarite entènasyonal ak valè ki ankre nan respè tèt nou, lanati epi linivè, ki pou donnen.
Kadanse sila a, se lanmidon lakòl pou kenbe nou ansanm djanm, solidè, nan tout sa n ap fè.
Kadanse sila a, layite nan tout kè nou, anndan nannan nou, nan fon zantray nou.
Kadanse sila a, se fòs pou nou sanble kouray nan menm dyakout, kole zepòl pou tabli, vanse, pwogrese, fè reyònnen, manifeste tout fòs nou an gadyen esans sakre kadanse nou, tout bèlte, tout enèji, ki lakay, nan zantray nou.
Kadanse sila a, se pou nou pataje, pou nou soutni youn lòt
Kadanse sila a, pa dwe ret antere, gaspiye...
Khefista
| Grann Nan Listwa
revolisyon Kadanse nou
New! Comments
Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.