kadanse konkèt tèt ou,
pou w pi byen viv pase, prezan ak fiti


                                

Nou se mouvman engaje

Mwen kadanse paske nou fè kò ak legzistans nan lajwa ritm vital kadans konkèt tèt mwen anmouvman konsyans tout enkonsyans | zèv atis Alfred Alexander Gockel

Kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w, lespri w ak memwa w anmouvman elevasyon amonize, anliyen ak revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab ou

Nou se mouvman angaje.

 Nou fè kò ak legzistans anmouvman elevasyon amonize angaje.
Nou se lajwa fondamental rit vital nou anmouvman elevasyon amonize angaje.

Kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w, lespri ak memwa w anmouvman elevasyon amonize

Ou se pwofonde pwòp tèt ou, ou pa fèt pou w chita nan okenn kategori.

Ou se kokenn vèvèy mèvèy! Ou se alafwa atis, zèv epi sijè.

Ou se kreyasyon ki toujou ap evolye. Ou se mouvman iltim ki transande tout tan.

Kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w se fòs lakonesans, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri w, ki mennen fòs evolisyon natirèl ki fè nou grandi tout bon.

kadanse w se miwa lespri w paske kadanse w se mouvman epi mouvman pa nan bay manti.

Paske li mete nou fas-a-fas ak esans lespri nou se yon rezon fondamantal poukisa mouvman revolisyon kiltirèl inevitab kadanse sou ritm esans sakre nou esansyèl sou chemen entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Isit la a, se bèl kote pou nou pataje pou nou engaje mouvman revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab nou ak kadanse konkèt tèt nou sou ritm esans sakre nou.

Ou sou chemen otantik 

Ou se vèvèy mèvèy kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w

Vèvèy mèvèy kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w kenbe gwo kokenn fòs ak pwisans.

Vèvèy mèvèy kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w, se pwisans ki pèmèt ou jwenn ekilib ak tout sa ki abite w.

Pwisans sa a se yon koneksyon fòmidab kè ak nanm, kò, tèt ak lespri.

Nou gen toujou pou nou fè eksperyans jis ki pwofonde ak ki dimansyon kadanse sou ritm esans sakre nou ka fè nou touche. Enèji vital nou anmouvman kenbe esans ekilib kè ak nanm, kò, tèt, lespri nou. | Atizay: Afrikan Yoga<br> 
<b>Toutotan n ap mache chemen ap louvri. Se anmouvman nou egziste.</b> | Zèv orijinal: NAZAREGINou gen toujou pou nou fè eksperyans jis ki pwofonde ak ki dimansyon kadanse sou ritm esans sakre nou ka fè nou touche. Enèji vital nou anmouvman kenbe esans ekilib kè ak nanm, kò, tèt, lespri nou. | Atizay: NAZAREGI

Toutotan n ap mache chemen ap louvri. Se anmouvman nou egziste.

Kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w se viv pouvwa swen tèt ou san mezi, san limit.

Nou gen toujou pou nou fè eksperyans jis ki pwofonde ak pwisans epi ki dimansyon kadanse konkèt tèt nou sou ritm esans sakre nou ka fè nou touche.

Nou gen toujou pou nou eksplore tout posibilite nou pou nou mete limyè sou tout rèv ak reyalite epi fè tout moun rete bèbè ak lakontantman, pwòp tèt nou tou.

Nou gen toujou pou nou vibre ak tout fòs, fleksibilite, finès epi kapasite nou san limit kote esans sakre nou kore vèvèy mèvèy nan tout defi. 

Nou gen toujou pou nou metrize tout pouvwa kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou ka rive jwenn sou zèl kadanse sou ritm esans sakre nou.

Nou gen toujou pou nou byen konprann vèvèy mèvèy kadanse konkèt tèt nou sou ritm esans sakre nou kenbe pou soulaje epi retire malèz ak maladi ki pou brime kè ak nanm nou, kò, tèt ak lespri nou.

Nou gen toujou pou nou deplwaye tout grandè vèvèy kadanse konkèt tèt nou sou ritm esans sakre nou epi jwenn tout bon ak grandè vèvèy mèvèy nou ye.

Nou gen toujou pou nou wè aklè limyè revolisyon kiltirèl toutotan ke sosyal, ekonomik, politik epi espirityèl kadanse konkèt tèt nou sou ritm esans sakre nou kenbe ak tout pwisans ekilib kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Ou vle pataje kadanse w?

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou

« Mache, epi chemen va louvri. » ~ Pwovèb Zen | « Tout bagay kòmanse ak yon lide.» ~ Khefista Shemzoumot

Eksperyans, angajman, defi, lanmou ak lajwa nou pataje ak anpil respè, bay pwòp tèt nou limyè epi klere lakou lakay nou ak anpil lòt lakou.

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadans w...

Paske nou tout bezwen viv ak RESPÈ, JE KLÈ epi ENTEGRITE. Kidonk annou pataje. Annou voye monte enèji bèl tèt ansanm k ap vin yon kokenn fòs (egregò) respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt nan chak moman devni nou.

*egregò: Yon egregò fèt ak kouran yon lide ki menmen pwisans tèt ansanm. Lè anpil moun reyini nan yon bi komen ak menm konsyans, menm entansite, yo devlope epi yo repann pwisans enèji komen sa a.

Imajine...

° Pwisans enèji komen respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt k ap mete kaba kèlkeswa fòm tout laperèz...

