Kadanse m kenbe m byen manbre ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m

Akèy: Mouvman Revolisyon Kadanse Nou Avè w > Apwopo de mwen - kadanse m: Tilarenn Solèy Kadansenou (Turenne Joseph) | Pou pitit gason m, pitit gason nou ak pitit fi nou, oumenm, anmenmtan n ap bay zansèt nou onè...


                         

Kadanse m se chimen pou m rekonèt fòs ak pwisans vwa mwen.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou mwen pi byen viv konsyans chak moman nan lajwa fondamantal prezans total mwen.

Mwen se Tilarenn Solèy Kadansenou, apranti etnoloji kadanse nou, apranti sou chimen Kemèt, pitit Meritah

...Yo te konn rele m tou Turenne Joseph

Ti chape sou biografi mwen

Mwen kadanse kè ak nanm mwen, mwen viv ke, epi konnen, m se esans moun total tout bon.

Mwen se apranti etnoloji kadanse nou. Mwen se apranti sou chimen Kemèt kòm pitit Meritah. Mwen fèt pou misyon etnoloji kadanse nou sa m ap deplwaye. 

Mwen se yon sèl manman. Se mwen k frape, se mwen k reponn kòm potomitan fanmi an sou wout volonte m ak tout konsyans mwen epi sibkonsyan m. Mwen deklare byen bonè nan moman adolesans ke m vle gen timoun men m pa vle gen mari, malgre rèv lanmou yon konpayon.

M ap deplwaye kapasite m pou m sèvi nou tout, depi fòs nesesite m wè, pou nou voye monte vibrasyon esans sakre byennèt ak lafòm total nou, individyèl epi kolektif, avèk entegrite.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen paske se chwal batay mwen depi m piti, paske li toujou ban m elan pou m kadanse lavi a ak tout vitalite m, andepi de mak san valè, moun atravè kilès mwen louvri je sou tè sa a, depoze sou mwen.  

Mwen kadanse kè ak nanm mwen, mwen viv ke, epi konnen, m se esans moun total tout bon.

Pearl Primus kominike konpreyansyon mwen byen...

''Olye m grandi krochi anndan mwen tankou yon vye pye bwa defòme, mwen kadanse kolè m ak dlo nan je m.''  

 Pearl Primus

Apenn mwen aprann mache, mwen defye tout sa ki kanpe sou wout mwen pou m al nan bal kay granparan patènèl mwen.

Ti jenn famm, mwen pran leson balè jaz epi mwen reve kadanse ak pwofesyonèl tankou Louise Lapierre, Eddy Toussaint, Alvin Ailey...

Gran jenn fi, nan kadanse repètwa filozofi vodou, mwen reyalize ak emèvèyman rit kè m ak rit tanbou se youn, vibrasyon rit orijin mwen se refleksyon nanm mwen. Mouvman nan repètwa filozofi vodou, ak sa yo vle di, fè m rekonèt esans fondas mwen jouk nan zantray mwen.

Se konsa, plizyè jenn avè m nou vin fonde, mouvman kadanse nou, Gwoup Kiskeya. Nou kole zepòl pou nou viv bèl mèvèy kadanse konkèt tèt nou. Plis nou aprann kadanse orijin nou, plis nou reveye konsyans pwòp tèt nou epi reyalize bèl sinèji solidarite.

Nou plonje kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou nan sous lakonesans depase tan, repètwa filozofi vodou, ini pandan 10 zan.

Twa epizòd enpòtan vin travèse tankou bouldozè, kadanse m, sous lajwa konkèt tèt mwen alenfini, sous pran chimen reyalizasyon ki moun mwen ye tout bon. 

Apre nesans dezyèm pitit mwen, pi bèl kado lavi a, mwen pran yon gwo chòk trayizon epi viv yon poukont mwen frèt sèk; patènite biolojik rejte epi zanmi gaye, vin pèdi, nan endiferans.

Nan peryòd ti jenn gason premye pitit mwen, mwen te fè fas ak wout ki pi difisil li te sanble m lè sa a, nan anbiskad sosyete sou kesyon lafanmi, lavi sosyal, ekonomik, marijuana epi pwoblèm rasyal.

Nan lavi pwofesyonèl mwen, kòm yon ajan planifikasyon finansye ak Group Investors, mwen vin kole nan labirent biznis san figi.

Odela, kadanse revolisyon lanmou ak respè ankre nan lapèl nanm mwen. Mwen te kòmanse reponn ak Gwoup Kiskeya. Gwoup Kiskeya, se premye ekspeyans biznis nan dyakout mwen. Gwoup Kiskeya, se motè bèl vizyon reyònman entènasyonal Mouvman Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou.

