|
Kadanse ritm eritaj vivan inevitab ou ak entegrite ekilib ou pou w pi byen viv chak moman devni w ak Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa revolisyon Kadanse nou) | Pou pitit gason m, pitit gason nou ak pitit fi nou, oumenm, avèk onè pou zansèt nou yo... |
Kadanse w kenbe ritm eritaj souf esans ou ki sakre.
Kadanse w kenbe eritaj mouvman respè, je klè, epi entegrite ekilib ou pou w pi byen viv chak moman devni w, rit pasaj inevitab ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo.
Kadanse w kenbe eritaj mouvman respè, je klè, epi entegrite ekilib ou pou w pi byen viv chak moman devni w, rit pasaj inevitab ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo.
🌿 Navigasyon ♥
Ou se pitit linivè
Nou se pitit linivè
Kadanse w kenbe ritm eritaj mouvman respè, je klè, epi entegrite ekilib ou pou w pi byen viv chak moman devni w, rit pasaj ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo.
Lavi a pa wout fasil. Klate chemen yo konn chape pou nou soti nan yon sezon rive nan lòt. Kote pou nou mete konfyans nou parèt jwèt bolèt anpil fwa.
Pa gen pwomès pou nou kenbe. Gen responsabilite pou nou rekonèt epi konprann
Rasin nou se san nou.
Sa nou mete nan tèt ak lespri nou epi pawòl nou dwe anliyen ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Rèv nou, nan nannan espas ak tan, anliyen ak ritm linivè.
Rèv nou pote mesaj.
Pa janm pè li kè w.
Nou lye ak linivè. Linivè se lenfini.
Nou se sous lavi lè nou kadanse sou ritm esans sakre nou, kè nou leje.
Chante chante w, kadanse kadanse w, kadanse sou ritm esans sakre w, kadanse prezans total ou nan linivè, lespri w liminen ak je klè epi kè w leje.
antoutonè ♥
Kadanse entegrite ekilib ou pou w fè kò ak eritaj vivan ki pi pre esans ou, atravè pwisans enèji prezans total ou.
Kadanse kadanse w sou ritm eritaj fondamantal ou, mache ak fõs enèji prezans total ou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri.
Kadanse kadanse w sou ritm eritaj fondamantal ou, mache ak fõs enèji prezans total ou, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri
Kadanse sou ritm esans sakre w, pwisans vital enèji sakre w | ~ Grann Nan Listwa revolison Kadanse nouKadanse sou ritm esans sakre w, pwisans vital enèji sakre w epi kle metrès prezans total ou.
"Tout bagay kòmanse ak yon lide."
~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)
"Anmouvman chemen louvri."
~ provèb zen
"Nou se sous lavi lè nou kadanse sou ritm esans sakre nou ak kè nou leje"
~ Khefista Shemzoumot (Grann Nan Listwa)
Pou w gen plis anpriz sou tout tan ak pwòp tan ou jodi a.
Pou w gen plis estim ak konfyans. Pou w pran pi byen swen kè ak nanm ou, kò, tèt ak lespri w epi enviwònman ou.
Pou w jwi lajwa fondamantal konsyans lakontantman verite entegrite ekilib ou nan chak moman devni w.
Ou nan espas pataj resous sou tout sa, sou chemen revolisyon kiltirèl ak lanmou je klè, respè, disiplin ak imilite...
Pou nou kadanse lavi, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni ak enfini esans nou epi prezans total nou anmouvman swen tèt nou pou konkèt tèt nou.
Pou nou kadanse lavi ak verite ekilib epi amoni menm tankou pwisans natirèl enèji tikatkat.
Enfini esans ou, se elevasyon pwisans enèji lavi w, se fondas pou ba w elan viv prezans total ou nan chak moman ak odas manifeste tout moun ou ye nan tout aspè lavi w.
Espas sila a, mete w douvan pwisans prezans total ou anmouvman swen tèt ou pou konkèt tèt ou, pou kadanse w rete djanm nan chemen gadyen esans sakre w.
Jounen sa, anliyen ak revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab ou, gen enpòtans kapital.
Vèvèy mèvèy enèji lavi w ke w presève, se mouvman esansyèl.
N ap louvri chemen epi pataje ak onè, de bra ak kè louvri, pou nou leve yon kokenn fòs (egregò) respè, je klè, entegrite ekilib nou, rit pasaj ki enskri nan memwa kemetik zansèt nou yo pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Kadanse konkèt tèt ou ouvri espas la...
Nou ka fè konesans sou Kijan mwen Kadanse oswa Pran kontak pou nou pale isit la.
Mwen envite w ouvri kè w pou w aprann, apresye epi angaje w nan pwisans jounen sa.
Nou bezwen angaje mouvman kadanse respè, je klè, disiplin ak imilite absoliman pou nou kanpe ak klate entegrite ekilib nou pou nou pi byen viv chak moman devni nou.
Nou Se Youn! Nou dwe pataje sa ki anndan nou pi vre pase tout aparans epi kominike de bra ak kè louvri, san pè.
Nou dwe gen odas lajwa fouye pran epi viv lwa rasin nou, esans vitalite nou.
Lanmou ak je klè, respè ak lajwa, disiplin ak imilite dwe nan tout, toujou, toupatou, nan chak mo, nan chak moman, nan kè fondas sous rasin nou.
Gen sous enspirasyon, retrospeksyon, entwospeksyon ak respè tèt nou epi zòt, ki la pou ou nan tradisyon kiltirèl nou.
Ou merite tout atansyon wout la mande. Kadanse esans ou pou kè w bat ak tout fòs lavi ou.
Swen tèt ou pou konkèt tèt ou ak lanmou, respè, lajwa, je klè, disiplin ak imilite epi prezans total ou nan chak mouvman w, degaje richès KIMOUN NOU YE tout bon, pou w pi byen kadanse entegrite ekilib ou, pou w pi byen viv chak moman devni w.
Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse!
Vidéo de Vox Sambou : Vox Sambou - Toya (Official Video) @voxsamboumusic | orcd.co/hayti-lives
Poze lespri w sou kijan revolisyon kiltirèl ki pran souf nan eritaj vivan inevitab nou, aliyen w pou pwofonde Kimoun Ou Ye Tout Bon pou w pi byen kadanse entegrite ekilib ou, rit pasaj ki sere nan memwa kemetik zansèt nou yo | Zèv atis Reginald Nazaire / NAZAREGI
Video Evazyon : Evazyon - Eritaj (Full Album) @evazyon2017
Khefista
| Grann Nan Listwa
revolisyon Kadanse nou
New! Comments
Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.