Gadyen esans sakre kadanse nou jounen jodi a...


                         

Nou tout pote anndan nou esans divinite nou se eritye. Yon fòs sakre elemantal. 

Nou se apranti lavi ak lanmò. Nou gen tout kapasite gerisè nou ka voye monte.

Nou se fòs sakre elemantal. Esans kè orijin nou, esans sous epi souch rasin nou, ban nou souf esansyèl pou nou depase tout sa ki ta limite nou.

Nou pote anndan nou esans nati sakre nou ki konnen tout bon tout grandè nou pou nou depase tout sa ki ta limite nou epi nouri kapasite reyònman total nou.

Konsyans pwisans pouvwa fòs sakre enteryè nou ak esans sakre kadanse nou fondamantal pou retabli ekilib epi entegrite sezon lavi nou ki konpwomèt.

Ou fè youn ak latè, linivè epi lenfini. Ou se kreyasyon ankontinyite. Ou gen tout kapasite gerisè ou ka voye monte. Lanmou se lwa w. Respè, entegrite ak lajwa fondamantal se zam ou.

Ou pran epi mennen chak jou san reprezay, san pè. Ou kite sèlman lajwa lanmou, respè, entegrite, disiplin, klate pran fòm.

Ou bay epi ou resevwa benediksyon toutotan w ap pran swen tèt ou pou konkèt tèt ou epi ou mache nan lanmou, bienveyans ak lespri abondans nan tout sa ou di epi tout sa ou fè.

Nou se Youn.

"Se Mèt Kò Ki Veye Kò"

~   pwovèb kreyòl

Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Jan mwen koute lapèl pou ekilib ak entegrite kadanse lavi nou vin louvri lespri m, sa gen plis pase 20 lane, pou m travay sou reyònman nosyon gadyen esans sakre kadanse nou k ap fè lyannaj ant chak grenn moun ak esans sakre lavi nou.

Sete nan epok la yon evidans nan nannan nanm mwen. Jodi a, se yon egzijans enkontounab.

Bezwen nan tan an te pou pwouve egzistans mwen ki gen souch li nan gran sivilizasyon pwogresis ki se eritaj filyasyon m ak zansèt yo. 

Konviksyon jodi a, se ke tout moun dwe rekonèt ankraj nou ak fòs esans zansèt yo ki depase tan, ki toujou la nan mezi nou pare. Nou tout se gadyen esans sakre lavi nou.

Sivilizasyon endijèn, kemèt / nibyen epi karayib, kenbe anndan yo esans sakre kadanse lavi nou tankou yon flanm ki pap janm tenyen.

Mete plis limyè sou fòs esans sakre nou epi montre aklè reyònman kilti nou se eritye, se favorize monte nivo konsyans tout moun.

Lè nou kenbe flanm gadyen esans sakre kadanse nou, apresye li, fè kò ak li avèk lanmou, respè epi entegrite, nou asire ekilib ak entegrite nan tout sa n ap viv, pou tèt nou epi pou tout limanite.

Sitèlman plis pase voye vanyans monte

Kòm mwen fèt Ayiti, mwen pote rasin endijèn, kemèt/nibyen ak karayib nan kò mwen, nan zantray mwen.

Revelasyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou an vin enpoze li pandan etid lang ak vèvèy atizay mwen nan Inivèsite Otawa. Alòs, mwen te plis nan bibliyotèk pase nan klas. Pou kòz...

Bèl bibliyotèk gran enstitisyon Inivèsite Otawa te ranpli ak dokiman sou listwa vèvèy ak kilti endijèn, kemèt/nibyen epi karayib. Yon pakèt richès anverite.

Men kwè l, pa kwè l, pa te gen anyen nan fòmasyon inivèsite a, teyorik tankou pratik, sou istwa vèvèy atizay ak kilti endijèn, kemèt/nibyen epi karayib, tankou si yo pa te gen egzistans pwòp yo.

Eta bagay sa a, te vin chèche m byen lwen; lemonn pale aklè swadizan mwen pa genyen egzistans pwòp valid. Kòm nou konnen Nou se Youn, mete lòd esansyèl.

Mwen pran desizyon mwen dwe mete limyè sou limanite nan tout entegralite li. 

"Yon fanm an amoni ak lespri l, se tankou larivyè k ap desann. Li mache kote pou l ale san pretansyon epi li rive kote l gen pou l rive
pare pou li chèfmèt tèt li san kondisyon."  

 Maya Angelou

Se sa ki fè chita pale sa sitèlman plis pase voye vanyans monte.


Nou tout se endijèn

Eske w konnen nou tout se endijèn?

Pèp endijèn simaye nan tout kontinan sou planèt la.

Tout moun gen konsyans ke pèp endijèn viv anpil diskriminasyon pou mete yo ba nèt jiska elimine yo. Anpil kote, sa senble yon reyisit annaparans.

