Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m kenbe kanpe m byen manbre ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m

Akèy: Mouvman Revolisyon Kiltirèl Inevitab > De ki prevyen - Mwen kadanse konkèt tèt mwen: Tilarenn Solèy Kadansenou (Turenne Joseph) | Pou pitit gason m, pitit gason nou ak pitit fi nou, oumenm, avèk onè pou zansèt nou yo...


                    

Kadanse m se pou pèmèt mwen toujou pi byen rekonèt fòs ak pwisans vwa mwen nan linivè.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou mwen pi byen viv konsyans chak moman nan lajwa fondamantal prezans total mwen tout tan, tout kote.

Mwen se Tilarenn Solèy Kadansenou, apranti etnoloji ritm kadanse nou, apranti sou chimen eritaj Kemèt kòm pitit Meritah

Nan dènye ane yo, mwen chèche devlope transmisyon sa ki abite mwen epi jwenn fason pou fasilite aksè nosyon fondamantal amoninize tèt nou avèk ritm linivè epi esans sakre nou pou nou ka pi byen konprann epi viv reyalite ekilib egzistans nou ki toujou ap fèt. 

Jodi a, yon ankraj enkonparab manifeste ki se inisyasyon ak M'Tam filozofi epi espirityalite Kemetic nan Het Kebtah (Sant Latè / Centre de la terre) ki Monreyal.

Jalon chemen pou mwen kadanse konkèt tèt mwen

Mwen depase 50 lane epi enèji vital kadanse mwen kenbe m djanm plis ankò pase lè mwen te gen 5 an.

Jalon chemen pou mwen kadanse konkèt tèt mwen :

  • Timoun, an pati yon sèl pitit, premye nan tout klas, alafwa rebèl epi ki akomode fasil

  • Imigrasyon sot Ayiti rive Kanada kote kadanse mwen vin pran enèji konplèks idantite

  • Fòmasyon san rete ak devlopman nan tradisyon kadanse Ayiti
     
  • Kreyasyon ak devlopman mouvman ritm kadanse tradisyon Ayiti, Gwoup Kiskeya

  • Inisyasyon entansif, Pwogram ete kadanse kontanporen, balè, chante epi tanbou ak Groupe de la Place Royale

  • Manman pou kont mwen de fwa

  • Echèk rèv mwen pou m vin pedyat, pwofesè atizay, grandèt nan literati pou timoun, epi pwofesyonèl aeronotik

  • Enfiltrasyon lemonn biznis ak ekspètiz nan kontablite, administrasyon epi finans

  • Bay leson sou ritm tradisyon kadanse Ayiti epi entwodiksyon ak ritm kadanse Afrik epi Karayib 
     
  • Pwogram fòmasyon ak antrennman atistik epi pwofesyonèl sou ritm kadanse Afrik kontanporen nan Compagnie Danse Nyata Nyata

  • Atelye entansif ete,Tambours et Danse nan Compagnie Danse Nyata Nyata

  • Chanjman domèn travay de salarye nan administrasyon ak kontabilite pou estil lavi travayè endepandan nan domèn planifikasyon finansye

  • Entwodiksyon sou tradisyon kadanse Salsa epi Capoeira nan Studio Danse Montréal

  • devlopman sit web sa a pou nou pataje sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse lanmou, respè, je klè epi entegrite anmenmtan l ap evolye kòm biznis anliy*.

  • Kontribisyon ak kadanse tradisyon ayiti nan pwogram aktivis 

  • Inisyasyon sou filozofi ak espirityalite Kemetik nan lekòl M'Tam Het Kebtah (Earth Center/ Centre de la terre/ Mitan pwofonde latè) Monreyal

Mwen pwofonde misyon m ak lakonesans nan fouye chèche, anpil fòmasyon pratik epi edikasyon sou etnoloji ak fim etnografik, epi inisyasyon nan lakonesans fondamantal tradisyon zansèt nou ki orijin limanite.

Enèji pou m aji, aprann epi pwodwi kalite, sèlman epi toujou kalite, kenbe kouraj mwen djanm.

