Kadanse ak entegrite ekilib ou sou ritm eritaj inevitab pou w pi byen viv chak moman devni w ak Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa revolisyon Kadanse nou) | Pou pitit gason m, pitit gason nou ak pitit fi nou, oumenm, avèk onè pou zansèt nou yo... |
Kadanse w kenbe ritm eritaj souf esans ou ki sakre.
Kadanse w kenbe ritm eritaj mouvman respè, je klè, epi entegrite ekilib ou pou w pi byen viv chak moman devni w, rit pasaj ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo.
Ou se pitit linivè
Nou se pitit linivè
Kadanse w kenbe ritm eritaj mouvman respè, je klè, epi entegrite ekilib ou pou w pi byen viv chak moman devni w, rit pasaj ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo.
Lavi a pa wout fasil. Klate chemen yo konn chape pou nou soti nan yon sezon rive nan lòt. Kote pou nou mete konfyans nou parèt jwèt bolèt anpil fwa.
Pa gen pwomès pou nou kenbe. Gen responsabilite pou nou rekonèt epi konprann
Rasin nou se san nou.
Sa nou mete nan tèt ak lespri nou epi pawòl nou dwe anliyen ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Rèv nou, nan nannan espas ak tan, anliyen ak ritm linivè.
Rèv nou pote mesaj.
Pa janm pè li kè w.
Nou lye ak linivè. Linivè se lenfini.
Nou se sous lavi lè nou kadanse sou ritm esans sakre nou, kè nou leje.
Chante chante w, kadanse kadanse w, kadanse sou ritm esans sakre w, kadanse prezans total ou nan linivè, lespri w liminen ak je klè epi kè w leje.
antoutonè ♥
⥁ Kadanse w kenbe ritm eritaj ou
⥁ Chemen eritaj ou
⥁ Pwisans vital esans sakre w pou prezans total ou
⥁ Chemen amoni ak pwop tèt ou
⥁ Desen: GLAS AK MIRAJ
⥁ Video: Nou se enèji limyè
⥁ Desen: Poze lespri w
"Mande chemen pa vle di pèdi pou sa"
~ Pwovèb Kreyòl Ayisyen
| Sous: YMJ PRODZ | Tòp 30 provèb Ayisyen ou dwe byen konnen @YMJ
Kadanse entegrite ekilib ou pou w fè kò ak eritaj ki pi pre esans ou, atravè pwisans enèji prezans total ou.
Kadanse kadanse w sou ritm eritaj fondamantal ou, mache ak fõs enèji prezans total ou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri.
Kadanse sou ritm esans sakre w, pwisans vital enèji sakre w epi kle metrès prezans total ou.
"Tout bagay te kòmanse ak yon lide."
~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)
"Anmouvman chimen louvri."
~ provèb zen
"Nou se sous lavi lè nou kadanse ritm esans sakre nou ak kè nou leje"
~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)
Pou w gen plis anpriz sou tout tan ak pwòp tan ou jodi a.
Pou w gen plis estim ak konfyans. Pou w pran pi bon swen kè ak nanm ou, kò, tèt ak lespri w epi enviwònman ou.
Pou w jwi lajwa fondamantal konsyans lakontantman verite entegrite ekilib nou pou nou pi byen viv alawonnbadè.
Ou nan espas pataj resous sou tout sa, sou chimen mouvman revolisyon lanmou je klè, respè ak lajwa, disiplin ak imilite...
Pou nou kadanse lavi nou anfòm total kapital kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni ak enfini esans nou epi prezans total nou anmouvman swen tèt nou pou konkèt tèt nou.
Pou nou kadanse lavi ak vibrasyon ekilib epi amoni menm jan ak fòs enèji tikatkat.
Enfini esans ou se, vibrasyon pwisans enèji lavi w. Se evidans pou ba w elan viv prezans total ou nan chak moman ak odas manifeste tout moun ou ye nan tout aspè lavi w.
Espas sila a, mete w douvan pwisans prezans total ou anmouvman swen tèt ou pou konkèt tèt ou, pou kadanse w rete djanm nan chemen gadyen esans sakre w.
Jounen sa, anliyen ak revolisyon kiltirèl ke eritaj inevitab ou mennen, gen enpòtans kapital.
Vèvèy mèvèy enèji lavi w ke w presève, se mouvman esansyèl.
