Nan devosyon kadanse lapèl zansèt Ayiti, nou jwenn pi gran memwa ki egziste; memwa kò nou, memwa san nou, memwa zantray nou.
|
Fèt chanpèt Limonad, Ayiti | Medam yo voye monte kadans ritm kongo, pratik tradisyon kadanse Ayiti ki ankre nan filizofi vodou.
Video K’onBeat Productions | Shot in Limonade Cap-Haitian - Circa 2013 ©Ralph Dupoux |
Nou dwe konprann ke tradisyon kadanse nou se yon eleman fondamantal nan tout kilti toupatou nan lemonn.
Pèsòn pa dwe sezi tande pwisans enèji kadanse nou kenbe.
Nou mèt vire l jan n vle, rejte l, aksepte l, bliye l, demonise l, onore l, li ret la tankou tout verite; yon evidans. Tout moun ki branche sou evidans sa a, ki pran vibrasyon devosyon kadanse tradisyon nou, kadanse esans sakre nou, touche yon nivo konsyans ekstraòdinè kanta koneksyon nou avèk tout sa ki egziste nan linivè.
Devosyon kadanse lapèl zansèt Ayiti kontre ak devosyon pou tradisyon nou sou chemen jwenn lonbrit rasin nou ak memwa kò nou, memwa san nou, memwa zantray nou.
Mwen se pitit imigran ane 70 yo nan Kanada.
Se nan devosyon pou tradisyon kadanse lapèl zansèt Ayiti mwen vin jwenn chemen lonbrit rasin mwen.
Nan chèchè lavi miyò, papa m ak manman m sanble konprann ke tout sa ki pa yo menm miyò pase yo. Antouka, se mak sa yo kite pou mwen.
Men... Ay ya yay... kè m revòlte, kò m revòlte !
Video mapouginen : Nou Se Ibo - Ecole de danse Mapou Ginen @mapouginen | 5e edisyon espetak elèv lekòl kadanse nou Mapou Ginen
Mwen vin konprann ke sa n ap chèchè ak tout nanm nou se sa nou jwenn.
Konsa, mwen jwenn ak memwa kouche nan liv. Mwen jwenn ak medam k ap chèchè sa ki pou nou, tankou mwen. Nou rasanble. Nou mete nou sou chemen lakonesans.
Nou jwenn ak yon dam, Dulia Berthaud, ki gen konsyans valè kilti nou epi ki gen jenerozite transmèt nou tout sa li kapab nan tradisyon kadanse Ayiti.
Kò mwen reponn prezan. Nanm mwen reponn prezan.
Mwen kadanse ak tout fyèl zantray mwen lapèl tradisyon zansèt Ayiti ki plante rasin yo nan filozofi Vodou.
''Bay kou bliye, pote mak sonje''
~ Pwovèb kreyòl
Video Agbafrick Cultures :2G GUEDEHOUNGUE FESTIVAL AFRICA VODOUN @agbafrickcultures6562
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Nan chèchè konnen ak chèchè konprann, mwen leve dra sou siyifikasyon chak rit mwen jwenn pou mwen sa dekouvri lespri yo ti mòso pa ti mòso.
Richès sila, pou nou byen konnen li, pou nou byen konprann li epi byen layite li, se travay tout lavi, se travay sou plisyè jenerasyon...
Mwen mete kouraj mwen devan pou m bwote nan espas sila a enèji vital ki nan san mwen ak tout sa mwen jwenn epi tout sa mwen gen pou m jwenn nan chèchè konnen.
Mwen angaje m pou m pataje lakonesans mwen sou kadanse nou ak reyònman yo nan tout kilti sou planèt la. Se sous byennèt natirèl pou nou pa janm neglije.
Mwen envite w pataje defi kadanse esans ou.
Video KANIS : KANIS - Pitit Te a feat. Danola (Official Video) NISKA @KANISOFFICIAL | kanisofficial.com
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Khefista
| Grann Nan Listwa
revolisyon Kadanse nou
New! Comments
Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.