Boutik pou pwofonde rit siblim mouvman revolisyon prezans total nou


                         

Boutik sila pwofonde lakonesans pwisans konsyans rit siblim prezans total ou



Konsyans ou nan tout mouvman reflete konsyans vibrasyon enèji ki nan tout bagay.

Konsyans ou nan tout mouvman mennen konkèt tèt ou nan tout rit alenfini.

Chwa resous isit la vini avèk laswenyaj pou w byen anliyen mouvman revolisyon prezans total ou ak kè w.

Respè rit siblim mouvman revolisyon prezans total ou se chemen pou w kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite alenfini...

Ou jwenn ekilib enèji lavi w nan pi byen konprann rapò esans nou youn ak lòt ak lemonn antye epi viv entegrite prezans total ou.

Boutik sila valorize enèji lavi nou ki fè pon pou nou pi byen kadanse esans nou. Enèji lavi nou deplwaye nan lemonn antye ak rit selebrasyon mouvman lanati. Se konsa nou anliyen ekilib enèji lavi nou nan tout mouvman nou ak tout siyifikasyon yo, nan tout levèy lespri nou aklè. 

Chwazi resous annakò ak sa ou bezwen konnen oswa pi byen konprann pou w rantre pi fon nan lakonesans aklè. Tout planèt la ap louvri chemen sou pwent dwèt ou...

Jounen sila pou... 

  • egize konsyans ou sou tout dimansyon epi memwa kò w sou ouvèti ki nesesè. 

  • enpòtans koneksyon w toujou pi fò ak pwòp tèt ou.
     
  • favorize konsyans pou w apresye pi fò, pi fon, esans enéji lavi w, depase tan tout bon. 

Kategori 

Deklarasyon entegral:
Mwen kwè nan onètete epi entegrite relasyon, opinyon ak idantite nou. Opinyon ki eksprime sou sit sa a se pwop pa mwen, sof si li deklare otreman. Mwen andose sèlman pwodwi ak sèvis ke mwen itilize e ke mwen kwè merite andosman mwen.

~ Tilarenn Solèy

Espas sila a se kote tradisyon kontre ak modènite


Si w rive isit la atoutaza nan fè rechèch, ou gen pou jwenn bèl trezò.

Nou pwofonde valè ak fòs koneksyon kadanse nou.

Valè tradisyon nan modènite epi benefis modènite jwenn nan tradisyon gen plis enpòtans pase tout konvansyon. 


Pran plas dofis pou w apreseye richès boutik sila

  • Ou sansib pou aprann sou diferans ak resanblans?

  • Ou vle obsève epi eksplore san limit?

  • Ou gen ouvèti pou fè vibrasyon w monte ak dekouvèt epi vizyon lemonn ki fouye verite tout bon?

Espas sila a ap ba w nannan pou yon vwayaj ekstraòdinè.

"Yon ti farinay lapli danse nan tout kò m... mwen chèche rèv lezòm... pou lavi fiti"

~   André Fouad

Enèji lavi nou tankou enèji linivè

Nou louvri lakonesans sou valè enèji ak fenomèn ki fè lawonn linivè. 

Chemen lalin montre nou kijan lavi a se yon kontinyte nan lawonn etènite.

Lawonn ankontiyite aklè nan tout mouvman natirèl mete kaba tout istwa ki di mouvman lavi a se yon liy dwat.

Mwa desanm, solstis ivè nan lenò pou rive nan solstis ete nan lesid, se pi fò sezon nan dòmi. Mwa desanm, se lè nou voye monte espwa jou yo pral gen plis lonbraj epi limanite ap nan jounen ki pi dous. Nou selebre espwa lawonn kontiyite lanati ki apre sezon semay pral janbe nan sezon rekòlt pou tout potansyèl abondans latè ouvri kò l. 

Nan jounen solèy ki pi long yo epi lè se solèy minwi nan lenò, tout kilti nan tout limanite nan lajwa rekonesans tout fòs enèji fètilite latè k ap bay san mande rete.

Enèji kadanse kontiyite lavi toujou rete prezan nan sezon dòmans tankou sezon levèy. Fètilite latè se pi gran imag flanm dife enèji vital nou ki pa janm tenyen epi k ap ban nou fòs lavi toutotan nou pèmèt li

Atizay

Keleksyon liv, fim ak video

Yon ti koze ak sè m (Conversation avec ma soeur)Yon ti koze ak sè m by Gessica Généus
My rating: 5 of 5 stars

YON TI KOZE AK SÈ M se yon ti kanè ke m tounen li de tanzantan epi ke mwen renmen pataje tou. Li enliyen ak sa mwen kwè nou tout bezwen: aprann epi toujou kontinye kadanse lanmou, respè ak kouraj pou konkèt tèt nou pou ekilib ak amoni alawonnbadè.

View all my reviews

Boutik sila ak kijan nou fè revolisyon vre? 

Nou fè revolisyon vre ak fil lyannaj nou, tout bon! 

Nou mennen konsyans nou sou eksperyans ekstraòdinè nou ka viv depi lakay nou rive kote nou poko konnen ak kilti kemèt epi endijèn nan orijin limanite. 

Ou konnen revolisyon pa fèt sèlman ak kò fizik. Boutik sa pou ede louvri baryè pou nou kadanse esans nou lakay nou toupatou nan lemonn.

Nou bezwen fè youn ak kadanse fòs konsyans nou aklè pou:

  • anrasinman pi byen epi ankraj pi lwen pase tan

  • detant pou lekout tèt nou ak kò nou, debarase de tout tansyon, estrès ou blokaj 

  • kouran enèji ki koule pi byen pou ogmante kapital sante nou epi fonksyon entèn nou. 
     
  • lajwa fondamantal nan kè nou

  • ekilib epi entegrite nan lespri nou

Boutik sila chwazi resous pou pwofonde konsyans pwisans konkèt tèt nou pou vanse mouvman revolisyon prezans total nou pou nou benyen alenfini nan rit ekilib epi entegrite alawonnbadè.

Kontinye ap aprann. Fè vibrasyon enèji lavi ou, fòs gadyen esans sakre w, monte lib.

Boutik kadanse nou pou pwofonde rit siblim mouvman revolisyon prezans total nou

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadans ou! 
♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma
prezans total nou depase rèv nou alenfini | pleine présence au bout de nos rêves à l'infini | mindful presence beyond our wildest dreams to infinity


ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou. Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, nan mouvman revolisyon swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Se mouvman revolisyon kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib epi entegrite alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.
Nou tout kadanse lavi ak tout nan tout. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi. Mouvman revolisyon prezans total ou se sous lanmou, ekilib ak entegrite alawonnbadè depase tan pou nou pi byen viv.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse lanmou, ekilib ak entegrite alenfini.

Onè Nana nou! Onè Baba nou! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Nou louvri pòt. Nou ede nou mete tout baryè atè. Nou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif. Nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite alawonnbadè.

Nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre prezans total nou. Nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm. Nou ede nou konprann tèt nou pou nou pa janm pè. Nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann jwenn toujou plis lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite.

Nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri. Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon lanmou, ekilib ak entegrite, fòs gadyen esans sakre kadanse nou, pou tout jenerasyon.

° Kadanse prezans total nou - moman majik/ | ° Danse ta pleine présence - moments magiques/ | ° Dance your mindful total presence - magic moments/ | revolisyon kadansenou.com

Kòmantè! Commentaires! Comments!

 Pataje lide w/ Partage tes pensées/ Share your thoughts


                         


New! Comments

Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.