Jounen entènasyonal kadanse nou:
Mesaj Kebèk ak Louise Lecavalier

RQD | tradiksyon kreyòl: Tilarenn Solèy



Mesaj kebèk pou jounen entènasyonal kadanse nou 2019 | Louise Lecavalier ak Québec Danse.

Kadanse...


Kadanse pou prezans nou
Kadanse pwezi po nou
po transparan
po k ap rele
kadanse rèd sou kòd
envante posibilite
kadanse rezilyans
ak abondans
Kadanse tankou yon esyantifik fou
ki tounen kobay pwòp tèt li

Kadanse fas-a-fas ak imanite nou, animalite nou
Kadanse avèk konplèks
enferyè
siperyè
Kadanse nou 2, sa se yon lòt bagay
san, mil? kijan sa ye?

Kadanse richès mizè nou?
oubyen pòsyon etènite nou…
Fè chak so nou pran tounen bèl kadans
Kadanse san nou pa panse anyen
Kadanse pou nou pran elan sòti nan kò nou epi BOUM nou tonbe anndan nou

Kadanse panse fil-a-lang
chagrin, kòlè, rèv
Kadanse lajwa inosan
« sa ki pi moun nan moun »
Kadanse pou nou pirifye nou: Bay gwo ponp rezo nou gaz… rezo san
Kadanse kè nou
san frèt, san cho
Kadanse sakre
Dèvich toubiyonè, hip-hop, krump, wakìn, lòkìn...
Wow

Kadanse paske pito nou dansè pase nou bandi!
kadanse pou lezòt renmen
Bay ane yo kèk grimas
Epi kontinye kadanse
Kadanse pou nou de-man-bre-kò nou
kadanse eskelèt
krik krak klik klik klik klik
Fè kò ak tèt nou eksploze
Transfòme tèt nou!
kadanse ap konte
tak tak tak tak tak tak tak, pase 8 san nou pa rete
pou nou di “mèsi lavi” ak rekonesans jouk nan lenfini

Kadanse tankou desen anime, 2D, 3D, direksyon ki pa janm fini
Kadanse pou nou pa twò chifonnen bèl ti mo lanmou
Kadanse disolisyon, pou nou pati, pou nou rete
rive nan trans oswa tandans
Kadanse paske li bon pou li fè nou mal, yon ti kal, gen de lè
Kadanse paske li dwòl, biza, foufou
Kadanse ki ka chanje lemonn

Kadanse pou nou bliye non nou
zye fèmen
respirasyon rete, nan pwofondè
Kadanse egzèsis, egzòsis, egzotik,
sansyèl, seksyèl
Kadanse sèks nou, san sèks
li fi, li gazon, li LGBT, li alfabè…

Kadanse pawòl, kadanse box
men pa frape
Kadanse swè nou, san pè
sèvo nou nan hula-hoop kosmik
trip mental
Kadanse pye sou tè, dlo pousyè nan je
Kadanse anwo tonb
kè payèt, menm kase
Epi kisa ankò…

Ah! Kadanse kadans vant
Kadanse mizik nou
enteryè, elektro... modèn, akoustik
Kadanse ble
abiye, toutouni tankou zandolit
fè kò nou pran vol
epi kadanse malgre
poutèt sa
Kadanse timoun nou,
mouvman inosan, fwonte...

Epi kareman,
Kadanse tankou pi gran grandèt.



*********
kredi
Mesaj: Louise Lecavalier


Patisipan: Louise Bédard, Marc Béland, Shraddha Danielle Blaney, Valérie Chartier, Karla Étienne, Paul-André Fortier, Elinor Fueter, Claude Godbout, Lucie Grégoire, Liven Lamothe, Patrick Lamothe, Yuma Lamothe, Mia Lapierre Poirier, Louise Lecavalier, Robert Meilleur, Vincent Morisset, Linda Rabin, Janne Rieu, Romie Rieu, George Stamos et Philip Szporer.

reyalizasyon ak konsèp: Vincent Morisset
Direksyon atistik: Caroline Robert
pwogramasyon epi aprantisaj ak òdinatè: Édouard Lanctôt-Benoit
Direksyon foto: Thierry Sirois
Montaj: Matthieu Vanier
Mix sonò: Jean-Philippe Villemure

Pwodiksyon: AATOAA
Koòdinasyon: Coralie Muroni (RQD), Anne Viau (Fou Glorieux)
Direksyon pwodiksyon: David Francke-Robitaille (Club Vidéo)

Baze sou enstalasyon entèaktif Vast Body Vincent Morisset la

Mèsi: Circuit-Est centre chorégraphique

quebecdanse.org

Comments... Commentaires... Kòmantè...

Average Rating... Moyenne des évaluations... Mwayèn evalyasyon yo... starstarstarstarstar

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

May 02, 2019
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Yon bèl anfilad rit kadanse nou
~ Turenne ° Tilarenn

Louise Lecavalier lage yon anfilad rit kadanse lavi nou ki frape m tèlman byen, mwen jis pataje l.

Mwen rekonèt pwòp rit mwen. Mwen rekonèt pwòp vwa mwen. Mwen rekonèt pwòp kadanse mwen. Mwen rekonèt tout rit ki abite m.

Mwen pataje. Koneksyon ki fèt la, kado sa a, mwen envite w pran l.

Mwen pataje...

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

* Join in and write your own page! Simply click here to reach the form you need...
** N'hésite pas et écris ta propre page ! Clique ici pour accéder au formulaire qu'il te faut...
*** Pa ezite ekri paj ou tou! Jis clike la pou w rive sou fòmilè ou bezwen pou sa...