Mwen kòmanse aktivite entènèt sa a nan mwa septanm 2011. Mwen vin konprann pawòl sere ke m toujou gen pou pataje abite m depi tout tan. Mwen te kòmanse mete koze yo deyò nan lane 1992 nan kontèks yon kou franse fòmasyon pwofesyonèl sekretarya ke mwen t ap swiv dapre rekòmandasyon frè m, tandiske mwen te plis enterese nan pwogram kontablite ki te ofri nan menm enstitisyon an.

Tout bon vre, etensèl lèvey la monte nan lane 1988 pendan m ap etidye atizay vizyèl ak literati fransè nan inivèsite apre echèk mwen te pran nan etid byoloji. Sete yon peryod ki te kòmanse nan ane 1986 kote mwen t ap esaye anliyen m ak rèv jenès mwen. 

Mwen te chwazi byoloji pou mwen ka pouswiv etid nesesè jouk mwen rive doktè pou timoun. Mèzalò apre echèk, mwen vin chwazi etidye atizay vizyèl ak literati fransè pou mwen rive mèt lekòl atizay epi ekri liv pou timoun. Anmenm tan, mwen t ap etidye tou nan Ottawa School of Arts epi fè travay modèl vivan pou mwen entegre pi plis milye a. 

Nan menm epòk la, mwen fè eksperyans tou nan plizyè domèn pèfòmans atistik avec Groupe de la Place Royale. Yon ti moman apre, en 1987, Gwoup Kiskeya vin pran fòm epi nou fè bèl mèvèy pandan 10 lane

Avèk nesans premye pitit gason mwen nan lane 1989, mwen vin ap swiv jan m wè mwen kapab divès wout ki kwaze chimen m pou asire nou gen kay, manje epi mwayen pou bon jan edikasyon.

Nan tout foli chèchè lavi tribò babò sa, kò mwen lanse siyal ak 4 epizòd gwo fatig fizik, nan lane 1990, 1991, 1997 ak 2005. Mwen reyaji apre yon 5yèm epizòd gwo fatig fizik an 2007 pou mwen vire tounen nan direksyon rèv mwen kòm antreprenè fwa sa a. Dabò, mwen te branche m kòm ajan planifikasyon finansye, pou lajan, pou kòmanse eseye kouvri bezwen debaz nou yo.

Antretan, dezyèm pitit gason mwen fèt an 1995. Li vin fè nou grandi ti fanmi an a twa.

Finalman, yon 6yèm epizòd gwo fatig devaste kò m ak tèt mwen tou nan lane 2011. Li rapouswiv ak yon kokenn 7yèm epizòd gwo fatig nan 2013 ki te fondamantalman devaste m nan tèt.

Alòs ke m ap reprann fòs tou dousman, mwen vin pase 7 dènye ane yo apati 2015 ap travay, nan respè rit pwosesis lan, pou fasilite aksè sa ki sere nan fon zantray mwen pou nou ka bi byen konkretize nosyon ke Nou se Youn.

Jodi a, yon fòs ankraj enkonparab pran bon jan fòm, ak inisyasyon m ap viv nan lekòl M'Tam filozofi ak espirityalite kemetik nan Earth Center Montréal.

Nan lane 2007, peryòd retwospeksyon apre 4yèm epizòd gwo fatig fizik lan, mwen vin mete tèt mwen ant 3 chwa: 

  1. Kòmanse fòmasyon antreprann biznis pou pasyon kadanse nou vin mwayen pou m fè lajan mwen bezwen pou mwen viv tou.
  2. Vwayaje Senegal pou swiv atelye entansif kadanse Lafrik padan 2 mwa tout bon san rete.
  3. Afilye ak Groupe Investors kòm ajam planifikasyon finansye pou mwen kòmanse fè bon jan lajan k ap pèmèt mwen envesti pou fè rèv mwen vanse.

Menm si chwa a vin rete sou planifikasyon finansye, byen si mwen te gen yon enterè, se pa te sa ki te abite mwen. Finans pa fè mwen vibre, santi m vivan, ban m elan enèji lavi pou m santi tout prezans mwen byen. Mwen gen volonte ak kapasite pou mwen aprann finans, men san tandans ni talan natirèl. Mwen te wè itilite pou mwen ede moun tandiske sa ta ede m tou mache pi vit pou mwen pran zèl ak sa ki abite mwen tout bon.

Mwen te gen tandans mete sou kote sa ki natirèl pou mwen epi al chèchè sa ki swadizan gen valè rekonesans piblik. M ap mande m si se sa ki fè mwen te rantre tèt mwen konsa nan kontabilite, administrasyon ak finans. Bon, mwen te toujou gen pretèks nouri fanmi m tou.

Santiman divizyon ant mwen menm ak yon lòt ki pran anpil plas nan tèt mwen te la, alòske prezans kò mwen toujou rete anliyen ak otantisite esans mwen.