° Pwisans enèji komen respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt k ap mete kaba move mès fè lagè tout kote, tout jan...

° Pwisans enèji komen respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt k ap voye monte mèvèy vèvèy mouvman revolisyon kiltirèl kadanse sou ritm esans nou...

Tout bagay kòmanse ak yon lide.

Swiv angajman inevitab depi tout tan pou presève anviwònman endividyèl epi kolektif ki djanm ak respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt ak pwisans esans sakre kadanse nou pou tout jenerasyon ki swiv leve grandi kè ak nanm, kò, tèt ak lespri an elevasyon amonize.

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadans ou...
(Ekri ant 400 epi 10 000 mo. Rakonte eksperyans ou, angajman w, defi w, lanmou ak lajwa w. Ou ka mete 4 foto tou. Pou video, mete lyen an kote ou vle nan tèks ou ekri a. Ou ka email nou video w tou nan khefista@gmail.com. Nou revize chak pwopozisyon ak anpil atansyon anvan nou piblye.) 

Chak pataj transmèt yon WI pou prezans total ou ak RESPÈ, JE KLÈ epi ENTEGRITE ekilib ou nan chak moman devni w. Plis gen WI, plis vèvèy enèji egregò tèt ansanm revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab nou sa posib, sou ritm esans sakre nou.

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadans ou!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse!
 

Kadanse rèv ou, konprann epi kwè tankou Emeline Michel, rèv ou se manman reyalite w!
Video Femmehaitienne: Emeline Michel Gade Papi Video from Reine de Coeur Album @Femmehaitienne

♥ Eksperyans, angajman, defi, lanmou ak lajwa nou pataje ak anpil respè, bay pwòp tèt nou limyè epi klere lakou lakay nou ak anpil lòt lakou. ♥

Pataje la...

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥

Mwen kadanse, ou kadanse, nou bezwen kadanse esans nou!

SA NOU OZE PATAJE:

Jounen entènasyonal kadanse nou:
Mesaj Kebèk ak Louise Lecavalier
 
Mesaj kebèk pou jounen entènasyonal kadanse nou 2019 | Louise Lecavalier ak Québec Danse . Kadanse... Kadanse pou prezans nou Kadanse …

Mwen pa konn danse,
men pawòl mwen yo
se yon yanvalou pou ou
 
Mwen pa konnen danse. Si yon moun ta mande mwen kisa ki atire mwen nan espas nou ye la a? Mwen va reponn: Prezans mwen isit la soti nan pasyon mwen …

M ta renmen aprann kadanse tradisyon nou 
Depi m piti mwen renmen gade moun k ap danse vodou, k ap kadanse tradisyon nou yo. M te toujou reve danse menm jan an, se te anvi m pou m antre nan …

Pouki sa mwen pa chante epi danse ankò? 
Pa pi lwen ke jodi a, mwen tanmen yon refleksyon sou renmen danse. Mwen te renmen danse, mwen te toujou ap chante epi danse. Lè m t gen 14 rekòt kafe …

* Write your own... | ** Écris ton propre partage... | *** Ekri pataj pa ou...


Kadanse w toujou valid

Pa gen 2 kadanse ki menm, kadanse w toujou valid

Damou ak byennèt epi lafòm total ou viv anmouvman natirèl...

Damou ak fòs vibrasyon entegrite kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w...

Damou ak koneksyon w sou kadans mouvman w ki mennen ekilib, ki pèmèt liannaj pou nou rasanble fòs nou, pou nou kole zepòl...

Damou ak chalè nan kè w lè w ap viv fòs sajès lakonesans ak lespri w nan kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w...

Damou ak bèl mèvèy kò w anmouvman natirèl...

Damou ak lajwa rit enèji vital ou...

Damou ak resonans pawòl ak ekspresyon sajès epi pwovèb pou nou anliyen ak vèvèy mèvèy elevasyon lespri nou...

Onè! Ou lakay ou pou w pi byen kadanse konkèt tèt ou sou ritm esans sakre w...

Se bèl plezi tout bon pou mwen sèvi nou nan espas kwaze chemen sila a.

Se privilèj nou pou nou kenbe aktif pwisans mouvman revolisyon kiltirèl inevitab kadanse prezans total nou nan jounen sa a.  

N ap devlope lakonesans tèt nou pi plis, antanke gadyen esans sakre kadanse nou. N ap jwi ekilib ak entegrite nan lajwa revolisyon swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

N ap aprann kadanse sou ritm esans sakre nou ak pwisans enèji lavi nou. 

Nou nan pataj ak konviksyon tout fòs grandè enèji pozitif lespri nou. Nou se youn.

N ap mache konnen sou fòs revolisyon kadanse w, epi enpòtans tradisyon kiltirèl kadanse nou depase tan ak espas

N ap resevwa epi simaye pawòl ak ekspresyon sajès epi pwovèb

N ap chèche rejwenn tout kominote sou planèt la epi aktive lyannaj nan lemonn entye ak Boutik resous pou pwofonde ritm prezans total nou nan voye monte rit siblim pou limanite.

N ap rejwenn, epi pataje, pi fò, pi fon, limyè nou toujou ye.

♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥

Khefista
| Grann Nan Listwa

revolisyon Kadanse nou

Kadanse konkèt tèt ou sou pou w pi byen viv pase, prezan ak fiti

Kontni sit la - tout chemen yo


New! Comments

Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.