Aprann kadanse enèji lavi w ak rit sakre esans enfini memwa lespri w


                    

Pou aprann kadanse rit enèji lavi w, ou kite nanm ou vibre, san jijman.

Rit esans enfini enèji sakre kè, nanm ak lespri w manifeste ak vitalite konsyans chak mouvman w.

Enèji sakre konsyans kadanse esans ou konekte w ak linivè pi fò pase tout lòt aktivite ki egziste.

Rokia Traore - Dounia/ Konsyans Prensip sakre enèji lavi kote jou ale, jou vini

Enèji mouvman nou kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou 

Yon senp kouran enèji vibre, touche zantray, kè, estomak, pye, tèt, zepòl ak men nou. 

Lespri nou vin leje. Se rit. Se mouvman. Se enèji latè ki rekonèt kò nou anmouvman.

Enèji yo sikile, kouran lib. San sikile fasil.         

Tout fonksyon intèn nou anmouvman epi chak grenn patikil nan kò nou konekte ak esans enfini nanm nou. 

Se enèji konsyans kadanse esans sakre nou ki senkronize ak rit esans enfini nanm nou epi lyen nou ak linivè. 

Se enèji pou lafòm total kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou. 

Enèji sakre mouvman nou fè kò ak kè nou

Se Mèt Kò Ki Veye Kò! 

Pwovèb kreyòl sila pran tout sans li avèk konsyans kò nou se yon repozwa, kò nou se yon tanp.

Nou bezwen ravive senp sajès tradisyon epi sonje, pa sèlman kouman, kijan epi poukisa, men santi pouvwa yo nan fondas konsyans nou.

Nou bezwen konprann kisa pou nou kenbe fò pou nou viv ekilib epi amoni ak tèt nou, anvironman nou, epi linivè.

Kadanse nou se sajès ki fè kò ak kè nou. Kouran enèji konsyans mouvman nou pran fòm nan kò nou. Kouran enèji konsyans mouvman nou bay kò nou konsyans fòs espirityèl nou. Kouran enèji konsyans mouvman nou lemante nou ak lakonesans fondas zantray nou epi pwisans enèji lavi. 

Enèji lavi w ak rit sakre esans enfini kè, nanm ak lespri w

"Koute chante w epi kadanse rit enèji sakre esans ou"

~ Tilarenn Solèy

Nou mete nou anmouvman ak senplisite menm jan nou pwofonde pwogrè natirèl lè nou timoun piti.

San jijman nou...

  • pran bonjan plezi ap obsève

  • pran lakontantman apresye nèt tout sa ki mete nou nan bon santiman

  • plonje san rete nan aprann

  • entegre tout bagay ak tout kè ak nanm nou, kò, tèt ak lespri nou toutotan n ap nouri zèt nou

  • kite kò nou pale alèz nèt

Sa se yon verite ki pap febli toutotan tout fòs bezwen konnen nou ak limyè kreyativite nou byen nouri. Epi menm otreman...

Ou kadanse?  Eske nou ka aprann kadanse?

Se yon bagay natirèl! Nèspa?

N ap aprann chak jou ak fyète, lakontantman ak lajwa nètale.

Anmenmtan, nou konn tande moun ki di, ou petèt ou se youn nan moun ki di: "Mwen pa ka danse"

Se pa sèlman mwen menm ki deklare: "Ou ka mache! Ou ka danse!"

"Nou se sous lavi, lè nou kadanse esans sakre nou ak kè nou leje"  

~Tilarenn Solèy

Gen moun ki pa ka mache epi ki ka danse.

Yo kadanse ak bra yo. Yo kadanse ak tèt yo.

Yo kadanse nan tèt yo.

Yo kadanse ak silans, frekans mouvman yo ap vibre anndan yo.

Epi sa fonksyone!

Enèji a la, lajwa a, koneksyon an, tout la!

Kadanse nou se rit nanm nou anmouvman.

Aprann kadanse nou epi bay leson

Nan aprann kadanse nou epi bay leson, nou se kanmarad nan yon moman enfini ak...

