Gadyen esans sakre kadanse nou jounen jodi a...


                    

Nou tout pote anndan nou esans divinite nou se eritye, fòs sakre elemantal. 

Nou pote anndan nou esans rasin nou, esans kè orijin nou, ki ban nou souf esansyèl pou nou depase tout sa ki ta limite nou.

Nou pote anndan nou esans nati sakre nou ki konnen tout bon tout grandè kalite nou pou nou depase tout sa ki ta limite nou.

Nati sakre nou se fõs sakre elemantal, esans divinite nou se eritye, k ap nouri kapasite reyònman total nou.

Nou se apranti lavi ak lanmò, toujou sou chimen evolisyon. Nou gen tout kapasite gerisè nou ka toujou voye monte.

Konsyans pwisans pouvwa fòs sakre esans sakre kadanse w fondamantal pou retabli ekilib epi entegrite sezon lavi nou ki konpwomèt.

"Moun ki pa ka renouvle nesans li ap pare lanmò li"

 ~ Bob Dylan

Ou fè youn ak latè, linivè epi lenfini. Ou se kreyasyon ankontinyite. Ou gen tout kapasite gerisè ou ka toujou voye monte. Je lespri w klere se lwa w. Respè ak entegrite nan lajwa fondamantal ekilib ou ki toujou ap fèt byen fèt se zam ou.

Ou apwoche chak jou je w klere pi lwen pase reprezay, konfli ak laperèz. Ou kite lajwa fondamantal je lespri w bon jan klere pran fòm ak entegrite, disiplin epi respè ekilib avni w ki toujou ap fèt pou li toujou ap evolye.

Ou bay epi ou resevwa benediksyon toutotan w ap pran swen tèt ou pou konkèt tèt ou. Ou mache ak bienveyans disiplin epi lespri abondans nan tout sa ou di epi tout sa ou fè.

Nou se Youn

Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

"Se Mèt Kò Ki Veye Kò"

~Pwovèb kreyòl

Jan mwen koute lapèl pou ekilib ak entegrite kadanse lavi nou vin louvri lespri m, sa gen plis pase 20 lane, pou m travay sou reyònman nosyon gadyen esans sakre kadanse nou k ap fè lyannaj ant chak grenn moun ak esans sakre lavi nou.

Sete nan epok la yon evidans nan nannan nanm mwen. Jodi a, se yon egzijans enkontounab.

Bezwen nan tan an te pou pwouve egzistans mwen ki gen souch li nan sèl grenn vre sivilizasyon sou latè ki  filyasyon m ak zansèt yo, eritaj mwen pou m reklame. 

Konviksyon jodi a, se ke tout moun dwe rekonèt ankraj nou ak fòs esans zansèt yo ki depase tan, ki toujou la nan mezi nou pare. Nou tout se gadyen esans sakre lavi nou.

Sivilizasyon endijèn, kemèt / nibyen epi karayib, kenbe anndan yo esans sakre kadanse lavi nou tankou yon flanm ki pap janm tenyen.

Mete plis limyè sou fòs esans sakre nou epi montre aklè reyònman kilti nou se eritye, se favorize monte nivo konsyans tout moun.

Lè nou kenbe flanm gadyen esans sakre kadanse nou, apresye li, fè kò ak li avèk respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt, nou asire ekilib ak entegrite nan tout sa n ap viv, pou tèt nou epi pou tout limanite.

Sitèlman plis pase voye vanyans monte

"Yon fanm an amoni ak lespri l, se tankou larivyè k ap desann. 
Li mache kote pou l ale san pretansyon epi li rive kote l gen pou l rive pare pou li chèfmèt tèt li san kondisyon."  

~ Maya Angelou

Kòm mwen fèt Ayiti, mwen pote rasin endijèn, kemèt/nibyen ak karayib nan kò mwen, nan zantray mwen.

Revelasyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou an vin enpoze li pandan etid lang ak vèvèy atizay mwen nan Inivèsite Otawa. Alòs, mwen te plis nan bibliyotèk pase nan klas. Pou kòz...

Bèl bibliyotèk gran enstitisyon Inivèsite Otawa te ranpli ak dokiman sou listwa vèvèy ak kilti endijèn, kemèt/nibyen epi karayib. Yon pakèt richès anverite.

Men kwè l, pa kwè l, pa te gen anyen nan fòmasyon inivèsite a, teyorik tankou pratik, sou istwa vèvèy atizay ak kilti endijèn, kemèt/nibyen epi karayib, tankou si yo pa te gen egzistans pwòp yo.

