Pou w aprann kadanse enèji lavi w ak rit sakre esans enfini nanm ak lespri w, fõk ou fè lyannaj ak orijin souf ou.
Ritm esans enfini enèji sakre kè, nanm ak lespri w manifeste ak konsyans souf ki nan chak mouvman w.
Konsyans souf ki nan chak mouvman w konekte w ak linivè epi tout enèji ki kore fõs vital ou.
⥁ Lyannaj ak origin souf ou
⥁ Enèji mouvman nou kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou
⥁ Se Mèt Kò Ki Veye Kò!
⥁ An mouvman pou nou pwofonde chemen nou
⥁ Ou kadanse? Eske nou ka aprann kadanse ?
⥁ Aprann kadanse enèji lavi nou epi bay leson
⥁ Ritm ak kilti nou
⥁ Antropoloji kiltirèl ak etnoloji pwofonde valè aprann
⥁ Enèji sakre kadanse w kenbe kouran enèji lavi w
⥁ Tradisyon kadanse nou presève kouran enèji sakre nou
"Mande chemen pa vle di pèdi pou sa"
~ Pwovèb Kreyòl Ayisyen
| Sous: YMJ PRODZ | Tòp 30 provèb Ayisyen ou dwe byen konnen @YMJ
Video EmarcyRecords: Rokia Traore - Dounia @EmarcyRecords
Pataje vèvèy defi prezans total ou. Depoze kadanse w pou konkèt tèt ou!
♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
Yon senp kouran enèji vibre, touche zantray, kè, estomak, pye, tèt, zepòl ak men nou.
Lespri nou vin leje. Se rit. Se mouvman. Se enèji latè ki rekonèt kò nou anmouvman.
Enèji yo sikile, kouran lib. San sikile fasil.
Tout fonksyon intèn nou anmouvman epi chak grenn patikil nan kò nou konekte ak esans enfini nanm nou.
Se enèji konsyans kadanse esans sakre nou ki senkronize ak rit esans enfini nanm nou epi lyen nou ak linivè.
Se enèji pou lafòm total kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.
Pwovèb kreyòl sila pran tout sans li avèk konsyans kò nou se yon repozwa, kò nou se yon tanp.
Nou bezwen ravive senp sajès tradisyon epi sonje, kijan epi poukisa, pouvwa yo manifeste nan fondas konsyans nou.
Nou bezwen chèche konprann kisa pou nou kenbe fò pou nou viv ekilib epi amoni ak tèt nou, anvironman nou, epi linivè.
Aprann kadanse enèji lavi nou kore sajès ki fè kò ak kè nou. Kouran enèji konsyans mouvman nou pran fòm nan kò nou. Kouran enèji konsyans mouvman nou bay kò nou konsyans fòs espirityèl nou. Kouran enèji konsyans mouvman nou lemante nou ak lakonesans fondas zantray nou epi pwisans enèji lavi.
Video TiMOSTAR: KA...PALÉ à Duval (Petit—Canal) — 04-2014 @timostar_971
Pataje vèvèy defi prezans total ou. Depoze kadanse w pou konkèt tèt ou!
♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
"Koute chante w epi kadanse ritm enèji sakre esans ou"
~ Khefista Shemzoumot
Nou mete nou anmouvman ak senplisite menm jan nou pwofonde pwogrè natirèl lè nou timoun piti.
San jijman nou...
Sa se yon verite ki pap febli toutotan tout fòs bezwen konnen nou ak limyè kreyativite nou byen nouri. Epi menm otreman...
Video Oslo World: Tabanka Dance Ensemble - I:OBJECT @osloworld
Pataje vèvèy defi prezans total ou. Depoze kadanse w pou konkèt tèt ou!
♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
Video Vodou Se Lavi: Lign ki nan pla men nou-Vodouselavi @VodouSeLavi
Pataje vèvèy defi prezans total ou. Depoze kadanse w pou konkèt tèt ou!
♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
Se yon bagay natirèl! Nèspa?
N ap aprann chak jou ak fyète, lakontantman ak lajwa nètale.
Anmenmtan, nou konn tande moun ki di, ou petèt ou se youn nan moun ki di: "Mwen pa ka danse"
"Nou se sous lavi, lè nou kadanse esans sakre nou ak kè nou leje"
~ Khefista Shemzoumot
Gen moun ki pa ka mache epi ki ka danse.
Yo kadanse ak bra yo. Yo kadanse ak tèt yo.
Yo kadanse nan tèt yo.
Yo kadanse ak silans, frekans mouvman yo ap vibre anndan yo.
Epi sa fonksyone!
Enèji a la, lajwa a, koneksyon an, tout la!
Kadanse nou se rit nanm nou anmouvman.
Nan aprann kadanse enèji lavi nou epi bay leson, nou se kanmarad nan yon moman enfini ak...
Anviwònman aprann kadanse enèji lavi nou epi bay leson aji sou kèlkeswa kadanse a.
Konsa tou, aprann nan klas oswa sou entènèt, kòm timoun, kòm jenn oswa granmoun, kote ki gen fokis antrennman, nan rityèl kadanse nou oswa retrèt gerizon, tout mennen eksperyans ki aji sou plisyè dimansyon.
Chak anviwònman kote nou aprann gen enteraksyon mouvman pa li avèk kesyon epi repons kò nou.
Ak ritm esans sakre nou, aprann kadanse enèji lavi nou toujou parèt tankou yon solisyon senp epi natirèl; yon senp kouran enèji anmouvman.
Nou bezwen ritm pou nou kadanse.
Nan tout kilti, ritm aji sou kalite lavi nou menm jan kè aji sou kò.
Alòs, kwè m pa kwè m, kadanse nou se kadyomèt lakilti ki bay fòs ak kalite batman kè li.
Ou vle viv ekilib ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri w?
Kadanse ak esans sakre mouvman w, ak tout enèji vital ou!
Esans sakre mouvman w kenbe vibrasyon ki konekte w ak ritm esans enfini nanm ak lespri w.
Ou fè eksperyans lan! Ou konnen!
Otreman, ou ka pa kwè m sou pawòl. Alòs, fè tèt ou konfyans.
Kite kò w fè kò ak kè w! Kadanse! Viv sansasyon an! Se senp!
Ak menm senplisite a, nou onore byennèt kè ak nanm, kò, tèt, ak lespri nou.
Sa nou onore, toujou sakre.
Tout vibrasyon mouvman nou ki konekte kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni, anliyen ak ritm linivè epi bon jan swen tèt nou, toujou sakre: Se toujou enèji sakre.
Eske se etonan ke nan tout tradisyon ak tout kilti, anpil nan repètwa ki enpòtan lye ak lespri divinite, rit pasaj, fòmasyon pou swen tèt nou epi swen espirityèl?
Enèji lavi ak ritm sakre konsyans mouvman nou jwenn anpil rekonesans, aktyèlman, nan tandans popilè tankou retrèt pou swen tèt nou.
Lemonm modèn toutfwa, pa fè ka pouvwa kadanse enèji lavi nou nan mouvman chak moman, mouvman banal detoulejou.
Alòske, pèsonn pa p ka janm nye ke lè nou bay kò fizik nou swen, ak senplisite konsyans natirèl nan kè nou, nou bay tèt, nanm ak lespri nou bon jan swen tout bon vre anmenmtan.
Video Ville du Robert - Martinique: Gran moman bèlè lajeness - samedi 29 avril 2017 @VilleduRobertMartinique
Pataje vèvèy defi prezans total ou. Depoze kadanse w pou konkèt tèt ou!
♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
Antropoloji kiltirèl modèn se yon domèn rechèch nan syans sosyal sou koutim yon sosyete. Domèn sa a gen orijin li, epi vin devlope sou enpak etnoloji nan 19e syèk.
Etnoloji se konparezon jan pèp òganize nan sosyete li. Nan etnoloji kadanse nou kòm branch antropoloji kiltirèl, nou etidye sa ki parèy ak sa ki pa parèy nan kilti chak pèp baze sou eritaj kadanse tradisyon plisyè kominote.
Konesans sila louvri vizyon etidyan epi pwofesè konprann enpòtans lan.
Konesans sila chaje ak nivo konsyans epi bon zouti pou nou travay fòs memwa kò nou.
Konesans sila ban nou plis nannan pou nou pwofonde pwogrè evolisyon nan leson pou nou aprann kadanse enèji lavi nou.
Video Tabanka Crew: African traditional Ostrtch dance @bodyroll83
Pataje vèvèy defi prezans total ou. Depoze kadanse w pou konkèt tèt ou!
♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
Kontinye nan boutique Mouvement de mieux-vivre la
Anliyen toujou pi byen ak lesansyèl, pou lespri w ak kò w djanm ak fòs serenite mantal ou,
epi sèvi ak zouti pratik nan fè chemen w.
Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.
Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...
♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
ONÈ! Mwen se Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa revolisyon Kadanse nou) !
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite entegrite diyite nou.
Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, eritaj inevitab pou nou pi byen pran swen tèt nou.
Eritaj inevitab nou mennen revolisyon kiltirèl sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.
Nou tout kadanse lavi tankou tout bagay epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.
Eritaj inevitab nou, ki mennen revolisyon kiltirèl sou ritm esans sakre nou, se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.
Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou nan chak moman devni nou, rit pasaj nan memwa zansèt kemet nou yo.
Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba !
Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.
Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak devosyon fè epi refè ekilib lavi a.
Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt nan chak moman devni nou.
Pou nou ede nou toujou edike tèt nou pou nou kadanse ak fòs esans sakre nou.
Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak fòs pwisans swen tèt nou nou deplwaye pou konkèt tèt nou.
Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.
Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.
Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou pi byen sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou nan chak moman devni nou.
Pou nou ede nou louvri chemen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.
Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj kilti abondans sou ritm respè, je klè, ekilib epi entegrite nan chak moman devni nou, ak pwisans gadyen esans sakre kadanse nou, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.
Mwen kadanse ritm eritaj kiltirèl zansèt mwen yo nan filozofi Vodou ki montre m chemen lonbrit rasin mwen ki se rasin mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt nan chak moman devni nou
Nou se apranti. Nou se gerisè. Nou fè youn ak latè, linivè epi lenfini. Nou fè kò ak konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou nan lanmou, respè ak entegrite swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Konsyans sa a fondamantal pou retabli ekilib ak entegrite pou tèt nou epi esans sakre limanite ki konpwomèt.
Video de + pure & simple solution : Rythme Congo : joie du coeur | Rit Kongo: lajwa nan kè | Congo rhythm: joy in essence #danse #dance @Grann_nanlistwa | revolisyon kadansenou.com
Video Evazyon : Jo-J - Leve kanpe feat D-FI Powèt Revòlte (Videyo Ofisyèl) | Cynthia Erivo Cover @evazyon2017
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
♥ Chimen limyè sa, sou eritaj inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥
''Pou konprann kilti yon pèp, etidye jan l kadanse.
Pou konprann kadanse l, etidye pèp la.''
~ Chuck Davis
Vidéo de Vox Sambou : Vox Sambou - Toya (Official Video) @voxsamboumusic | orcd.co/hayti-lives | Omaj pou Toya, sòlda Afriken fan’m djanm ki te konseyè Anperè Jean-Jacques Dessalines, fondatè Ayiti; Toya apran’n Anperè a kijan pou li goumen ak dirije. Respè ak Onè pou zansèt nou yo!!!
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!