Kadanse mwen se elan lanmou alenfini ak kè toujou plis konsyan. Olye mwen fè lagè tout kote m pase, mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Jalon chemen kadanse konkèt tèt mwen

Mwen depase 50 lane epi enèji vital kadanse mwen kenbe m djanm plis ankò pase lè mwen te gen 5 an.

Jalon chemen kadanse konkèt tèt mwen se :

  • Timoun, an pati yon sèl pitit, premye nan tout klas, alafwa rebèl epi ki akomode fasil

  • Imigrasyon sot Ayiti rive Kanada kote kadanse mwen vin pran enèji konplèks idantite

  • Fòmasyon san rete ak devlopman nan tradisyon kadanse Ayiti
     
  • Kreyasyon ak devlopman mouvman kadanse nou, Gwoup Kiskeya

  • Inisyasyon entansif, Pwogram ete kadanse kontanporen, balè, chante epi tanbou ak Groupe de la Place Royale

  • Manman pou kont mwen de fwa

  • Echèk rèv mwen pou m vin pedyat, pwofesè atizay, grandèt nan literati pou timoun, epi pwofesyonèl aeronotik

  • Enfiltrasyon lemonn biznis ak ekspètiz nan kontablite, administrasyon epi finans

  • Bay leson tradisyon kadanse Ayiti epi entwodiksyon sou kadanse rit Afrik ak Karayib 
     
  • Pwogram fòmasyon ak antrennman atistik epi pwofesyonèl mouvman kadanse nou nan Compagnie Danse Nyata Nyata

  • Atelye entansif ete,Tambours et Danse nan Compagnie Danse Nyata Nyata

  • Chanjman de salarye nan administrasyon ak kontabilite pou estil lavi travayè endepandan nan domèn planifikasyon finansye

  • Entwodiksyon Salsa epi Capoeira nan Studio Danse Montréal

  • Evolisyon sit web sa a pou nou pataje, sou kadanse lanmou, respè, entegrite, epi kòm biznis anliy*.

  • Kontribisyon mouvman kadanse nou nan pwogram aktivis 

  • Inisyasyon sou filozofi ak espirityalite Kèm nan lekòl M'Tam Earth Center Montréal

Mwen pwofonde misyon m ak aprantisaj nan fouye chèche, anpil fòmasyon pratik epi edikasyon sou etnoloji ak fim etnografik, epi inisyasyon nan lakonesans fondamantal tradisyon zansèt nou ki orijin limanite.

Enèji pou m aji, aprann epi pwodwi kalite, sèlman epi toujou kalite, kenbe kouraj mwen djanm.

Vizyon mwen toujou aklè pou byennèt total kapital.

Mwen swiv chemen sa a malgre tout baryè mwen jwenn sou wout mwen. 

Vitalite m se fòs rasanbleman.

Angajman m pou voye monte bèl anvironman ak entegrite epi lajwa fondamantal alenfini, se sous motivasyon.

Mwen mache ak serenite epi volonte simaye respè ak lajwa ak kouraj lanmou.

Sou vibrasyon pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou, mwen vle pou nou tout kadanse nan limyè tout potansyèl prezans total nou.

Tilarenn Solèy se non Sajès Manbo mwen resevwa nan yon etènèl sonj je klere.

Rele m Tilarenn Solèy.

Tout bagay kòmanse ak yon entansyon

Paske m santi l nan zantray mwen, mwen pran angajman pou m swiv chimen esans verite nou tout genyen anndan nou.

Mwen kite kouran kadanse konkèt tèt mwen koule lib.

Mwen louvri kè ak nanm mwen, kite yo pran zèl. 

Mwen alekout esans vibrasyon mwen pou ranfòse lyen ak zansèt yo.

Chak mo, chak jès, ap kadanse, ap pran elan nan linivè.

Mwen konprann nou dwe mèt pwòp tèt nou. 

Enèji m, m ap deplwaye, pou m manifeste ak lapawòl mwen toujou enpekab sa m fèt pou m pataje.

Mwen kadane esans konkèt tèt mwen

Mwen angaje nèt epi se ak ekzanp m ap bay limyè mwen pou ede nou tout nan klere chemen an.

Mwen poze kò m ak kè m pou mwen oze briye tou limen. 

Revolisyon kadansenou.com se pou ou pou w jwi prezans total ou san kondisyon, pou w apresye, entegre epi pataje.

Pou mwen, se yon espas ki louvri sou lemonn antye pou, mwen pran elan pou m deplwaye fondas mouvman entènasyonal inivèsèl, Mouvman Gadyen Kadanse Esans Sakre Nou.

Kòm Nou se Younkonkèt tèt youn se fondas pou kwasans individyèl ak kolektif nou tout.