Vizyon mwen toujou aklè pou byennèt total kapital.

Mwen swiv chemen sa a malgre tout baryè mwen jwenn sou wout mwen. 

Vitalite m se fòs rasanbleman.

Angajman m pou voye monte bèl anvironman ak entegrite epi lajwa fondamantal alenfini, se sous motivasyon.

Mwen mache ak serenite epi volonte simaye respè ak lajwa ak kouraj lanmou.

Sou vibrasyon pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou, mwen vle pou nou tout kadanse nan limyè tout potansyèl prezans total nou.

Tilarenn Solèy se non Sajès Manbo mwen resevwa pou mwen pi byen kadanse konkèt tèt mwen. Epitou, Grandèt Nut se divinite ki gouvène mwa nesans mwen nan kalandriye sideral Kemetic epi ki konfere m tout sajès manman ak pwoteksyon pou mwen deplwaye, pou konkèt tèt mwen, nan chimen devni nou.

Tout bagay kòmanse ak lapanse

Paske m santi l nan zantray mwen, mwen pran angajman pou m swiv chimen esans verite nou tout genyen anndan nou.

Mwen kite kouran lapanse, pou mwen kadanse konkèt tèt mwen sou ritm verite esans sakre nou, koule lib.

Mwen louvri kè ak nanm mwen, kite yo pran zèl. 

Mwen alekout esans vibrasyon mwen pou ranfòse lyen ak zansèt yo.

Chak mo, chak jès, ap kadanse, ap pran elan nan linivè.

Mwen konprann nou dwe mèt pwòp tèt nou. 

Enèji m, m ap deplwaye, pou m manifeste ak lapawòl mwen toujou enpekab sa m fèt pou m pataje.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen sou ritm esans sakre nou

Mwen angaje nèt epi se ak ekzanp m ap bay limyè pa m pou ede nou tout nan klere chimen an.

Mwen poze kò m ak kè m pou mwen oze briye tou limen ak tout fòs vibrasyon esans sakre nou. 

Revolisyon kadansenou.com se pou ou pou w jwi prezans total ou san kondisyon, pou w apresye, entegre epi pataje.

Pou mwen, se yon espas ki louvri sou lemonn antye pou, mwen pran elan pou m deplwaye fondas mouvman entènasyonal inivèsèl, Mouvman Gadyen Kadanse Esans Sakre Nou.


"Li miyò pou fè konkèt, rèy, chefmèt tèt ou pase ou genyen mil batay. Viktwa w sou tèt ou se pa w tout bon. Ni zanj, ni demon, ni syèl, ni lanfè paka retire l.'' 

~  Buddha

Kòm Nou se Youn, konkèt tèt youn sou ritm kadanse esans sakre nou se fondas pou kwasans individyèl ak kolektif nou tout.

M ap transmèt tout sa mwen konnen, tout sa mwen aprann sou kijan pou nou kadanse konkèt tèt nou solid, sou pwisans rasin eritaj zansèt yo pou nou viv prezans total nou tout bon.

N ap leve konsyans mouvman nou toujou plis.

Se kesyon kilès nou ye epi kijan n ap grandi.

Se kesyon boujonnen ak fòs vanyans lanmou, respè ak lajwa fondamantal, je klè epi entegrite.

Okenn lapenn, ni fache, ni resantiman p ap janm jwenn plas pou gate jwisans jounen otantik tout bon sila a sou ritm kadanse esans sakre nou.

Pawòl pou ou...

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Istwa mwen

Toutotan mwen kadanse ritm kè ak nanm mwen, lespri m ap rekonèt ritm esans sakre mwen.

Mwen se apranti etnoloji ritm kadanse nou. Mwen se apranti sou chimen eritaj Kemèt, kòm pitit Meritah. Mwen rekonèt nan fon kè m enpòtans kapital mouvman revolisyon kiltirèl inevitab sou ritm kadanse esans sakre nou, etnoloji ritm kadanse nou, pou nou deplwaye. 

