Entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt se kè ritm mouvman revolisyon kiltirèl inevitab sila


                    

Mouvman revolisyon kiltirèl sila inevitab.
Lespri nou dwe anliyen byen dwat ak reyalite lanati epi linivè
sou ritm kadanse respè, je klè, epi entegrite ekilib nou
ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Ou se pitit linivè

Nou se pitit linivè

Kadanse w kenbe eritaj ritm mouvman respè, je klè, epi entegrite ekilib ou ki toujou ap fèt alawonnbadè

Lavi a pa wout fasil. Klate chimen yo konn chape pou nou soti nan yon sezon rive nan lòt. Kote pou nou mete konfyans nou parèt jwèt bolèt anpil fwa.

Pa gen pwomès pou nou kenbe.

Rasin nou se san nou.

Sa nou mete nan tèt ak lespri nou epi pawòl nou dwe anliyen ak ekilib devni nou ki toujou ap fèt.

Rèv nou pran nannan espas epi tan ki mare ak linivè.

Rèv nou rale vin pote mesaj.

Pa janm pè li kè w.

Nou lye ak linivè. Linivè se lenfini.

Nou se sous lavi lè nou kadanse ritm esans sakre nou, kè nou leje.

Chante chante w, kadanse sou ritm esans sakre w, kadanse prezans total ou nan linivè, lespri w byen manbre ak je klè epi kè w leje.

antoutonè ♥


Mouvman revolisyon kiltirèl, pou w pi byen kadanse prezans total ou, pou nou pi byen viv ansanm


"Tout bagay te kòmanse ak yon lide." ~ Tilarenn Solèy

"Anmouvman chimen louvri." ~ provèb zen

"Nou se sous lavi lè nou kadanse ritm esans sakre nou ak kè nou leje" ~ Tilarenn Solèy

Pou w gen plis anpriz sou tout tan ak pwòp tan ou jodi a. Pou w gen plis estim ak konfyans. Pou w pran pi bon swen kè ak nanm ou, kò, tèt ak lespri w epi enviwònman ou. Pou w jwi lajwa fondamantal konsyans lakontantman verite ekilib ou ki toujou ap fèt alawonnbadè. Ou nan espas pataj resous sou tout sa, sou chimen mouvman revolisyon lanmou je klè, respè ak lajwa, disiplin ak imilite...

Pou nou kadanse lavi nou anfòm total kapital kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou an amoni ak enfini esans nou epi prezans total nou anmouvman swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Pou nou kadanse lavi ak vibrasyon ekilib epi amoni menm jan ak fòs enèji tikatkat. Enfini esans ou se, vibrasyon pwisans enèji lavi w nan evidans chalè prezans total ou nan chak moman, kote ou gen odas tout prezans tout moun ou ye nan tout aspè lavi w.

Mouvman Revolisyon Kiltirèl Kimoun Nou Ye Tout Bon sou ritm Entegrite Ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè

Espas sila a, mete douvan pwisans prezans total ou anmouvman swen tèt ou pou konkèt tèt ou, pou kadanse w kenbe djanm chemen gadyen esans sakre w. Jounen mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sa a gen enpòtans kapital. Vèvèy mèvèy enèji lavi ou ke w presève, se mouvman esansyèl tank n ap louvri chimen epi pataje ak onè de bra ak kè louvri pou nou leve yon kokenn fòs (egregò) respè, je klè, entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, ki inevitab.

Mouvman Revolisyon Kiltirèl Avè w ouvri espas la...

Pawòl Pou Ou Alèz!

Nou ka fè konesans tou sou Kadanse Mwen. Mwen envite w ouvri kè w pou w aprann, apresye epi angaje w nan pwisans jounen sa. Nou bezwen angaje mouvman kadanse respè, je klè, disiplin ak imilite absoliman pou nou kanpe ak klate, entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou Se Youn! Nou dwe pataje ak anndan nou pi vre pase tout aparans epi kominike de bra ak kè louvri, san pè. Nou dwe gen odas lajwa fouye pran epi viv rasin nou, esans vitalite nou. Lanmou je klè, respè ak lajwa, disiplin ak imilite dwe nan tout, toujou, toupatou, nan chak mo, nan kè fondas nou.

Gen sous enspirasyon, retrospeksyon, entwospeksyon ak respè tèt nou epi zòt, ki la pou ou.

Ou merite tout atansyon wout la mande. Kadanse esans ou pou kè w bat ak tout fòs lavi ou.

Eksplore kijan esans kadanse w se repons pou tout bezwen jwenn bout pwòp tèt ou. Konprann pwisans vibrasyon prezans total ou pou fòtifye bon jan swen enèji lavi ou.

Swen tèt ou pou konkèt tèt ou ak lanmou, respè, lajwa, je klere, disiplin ak imilite, prezans total ou nan mouvman w, degaje richès KIMOUN NOU YE tout bon sou ritm entegrite ekilib ou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Mouvman Revolisyon Kiltirèl Kimoun Nou Ye Tout Bon sou ritm Entegrite Ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadèMouvman Revolisyon Kiltirèl Kimoun Nou Ye Tout Bon sou ritm Entegrite Ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè


Entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt se kè ritm mouvman revolisyon kiltirèl inevitab sila

enfants-dansent.gif