Pataj mwen sou kadanse konkèt tèt mwen

M ap transmèt tout sa mwen konnen, tout sa mwen aprann sou kadanse konkèt tèt nou, sou fòs rasin eritaj zansèt yo pou nou viv prezans total nou tout bon.

N ap leve konsyans mouvman nou toujou plis.

Se kesyon kilès nou ye epi kijan n ap grandi.

Se kesyon boujonnen ak fòs vanyans lanmou, respè ak lajwa fondamantal.

Okenn lapenn, ni fache, ni resantiman p ap janm jwenn plas pou gate jwisans jounen otantik tout bon sila a.

"Li miyò pou fè konkèt, rèy, chefmèt tèt ou pase ou genyen mil batay. Viktwa w sou tèt ou se pa w tout bon. Ni zanj, ni demon, ni syèl, ni lanfè paka retire l.''  

~  Buddha

Pawòl pou ou...

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Lavi mwen, kadanse mwen

Lavi mwen pran esans kadanse mwen tout kote m pase ak nan tout sa m ap fè. Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Mwen rekonèt chimen an toujou gen valè depi nou rete otantik ak kè, ak nanm nou epi, nou aprann pran plas nou avèk entegrite. Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Se yon demach entegral ki bezwen pou tout baryè atè. Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Se yon vwayaj ki mande pran chimen ekilib ak entegrite sou tout wout.

Kadanse nou, se yon sous enspirasyon vital, pou nou vanse ak ekilib epi entegrite, richès byennèt ak lafòm total alenfini. 

Mwen chwazi kadanse pou mwen vibre ak tout kè, ak tout nanm mwen, pou zèt mwen toujou reyonnen ak tout grandè li ak byennèt epi lafòm total entegral kapital. 

Mwen chwazi kadanse konkèt tèt mwen pou mwen entegre toujou pi byen fòs revolisyon espirityèl, kiltirèl, sosyal, politik epi ekonomik prezans total mwen ak konsyans chak mouvman nan chak moman, toulejou.

Kadanse mwen se elan lanmou alenfini, kè leje, nanm louvri epi toujou plis konsyans. Olye mwen fè lagè tout kote m pase, mwen pito kadanse konkèt tèt mwen epi repann pwisans ekilib ak entegrite revolisyon kadanse nou.

Kadanse mwen se chimen konkèt tèt mwen pou mwen pi byen viv prezans total mwen.

Konkèt tèt nou se chimen pou nou viv prezans total nou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni.

Viv prezans total nou se reyònman pwofonde nou nan tout bagay. Fè reyonnen pwofonde enèji limyè nou se deplwaye vibrasyon esans nou ki pa fèt pou ret antere, gaspiye.

Kadanse nou se kannal resous total kapital fondamantal inivèsèl pou ede nou.

Nenpòt ki kote w ye, nenpòt ki pozisyon w nan lavi, kadanse w se yon baz natirèl pou bon jan kalite viv ak pwisans rèy chèfmèt tèt ou, lasante, elevasyon espirityèl, byennèt kò ak lespri individyèl epi kolektif, travèse dimansyon tan, epi plis toujou...

Kadanse konkèt tèt nou pèmèt pwisans prezans total nou toujou aksesib fasil. Kadanse konkèt tèt nou, se kannal pou nou touche pwofonde nou.

Kadanse mwen kenbe m byen manbre ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m.

Mwen depase 50 lane epi enèji vital kadanse mwen kenbe m pi djanm ankò pase lè mwen te gen 5 an.


* an anglè

** an fransè

Kadanse m kenbe m byen manbre ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadans ou! 
♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma
prezans total nou depase rèv nou alenfini | pleine présence au bout de nos rêves à l'infini | mindful presence beyond our wildest dreams to infinity


ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou. Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, nan mouvman revolisyon swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Se mouvman revolisyon kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib epi entegrite alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.
Nou tout kadanse lavi ak tout nan tout. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi. Mouvman revolisyon prezans total ou se sous lanmou, ekilib ak entegrite alawonnbadè depase tan pou nou pi byen viv.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse lanmou, ekilib ak entegrite alenfini.

Onè Nana nou! Onè Baba nou! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Nou louvri pòt. Nou ede nou mete tout baryè atè. Nou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif. Nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite alawonnbadè.

Nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre prezans total nou. Nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm. Nou ede nou konprann tèt nou pou nou pa janm pè. Nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann jwenn toujou plis lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite.

Nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri. Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon lanmou, ekilib ak entegrite, fòs gadyen esans sakre kadanse nou, pou tout jenerasyon.

° Kadanse prezans total nou - moman majik/ | ° Danse ta pleine présence - moments magiques/ | ° Dance your mindful total presence - magic moments/ | revolisyon kadansenou.com

Kòmantè! Commentaires! Comments!

 Pataje lide w/ Partage tes pensées/ Share your thoughts


                         


New! Comments

Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.