🤍 Pran yon moman. ◉ | 💙 Prends le temps. ◉ | 💚 Take the time. ◉  →  🎁 Kado

           

Ou ka fè ritm kadanse w fè kò ak ritm ekilib devni w atravè rit pasaj

Ritm kadanse w fè kò ak ritm ekilib devni w lè li anliyen ak ritm souf esans ou ki sakre, eritaj vivan inevitab zansèt nou.

Kadanse w fè kò ak eritaj respè, je klè, epi entegrite ritm ekilib devni w pou w pi byen viv chak moman lavi w, atravè rit pasaj inevitab ki sere pou ou nan memwa kemetik zansèt nou yo.

Nou se mouvman angaje. Rit pasaj gide mouvman nou nan espas ak tan epi yo ka konekte nou ak vre sans esans nou oswa devye chemen nou.

Kadanse w fè kò ak eritaj respè, je klè, epi entegrite ritm ekilib devni w pou w pi byen viv chak moman lavi w, atravè rit pasaj inevitab ki sere pou nou nan memwa kemetik zansèt nou yo.Kadanse w fè kò ak eritaj respè, je klè, epi entegrite ritm ekilib devni w pou w pi byen viv chak moman lavi w, atravè rit pasaj inevitab ki sere pou nou nan memwa kemetik zansèt nou yo.

Ekri istwa w... ✍🏾

Lespri w dwe poze byen dwat ak reyalite ritm lanati epi reyalite ritm linivè.

Ou se pitit linivè

Nou se pitit linivè

Kadanse w fè kò ak ritm eritaj respè, je klè, epi entegrite ritm ekilib devni w pou w pi byen viv chak moman lavi w atravè rit pasaj inevitab ki sere pou nou nan memwa kemetik zansèt nou yo.

Lavi a pa wout fasil. Klate chemen yo konn chape pou nou soti nan yon sezon rive nan lòt. Kote pou nou mete konfyans nou parèt jwèt bolèt anpil fwa.

Pa gen pwomès pou nou kenbe. Gen responsabilite pou nou rekonèt epi konprann

Rasin nou se san nou.

Sa nou mete nan tèt ak lespri nou epi pawòl nou dwe anliyen ak entegrite ritm ekilib devni nou ki toujou ap fèt pou nou pi byen viv chak moman lavi nou.

Rèv nou, nan nannan espas ak tan, anliyen ak ritm linivè.

Rèv nou pote mesaj.

Pa janm pè li kè w.

Nou lye ak linivè. Linivè se lenfini.

Nou se sous lavi lè nou kadanse sou ritm souf esans sakre nou, ritm eritaj vivan inevitab zansèt nou, kè nou leje.

Chante chante w, kadanse kadanse w, kadanse sou ritm esans sakre w, kadanse prezans total ou nan linivè, lespri w liminen ak je klè epi kè w leje.

antoutonè ♥

Chemen ekilib devni nou nan chak moman lavi nou

Ou kadanse entegrite ekilib devni w pou w fè kò ak eritaj vivan ki pran souf nan esans ou, atravè pwisans enèji prezans total ou epi lyannaj ak zansèt ou.

Chemen ekilib devni w se kadanse w sou ritm fondamantal ou, ritm eritaj vivan inevitab zansèt ou.

Se poutèt sa, pou w toujou chèche mache ak fõs enèji prezans total ou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri w an amoni.

Grann Nan Listwa Kadanse nou ak-rit-kadanse-prezans-total-nou | Kadanse kadanse w sou ritm eritaj vivan inevitab zansèt ou - ritm fondamantal ou. Mache ak fòs enèji prezans total ou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespriKadanse kadanse w sou ritm eritaj vivan enevitab zansèt ou - ritm fondamantal ou. Mache ak fòs enèji prezans total ou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri
| ~ Grann Nan Listwa revolisyon Kadanse nou

Rive jwenn pwisans vital esans sakre w ak pwisans enèji prezans total ou

"Kadanse sou ritm esans sakre w, eritaj vivan inevitab zansèt ou, pwisans enèji vital ou." | ~ Grann Nan Listwa revolison Kadanse nou"Kadanse sou ritm esans sakre w, eritaj vivan inevitab zansèt ou, pwisans enèji vital ou." | ~ Grann Nan Listwa revolison Kadanse nou

Ou kadanse sou ritm esans sakre w paske se klè metrès la, pou w pwofonde pwisans enèji vital ou.