Mwen se yon sèl manman. Se mwen k frape, se mwen k reponn kòm potomitan fanmi m ak tout volonte m ak tout konsyans mwen epi sibkonsyan m. Mwen deklare byen bonè nan moman adolesans ke m vle gen timoun men m pa vle gen mari, malgre rèv lanmou yon konpayon.

M ap deplwaye kapasite m pou m sèvi nou tout, depi fòs nesesite m wè, pou nou voye monte ritm vibrasyon esans sakre byennèt ak lafòm total nou, individyèl epi kolektif, avèk entegrite.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen paske se chwal batay mwen depi m piti, paske li toujou ban m elan pou m kadanse lavi a ak tout vitalite m, andepi de mak san valè, moun atravè kilès mwen louvri je sou tè sa a, depoze sou mwen.  

Toutotan mwen kadanse ritm kè ak nanm mwen, lespri m ap rekonèt ritm esans sakre mwen.

Pearl Primus kominike konpreyansyon mwen byen...

''Olye m grandi krochi anndan mwen tankou yon vye pye bwa defòme, mwen kadanse kolè m ak dlo nan je m.''  

~ Pearl Primus

Apenn mwen aprann mache, mwen defye tout sa ki kanpe sou wout mwen pou m al nan bal kay granparan patènèl mwen.

Ti jenn famm, mwen pran leson balè jaz epi mwen reve kadanse ak pwofesyonèl tankou Louise Lapierre, Eddy Toussaint, Alvin Ailey...

Gran jenn fi, nan kadanse ritm repètwa filozofi vodou, mwen reyalize ak emèvèyman ke ritm kè m ak ritm tanbou se youn, vibrasyon ritm orijin mwen se refleksyon nanm mwen. Mouvman nan repètwa filozofi vodou, ak sa yo vle di, fè m rekonèt esans fondas mwen jouk nan zantray mwen.

Se konsa, plizyè jenn avè m nou vin fonde, mouvman pou nou pran fòs kadanse nou, Gwoup Kiskeya. Nou kole zepòl pou nou viv bèl mèvèy kadanse konkèt tèt nou. Plis nou aprann kadanse sou ritm orijin nou, plis nou reveye konsyans pwòp tèt nou epi reyalize bèl sinèji solidarite.

Nou plonje kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou nan sous lakonesans depase tan, repètwa filozofi vodou, ini pandan 10 zan.

Twa epizòd enpòtan vin travèse tankou bouldozè, kadanse m, sous lajwa konkèt tèt mwen alenfini, sous pran chimen reyalizasyon ki moun mwen ye tout bon. 

Apre nesans dezyèm pitit mwen, pi bèl kado lavi a, mwen pran yon gwo chòk trayizon epi viv yon poukont mwen frèt sèk; patènite biolojik rejte epi zanmi gaye, vin pèdi, nan endiferans.

Nan peryòd ti jenn gason premye pitit mwen, mwen te fè fas ak wout ki pi difisil li te sanble m lè sa a, nan anbiskad sosyete sou kesyon lafanmi, lavi sosyal, ekonomik, pwodwi epsikotik tankou kababis/marijuana epi pwoblèm rasyal.

Nan lavi pwofesyonèl mwen, kòm yon ajan planifikasyon finansye ak Group Investors, mwen vin kole nan labirent biznis san figi.

Odela, kadanse sou ritm revolisyon kiltirèl lanmou ak respè, je klè epi entegrite ankre nan lapèl nanm mwen. Mwen te kòmanse reponn ak Gwoup Kiskeya. Gwoup Kiskeya, se premye ekspeyans biznis nan dyakout mwen. Gwoup Kiskeya, se motè bèl vizyon reyònman entènasyonal Mouvman Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou.

