Pouki sa mwen pa chante epi danse ankò?

Monique Dauphin
(Montréal, Québec, Canada)

Monik! Nan kè mayifik jounen espirityèl ou, epi nan kè bèl mouvman espirityèl enkontounab pou limanite w'ap selebre, pa bliye boulòn ti katkat ou, pou'w danse nanm ou pi byen, pi fò, alawonnbadè....

Monik! Nan kè mayifik jounen espirityèl ou, epi nan kè bèl mouvman espirityèl enkontounab pou limanite w'ap selebre, pa bliye boulòn ti katkat ou, pou'w danse nanm ou pi byen, pi fò, alawonnbadè....

Pa pi lwen ke jodi a, mwen tanmen yon refleksyon sou renmen danse. Mwen te renmen danse, mwen te toujou ap chante epi danse. Lè m t gen 14 rekòt kafe sou tèt mwen, se te yon twoup dans ki te rele Yanvalu klèb mwen ak kèk jenn tankou m te mete sou pye pou pèmèt noumenm ak lòt jwenn yon espas pou chante epi danse. Chak dimanch nou te tanmen yon festival ak gwoup mizik papa m, nan premye pati festival la.

Dezyèm pati a se te Yanvalou klèb ki t ap frape tout kalte dans vodoun: Yanvalou, Kongo, Ibo, Nago elatriye. Nou te danse tou bèl mizik mereng dous ak lòt. Tout bouk Gwomòn te kanpe chak dimanch pou te patisipe nan kokennchenn aktivite sila a.

Jou jedi se te jounen anba pye mango papa m, nan Fon Ibo, aktivite ki te sèvi pou rekonpanse atis yo ki pat janm jwenn lajan pase se pat koze lajan nou ta p regle. Bèl plezi, anpil ri ak kase kout ri nan plonje nan dlo, manje mango ak kann, rakonte listwa, bèl manje, bwè, kache pou bay ousnon resevwa premye tibo. Fòk papa m pat wè sa non pase nenpòt ti medam li ta bare ap fè koze sila, t ap pase move kadè ak nèg lòd sa a.

Mezanmi mwen pa chante ni danse ankò. Pouki sa? Èske se laj, pwoblèm, doulè, kè pa kontan, pa gen lajan, twòp okipasyon? Pouki sa m pa chante danse ankò m mande? Edem jwenn rezon an non.

Kounouye a mwen nan retrèt, mwen ta sipoze retounen fè sèten bagay esklavay travay pat banm tan pou m te fè. Antouka mwen pra l chache fouye zo nan kalalou pou m jwenn vre rezon ki fè m sispann chante ak danse a epi kwape pichon sa a nan rekomanse chante danse tande! Abobo!

Comments... Commentaires... Kòmantè...

Average Rating... Moyenne des évaluations... Mwayèn evalyasyon yo... starstarstarstarstar

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

Nov 08, 2015
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Reveye ti jenn fi ki toujou nan kè w
~ Tilarenn Solèy

Monik! Mèsi anpil deske ou pataje avèk nou bèl souvni w ap reviv avèk kè kontan.

Al fè yon ti pale ak ti jenn fi ki toujou la toupre, sou kè w. M ap tann ou di m sa li di w...

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

* Join in and write your own page! Simply click here to reach the form you need...
** N'hésite pas et écris ta propre page ! Clique ici pour accéder au formulaire qu'il te faut...
*** Pa ezite ekri paj ou tou! Jis clike la pou w rive sou fòmilè ou bezwen pou sa...