"Tout bagay kòmanse ak yon lide."
~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)

"Anmouvman chemen louvri."
~ provèb zen

"Nou se sous lavi lè nou kadanse sou ritm esans sakre nou ak kè nou leje"
~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)

Pou w gen plis anpriz sou tout tan ak pwòp tan ou jodi a. 

Pou w gen plis estim ak konfyans. Pou w pran pi byen swen kè ak nanm ou, kò, tèt ak lespri w epi kominote ak enviwònman ou. 

Pou w jwi lakontantman ak konsyans sous entegrite ritm ekilib devni w nan chak moman lavi w. 

Ou nan espas pataj resous sou tout sa, sou chemen revolisyon kiltirèl ak lanmou je klè, respè, disiplin epi imilite... 

Pou nou kadanse lavi ak pwisans prezans total nou menm jan pwisans natirèl enèji tikatkat konn deplwaye. 

Enfini esans ou, se sous elevasyon pwisans enèji lavi w, se fondas pou ba w elan viv prezans total ou nan chak moman ak odas manifeste tout moun ou ye nan tout aspè lavi w.

Chemen sila louvri sou amoni ak pwòp tèt ou epi esans ou, pou mennen bon jan gerizon, senp & natirèl

Espas sila a, mete w douvan pwisans prezans total ou nan chemen swen tèt ou pou konkèt tèt ou, pou kadanse w rete djanm ak fòs gadyen esans sakre w. 

Jounen sa, anliyen ak revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab zansèt ou, gen enpòtans kapital. 

Vèvèy mèvèy enèji lavi w ke w ap mache presève, se chemen esansyèl.

N ap louvri chemen epi pataje ak onè, de bra ak kè louvri, pou nou leve yon kokenn fòs (egregò) respè, je klè, entegrite ritm ekilib devni nou, atravè rit pasaj ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo pou nou pi byen viv chak moman lavi nou.

Kadanse konkèt tèt ou ouvri espas la...

Pawòl Pou Ou ! Mete w Alèz!

Nou ka fè konesans tou sou Kijan mwen Kadanse oswa Pran kontak pou nou pale isit la.

Mwen envite w ouvri kè w pou w aprann, apresye epi angaje w nan pwisans jounen sa.

Nou bezwen angaje nan kadanse respè, je klè, disiplin ak imilite absoliman pou nou kanpe ak klate entegrite ritm ekilib devni nou pou nou pi byen viv chak moman lavi nou.

Nou Se Youn! Nou dwe pataje sa ki anndan nou pi vre pase tout aparans epi kominike de bra ak kè louvri, san pè. 

Nou dwe gen odas lajwa fouye pran epi viv lwa rasin nou, esans vitalite nou.

Lanmou ak je klè, respè ak lajwa, disiplin ak imilite dwe nan tout, toujou, toupatou, nan chak mo, nan chak moman, nan kè fondas ak sous rasin nou.

Gen sous enspirasyon, retrospeksyon, entwospeksyon ak respè tèt nou epi zòt, ki la pou ou nan tradisyon kiltirèl nou.

Ou merite tout atansyon wout la mande.

Kadanse esans sakre w, eritaj vivan inevitab zansèt ou, pou kè w bat ak tout fòs enèji lavi w.

Eksplore kijan esans kadanse w se repons pou tout bezwen w pou ritm bon jan ekilib ou

Konprann pwisans kadanse prezans total ou pou fòtifye bon jan swen enèji lavi w.

Swen tèt ou pou konkèt tèt ou ak lanmou, respè, je klè, disiplin epi imilite kore ak pwisans prezans total ou, degaje richès KIMOUN NOU YE tout bon, pou w pi byen kadanse entegrite ritm ekilib devni w, pou w pi byen viv chak moman lavi w.


Ekri istwa w... ✍🏾
Poze lespri w sou kijan revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab zansèt nou, aliyen w pou pwofonde Kimoun Ou Ye Tout Bon pou w pi byen kadanse entegrite ritm ekilib devni w, atravè rit pasaj inevitab ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo. | Zèv atis Reginald Nazaire / NAZAREGIPoze lespri w sou kijan revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab zansèt nou, aliyen w pou pwofonde Kimoun Ou Ye Tout Bon pou w pi byen kadanse entegrite ritm ekilib devni w, atravè rit pasaj inevitab ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo. | Zèv atis Reginald Nazaire / NAZAREGI

Ekri istwa w... ✍🏾

Khefista
| Grann Nan Listwa

revolisyon Kadanse nou

Kadanse ritm ekilib devni w ki toujou ap fèt

Kontni sit la - tout chemen yo