Mwen kòmanse aktivite entènèt sa a nan mwa septanm 2011. Mwen vin konprann ke pawòl sere nan kè m ke m toujou gen pou pataje abite m depi tout tan. Mwen te kòmanse mete koze yo deyò nan lane 1992 nan kontèks yon kou franse fòmasyon pwofesyonèl sekretarya ke mwen t ap swiv dapre rekòmandasyon frè m, tandiske mwen te plis enterese nan pwogram kontablite ki te ofri nan menm enstitisyon an.

Tout bon vre, etensèl lèvey la monte nan lane 1988 pendan m ap etidye atizay vizyèl ak literati fransè nan inivèsite apre echèk mwen te pran nan etid byoloji. Sete yon peryod ki te kòmanse nan ane 1986 kote mwen t ap esaye anliyen m ak rèv jenès mwen. 

Mwen te chwazi byoloji pou mwen ka pouswiv etid nesesè jouk mwen rive doktè pou timoun. Mèzalò apre echèk, mwen vin chwazi etidye atizay vizyèl ak literati fransè pou mwen rive mèt lekòl atizay epi ekri liv pou timoun. Anmenm tan, mwen t ap etidye tou nan Ottawa School of Arts epi fè travay modèl vivan pou mwen entegre pi plis domèn lan. 

Nan menm epòk la, mwen fè eksperyans tou nan plizyè domèn pèfòmans atistik avec Groupe de la Place Royale. Yon ti moman apre, en 1987, Gwoup Kiskeya vin pran fòm epi nou voye monte bèl mèvèy pandan 10 lane

Avèk nesans premye pitit gason mwen nan lane 1989, mwen vin ap swiv jan m wè mwen kapab divès wout ki kwaze chimen m pou asire nou gen kay, manje epi mwayen pou bon jan edikasyon.

Nan tout foli chèchè lavi tribò babò sa, kò mwen lanse siyal ak 4 epizòd gwo fatig fizik, nan lane 1990, 1991, 1997 ak 2005. Mwen reyaji apre yon 5yèm epizòd gwo fatig fizik an 2007 pou mwen vire tounen nan direksyon rèv mwen kòm antreprenè fwa sa a. Dabò, mwen te branche m kòm ajan planifikasyon finansye, pou lajan, pou kòmanse eseye kouvri bezwen debaz nou yo.

Antretan, dezyèm pitit gason mwen fèt an 1995. Li vin fè nou grandi ti fanmi an a twa.

Finalman, yon 6yèm epizòd gwo fatig devaste kò m ak tèt mwen tou nan lane 2011. Li rapouswiv ak yon kokenn 7yèm epizòd gwo fatig nan 2013 ki te fondamantalman devaste m nan tèt.

Alòs ke m ap reprann fòs tou dousman, mwen vin pase dènye ane yo, apati 2015, ap travay, nan respè rit pwosesis lan, pou fasilite aksè sa ki sere nan fon zantray mwen pou nou ka bi byen konkretize nosyon ke Nou se Youn.

Jodi a, yon fòs ankraj enkonparab pran bon jan fòm, ak inisyasyon m ap viv nan lekòl M'Tam filozofi ak espirityalite kemetik nan Het Kebtah (Earth Center/ Centre de la terre/ Mitan pwofonde latè) Monreyal.

Nan lane 2007, peryòd retwospeksyon apre 4yèm epizòd gwo fatig fizik lan, mwen vin mete tèt mwen ant 3 chwa: 

  1. Kòmanse fòmasyon antreprann biznis pou pasyon kadanse nou vin mwayen pou m fè lajan mwen bezwen pou mwen viv tou.
  2. Vwayaje Senegal pou swiv atelye entansif kadanse sou ritm Lafrik padan 2 mwa tout bon san rete.
  3. Afilye ak Groupe Investors kòm ajam planifikasyon finansye pou mwen kòmanse fè bon jan lajan k ap pèmèt mwen envesti pou fè rèv mwen vanse.