  • vwa enteryè nou,
  • mouvman enteryè nou,
  • kreyativite enteryè nou,
  • verite enteryè nou.

Anviwònman aprann kadanse nou epi bay leson aji sou kèlkeswa kadanse a.

Kòm vèvèy mèvèy vivan epi tankou tout sa k ap viv, pa gen chape senbioz ak anviwònman nou

Konsa tou, aprann nan klas oswa sou entènèt, kòm timoun, kòm jenn oswa granmoun, kote ki gen fokis antrennman, nan rityèl kadanse nou oswa retrèt gerizon, tout mennen eksperyans ki aji sou plisyè dimansyon.

Chak anviwònman kote nou aprann gen enteraksyon mouvman pa li avèk kesyon epi repons kò nou.

Ak rit esans kadanse nou, aprann kadanse toujou fasil; se yon senp kouran enèji anmouvman.

Kadanse nou, rit ak kilti nou

Nou bezwen rit pou nou kadanse.

Nan tout kilti, rit aji sou kalite lavi nou menm jan kè aji sou kò.

Alòs, kwè m pa kwè m, kadanse nou se kadyomèt lakilti ki bay fòs ak kalite batman kè li.

Antropoloji kiltirèl ak etnoloji kadanse nou pwofonde valè aprann nou

Antropoloji kiltirèl modèn se yon domèn rechèch nan syans sosyal sou koutim yon sosyete.

Domèn sa a gen orijin li, epi vin devlope sou enpak etnoloji nan 19e syèk.

Etnoloji se konparezon jan pèp òganize nan sosyete li.

Nan etnoloji kadanse nou kòm branch antropoloji kiltirèl, nou etidye sa ki parèy ak sa ki pa parèy nan kilti chak pèp baze sou eritaj kadanse tradisyon plisyè kominote.

Konesans sila louvri vizyon pwofesè tankou etidyan. Konesans sila chaje ak nivo konsyans epi bon zouti pou nou travay fòs memwa kò nou. Konesans sila ban nou plis nannan pou nou pwofonde pwogrè nan bay leson kadanse nou epi aprann kadanse.

Enèji sakre kadanse nou kenbe kouran enèji lavi nou

Ou vle viv ekilib ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri w? 

Kadanse ak esans mouvman w!

Kadanse esans mouvman w kenbe vibrasyon sakre ki konekte w ak rit esans enfini nanm ak lespri w. 

Ou fè eksperyans lan! Ou konnen! 

Otreman, ou ka pa kwè m sou pawòl. Alòs, fè tèt ou konfyans.
Kite kò w fè kò ak kè w! Kadanse! Viv sansasyon an! Se senp! 

Ak menm senplisite a, nou onore byennèt kè ak nanm, kò, tèt, ak lespri nou.

Sa nou onore, toujou sakre. 

Tout vibrasyon kadanse esans mouvman nou ki konekte nou kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou epi linivè, epi bon jan swen tèt nou, toujou sakre: Se toujou enèji sakre.

Kadanse mouvman w kenbe vibrasyon sakre ki konekte w ak rit esans enfini nanm ou

Kadanse tradisyon kenbe kouran enèji sakre konsyans mouvman nou

Eske se etonan ke nan tout tradisyon ak tout kilti, anpil nan repètwa ki enpòtan lye ak lespri divinite, rit pasaj, fòmasyon pou swen tèt nou epi swen espirityèl?

Enèji lavi ak rit sakre konsyans mouvman nou pran rekonesans aktyèlman nan tandans popilè tankou retrèt pou swen tèt nou.

Lemonm modèn toutfwa, pa fè ka sou pouvwa kadanse mouvman abityèl epi banal detoulejou. 

Tandike, pèsonn pa p ka janm nye ke lè nou bay kò fizik nou swen, ak senplisite konsyans natirèl nan kè nou, nou bay tèt, nanm ak lespri nou bon jan swen tout bon vre anmenmtan.

Aprann kadanse enèji lavi w ak rit sakre esans enfini memwa lespri wa

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.