N ap louvri chemen epi pataje ak onè, de bra ak kè louvri, pou nou leve yon kokenn fòs (egregò) respè, je klè, entegrite ekilib nou, rit pasaj ki enskri nan memwa kemetik zansèt nou yo pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Kadanse konkèt tèt ou ouvri espas la...
Nou ka fè konesans sou Mwen Kadanse Konkèt Tèt Mwen oswa Pran kontak pou nou pale isit la.
Mwen envite w ouvri kè w pou w aprann, apresye epi angaje w nan pwisans jounen sa.
Nou bezwen angaje mouvman kadanse respè, je klè, disiplin ak imilite absoliman pou nou kanpe ak klate entegrite ekilib nou pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Nou Se Youn! Nou dwe pataje ak anndan nou pi vre pase tout aparans epi kominike de bra ak kè louvri, san pè.
Nou dwe gen odas lajwa fouye pran epi viv lwa rasin nou, esans vitalite nou.
Lanmou je klè, respè ak lajwa, disiplin ak imilite dwe nan tout, toujou, toupatou, nan chak mo, nan chak moman, nan kè fondas sous rasin nou.
Gen sous enspirasyon, retrospeksyon, entwospeksyon ak respè tèt nou epi zòt, ki la pou ou nan tradisyon kiltirèl nou.
Ou merite tout atansyon wout la mande. Kadanse esans ou pou kè w bat ak tout fòs lavi ou.
Swen tèt ou pou konkèt tèt ou ak lanmou, respè, lajwa, je klè, disiplin ak imilite epi prezans total ou nan chak mouvman w, degaje richès KIMOUN NOU YE tout bon, pou w pi byen kadanse entegrite ekilib ou, pou w pi byen viv chak moman devni w.
Vidéo de Vox Sambou : Vox Sambou - Toya (Official Video) @voxsamboumusic | orcd.co/hayti-lives
Video Evazyon : Evazyon - Eritaj (Full Album) @evazyon2017
Kontinye nan boutique Mouvement de mieux-vivre la
Anliyen toujou pi byen ak lesansyèl, pou lespri w ak kò w djanm ak fòs serenite mantal ou,
epi sèvi ak zouti pratik nan fè chimen w.
Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.
Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...
♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
ONÈ! Mwen se Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa Kadanse nou) !
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.
Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm eritaj inevitab pou nou pi byen pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.
Eritaj inevitab nou mennen revolisyon kiltirèl sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt pou nou pi byen viv alawonnbadè.
Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.
Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.
Eritaj inevitab nou, ki mennen revolisyon kiltirèl sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou, se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.
Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou nan chak moman devni nou, rit pasaj nan memwa kemetik zansèt nou yo.
Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba !
Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.
Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.
Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.
Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.
Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.
Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.
Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.
Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.
Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.
Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.
Mwen kadanse ritm eritaj kiltirèl zansèt mwen yo nan filozofi Vodou ki montre m chemen lonbrit rasin mwen ki se rasin mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt nan chak moman devni nou
Nou se apranti. Nou se gerisè. Nou fè youn ak latè, linivè epi lenfini. Nou fè kò ak konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou nan lanmou, respè ak entegrite swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Konsyans sa a fondamantal pou retabli ekilib ak entegrite pou tèt nou epi esans sakre limanite ki konpwomèt.
Video de + pure & simple solution : Rythme Congo : joie du coeur | Rit Kongo: lajwa nan kè | Congo rhythm: joy in essence #danse #dance @Grann_nanlistwa | revolisyon kadansenou.com
Video Evazyon : Jo-J - Leve kanpe feat D-FI Powèt Revòlte (Videyo Ofisyèl) | Cynthia Erivo Cover @evazyon2017
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
♥ Chimen limyè sa, sou eritaj inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
''Pou konprann kilti yon pèp, etidye jan l kadanse.
Pou konprann kadanse l, etidye pèp la.''
~ Chuck Davis
Vidéo de Vox Sambou : Vox Sambou - Toya (Official Video) @voxsamboumusic | orcd.co/hayti-lives | Omaj pou Toya, sòlda Afriken fan’m djanm ki te konseyè Anperè Jean-Jacques Dessalines, fondatè Ayiti; Toya apran’n Anperè a kijan pou li goumen ak dirije. Respè ak Onè pou zansèt nou yo!!!
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!