Tout moun ka wè ke andepidetou, pèp endijèn rive kenbe vivan esans kilti zansèt ki se eritaj yo.

Memwa eritaj san pèp endijèn viv nan chak grenn moun.

"Moun ki pa ka renouvle nesans li ap pare lanmò li"

 ~   Bob Dylan

Revolisyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Fondas revolisyon Gadyen Esans Kadanse Nou se yon rechèch aksyon ki gen pou baz revandikasyon entegrite listwa limanite epi rekonesans valè fondamantal chak moun, chak pèp.

Entegrite sa a, nou ka rekonèt li nan fon zantray nou.

Entegrite sa a vin monte nivo konsyans nou ke nou nan malè paske nou pa nan konnen pou nou kadanse lanmou, respè ak entegrite

Entegrite sa a, se mouvman pou nou tout konnen tout bon chemen revolisyon kadanse lanmou, respè ak entegrite, gadyen esans sakre kadanse nou.

Revolisyon kadanse lanmou, respè, entegrite

Gadyen esans sakre kadanse esans sivilizasyon nou se chemen dofis mouvman revolisyon kadanse lanmou, respè, entegrite. Nou sèvi ak eritaj lakonesans sajès zansèt yo, anpatikilye rasin kadanse esans kilti endijèn, kemèt/nibyen epi karayib.

Rasin sajès zansèt yo ap ede nou nan pran konsyans mouvman sakre fondamantal pou nou rekonèt esans nou, esans divinite, pou ekilib ak amoni alawonnbadè, mouvman tout moun ak tout sivilizasyon ki gen nanm dwe mennen.

Rasin sajès zansèt yo ap ede nou nan mouvman nou dwe mennen pou pratik pi byen viv pou tout moun, pou tout jenerasyon epi pou ekilib ak entegrite alawonnbadè nan lemonn antye.

Mouvman Revolisyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Mouvman Revolisyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou se yon mouvman vital.

Vizyon nou gen pou baz eleman sa yo:

  • aprann, aplike, pataje pou enfòmasyon, konsantizasyon epi mobilizasyon

  • estrikti pou pataj lokal epi entènasyonal k ap ankouraje difizyon eritaj rasin zansèt yo

  • sant rechèch pou alimante bezwen pataje lakonesans eritaj rasin zansèt yo

  • fòmasyon sou kadanse nou ak vèvèy pèfòmans epi atelye sou pwisans prezans total nou atravè konsyans ke nou se gadyen esans sakre kadanse nou

  • modèl boutik ekitab epi biznis pwogresis tankou modèl jenerozite **Daana a

  • Konplèks imobilye ak rezidans, boutik, teyat, estidyo, baji, elatriye, pou materyalize echanj ak pataj

mouvman revolisyon kadansenou.com, louvri pòt sou nannan vizyon Mouvman Revolisyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Prensip Esans Sakre Kadanse Nou Nan Lemonn

Nou louvri lakonesans mouvman sakre fondamantal nan lemonn.

Nou pran chemen pou nou rekonèt esans divinite nou se desandan pou nou entegre esans sakre nou ak plas nou dofis pami tout prensip sakre nan lemonn.

Ayiti : Prensip Bwa Kayiman

"Tanbou rada gen yon son pou-l ba-w Lè kè nèg isit kontan vre pitit"

~  Feliks Moriso-Lewa (Dyakout) 

** an fransè

Gadyen esans sakre kadanse nou jounen jodi a...

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadans ou! 
♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma
prezans total nou depase rèv nou alenfini | pleine présence au bout de nos rêves à l'infini | mindful presence beyond our wildest dreams to infinity


ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou. Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, nan mouvman revolisyon swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Se mouvman revolisyon kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib epi entegrite alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.
Nou tout kadanse lavi ak tout nan tout. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi. Mouvman revolisyon prezans total ou se sous lanmou, ekilib ak entegrite alawonnbadè depase tan pou nou pi byen viv.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse lanmou, ekilib ak entegrite alenfini.

Onè Nana nou! Onè Baba nou! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Nou louvri pòt. Nou ede nou mete tout baryè atè. Nou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif. Nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite alawonnbadè.

Nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre prezans total nou. Nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm. Nou ede nou konprann tèt nou pou nou pa janm pè. Nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann jwenn toujou plis lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite.

Nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri. Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon lanmou, ekilib ak entegrite, fòs gadyen esans sakre kadanse nou, pou tout jenerasyon.

° Kadanse prezans total nou - moman majik/ | ° Danse ta pleine présence - moments magiques/ | ° Dance your mindful total presence - magic moments/ | revolisyon kadansenou.com

Kòmantè! Commentaires! Comments!

 Pataje lide w/ Partage tes pensées/ Share your thoughts


                         


New! Comments

Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.