Menm si chwa a vin rete sou planifikasyon finansye, byen si mwen te gen yon enterè, se pa te sa ki te abite mwen. Finans pa fè mwen vibre, santi m vivan, ban m elan enèji lavi pou m santi tout prezans mwen byen. Mwen gen volonte ak kapasite pou mwen aprann finans, men san tandans ni talan natirèl. Mwen te wè itilite pou mwen ede moun tandiske sa ta ede m tou mache pi vit pou mwen pran zèl ak sa ki abite mwen tout bon.

Mwen te gen tandans mete sou kote sa ki natirèl pou mwen epi al chèchè sa ki swadizan gen valè rekonesans piblik. M ap mande m si se sa ki fè mwen te rantre tèt ap eseye devlope bon jan konpetans nan kontabilite, administrasyon ak finans. Mèzalò, mwen te toujou gen pretèks tou ke se pou mwen ka pi byen nouri fanmi m.

Sa vin mete yon antiman divizyon ant mwen menm ak yon lòt ki pran anpil plas nan tèt mwen, alòske prezans kò mwen toujou rete anliyen ak otantisite esans kè mwen.

Kadanse mwen se elan lanmou alenfini ak kè toujou plis konsyan. Olye mwen fè lagè tout kote m pase, mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Chimen lavi mwen

Lavi mwen pran chimen mouvman kadanse esans sakre nou tout kote m pase ak nan tout sa m ap fè: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Mwen rekonèt chimen an toujou gen valè depi nou rete otantik ak kè, ak nanm nou epi, nou aprann pran plas nou avèk entegrite: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Se yon demach entegral ki bezwen pou tout baryè atè: Mwen kadanse konkèt tèt mwen.

Se yon vwayaj ki mande pran chimen ekilib ak entegrite sou tout wout.

Kadanse sou ritm esans sakre nou, se elan vital, pou nou vanse sou wout ekilib epi entegrite, richès byennèt ak lafòm total alenfini. 

Mwen chwazi pou mwem kadanse konkèt tèt mwen pou m vibre ak tout kè, ak tout nanm mwen, pou zèt mwen toujou reyonnen ak tout grandè li ak byennèt epi lafòm total entegral kapital. 

Mwen chwazi pou mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m entegre toujou pi byen pwisans revolisyon kiltirèl toutotan ke espirityèl, sosyal, politik epi ekonomik ki se prezans total nou ak konsyans chak mouvman nan chak moman, toulejou.

Kadanse konkèt tèt nou se elan lanmou je klè ak respè alenfini, nanm louvri ak kè leje epi plis konsyans. Olye mwen fè lagè tout kote m pase, mwen pito kadanse konkèt tèt mwen epi repann pwisans ekilib ak entegrite mouvman revolisyon kiltirèl inevitab sou ritm kadanse esans sakre nou.

Kadanse mwen se chimen konkèt tèt mwen pou mwen pi byen viv prezans total mwen.

Kadanse konkèt tèt nou se chimen pou nou viv prezans total nou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni.

Viv prezans total nou se reyònman pwofonde nou nan tout bagay. Fè reyonnen pwofonde enèji limyè nou se deplwaye vibrasyon esans sakre nou ki pa fèt pou ret antere, gaspiye.

Kadanse konkèt tèt nou nou se kannal resous total kapital fondamantal inivèsèl.

Nenpòt ki kote w ye, nenpòt ki pozisyon w nan lavi, kadanse konkèt tèt nou se baz natirèl pou bon jan kalite viv ak pwisans rèy chèfmèt tèt ou, lasante, elevasyon espirityèl, byennèt kò ak lespri individyèl epi kolektif, travèse dimansyon tan, epi plis toujou...

Kadanse konkèt tèt nou pèmèt pwisans prezans total nou toujou aksesib fasil. Kadanse konkèt tèt nou, se kannal pou nou touche pwofonde nou.

Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m kenbe kanpe m byen manbre ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m.

Mwen depase 50 lane epi sous enèji vital kadanse mwen kenbe m pi djanm ankò pase lè mwen te gen 5 an.


* an anglè

** an fransè

Mwen kadanse konkèt tèt mwen pou m kenbe kanpe m byen manbre ak konsyans vibrasyon enèji natirèl pa m

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.