Eta bagay sa a, te vin chèche m byen lwen; lemonn pale aklè swadizan mwen pa genyen egzistans pwòp valid. Kòm nou konnen Nou se Youn, mete lòd esansyèl.

Mwen pran desizyon mwen dwe mete limyè sou limanite nan tout entegralite li. 

Se sa ki fè chita pale sa sitèlman plis pase voye vanyans monte.


Nou tout se endijèn

Eske w konnen nou tout se endijèn?

Pèp endijèn simaye nan tout kontinan sou planèt la.

Tout moun gen konsyans ke pèp endijèn viv anpil diskriminasyon pou mete yo ba nèt jiska elimine yo. Anpil kote, sa senble yon reyisit annaparans.

Tout moun ka wè ke andepidetou, pèp endijèn rive kenbe vivan esans kilti zansèt ki se eritaj yo.

Memwa eritaj san pèp endijèn viv nan chak grenn moun.

Revolisyon kiltirèl Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Fondas revolisyon kiltirèl Gadyen Esans Kadanse Nou se yon rechèch aksyon ki gen pou baz revandikasyon entegrite listwa limanite epi rekonesans valè fondamantal chak moun, chak pèp.

Entegrite sa a, nou ka rekonèt li nan fon zantray nou.

Entegrite sa a vin monte nivo konsyans nou ke nou nan malè paske nou pa nan konnen pou nou kadanse respè, je klè ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt

Entegrite sa a, se mouvman pou nou tout konnen tout bon chemen revolisyon kiltirèl kadanse respè, je klè ak entegrite gadyen esans sakre kadanse nou.

Revolisyon kiltirèl kadanse respè, je klè epi entegrite

Gadyen esans sakre kadanse esans sivilizasyon nou se chemen dofis mouvman revolisyon kiltirèel kadanse respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè. Nou sèvi ak eritaj lakonesans sajès zansèt yo, anpatikilye rasin kadanse esans kilti endijèn, kemèt/nibyen epi karayib.

Rasin sajès zansèt yo ap ede nou nan pran konsyans mouvman sakre fondamantal pou nou rekonèt esans nou, esans divinite, pou ekilib ak amoni alawonnbadè, mouvman tout moun ak tout sivilizasyon ki gen nanm dwe mennen.

Rasin sajès zansèt yo ap ede nou nan mouvman nou dwe mennen pou pratik pi byen viv pou tout moun, pou tout jenerasyon epi pou ekilib ak entegrite alawonnbadè nan lemonn antye.

Mouvman Revolisyon Kiltirèl Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Ankraj pou Mouvman revolisyon kiltirèl Gadyen esans sakre kadanse nou <br> | Zèv: Afrikan YogaAnkraj pou Mouvman revolisyon kiltirèl Gadyen esans sakre kadanse nou
| Zèv: Afrikan Yoga

Mouvman Revolisyon Kiltirèl Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou se yon mouvman vital.

Vizyon nou gen pou baz eleman sa yo:

  • baz aprantisaj pou alimante pataj lakonesans fondamantal, orijinal, eritaj rasin zansèt yo

  • konplèks rezidans ak estrikti lokal epi entènasyonal pou fasilite entegrasyon pataj lakonesans fondamantal yo tandike evèy lespri ap monte ak pwomosyon rekonesans orijin menm eritaj rasin zansèt nou yo.

  • fòmasyon sou kadanse nou epi atelye mobilize sou pwisans jan nou pi byen viv ak prezans total nou atravè konsyans revolisyon kiltirèl ke nou se gadyen esans sakre kadanse nou

  • modèl biznis ekitab epi ki djanm pou lòt jenerasyon tankou konsèp jenerozite **Daana a

revolisyon kadansenou.com, louvri pòt sou nannan vizyon Mouvman Revolisyon Kiltirèl Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou

Prensip Esans Sakre Kadanse Nou Nan Lemonn

"Tanbou rada gen yon son pou-l ba-w Lè kè nèg isit kontan vre pitit"

~ Feliks Moriso-Lewa (Dyakout) 

Nou louvri lakonesans mouvman sakre fondamantal nan lemonn.

Nou pran chemen pou nou rekonèt esans divinite nou se desandan pou nou entegre esans sakre nou ak plas nou dofis pami tout prensip sakre nan lemonn.

Ayiti : Prensip Bwa Kayiman

** an fransè

Gadyen esans sakre kadanse nou jounen jodi a...

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.