Konprann pou w kadanse ritm tradisyon kiltirèl ou

Richès ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou simaye sou tout planèt la. Se temwanyaj valè chak pèp depi sou ritm seremoni pou rive nan ritm popilè, vèvèy mèvèy atizay, lekòl kadanse nou epi antrennman.

M swete w kadanse ritm tradisyon kiltirèl ou pou w ka konprann enpòtans mizik ak ritm tradisyon kadanse nan lemonn antye epi tout richès eritaj yo, koneksyon pwofon ak enèji latè. M swete ou kadanse ritm tradisyon kiltirèl ou pou w evolye ak serenite epi lajwa fondamantal nan kè w tout tan gen tan.

Moun souvan rele mizik ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse nan lemonn, “dans etnik”. Nou rekonèt ke mizik ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse evolye nan modènite ak vèvèy mèvèy atizay epi antrennman pou sante kò ak lespri"Dans etnik"  pran wòl pou koupe kontinwite sa. Men, tout richès epi divèsite ak karaktè ki inik nan chak pati mond lan, soti nan ritm kadanse tradisyon kiltirèl pou rive nan vèvèy mèvèy espektak atistik jounen jodi a.

Lekòl kadanse nou toupatou sou latè mennen pi pre lakay nou tradisyon kiltirèl kadanse mizik ak ritm ki sòti toupatou nan lemonn sou plizyè fòm, menm antrennman pou sante kò ak lespri.

kon lambi neg mawon emoji 🌿 Navigasyon ♥
  1. Konprann pou w kadanse ritm tradisyon kiltirèl ou
  2. Vèvèy mèvèy atizay ritm kadanse nou
  3. Lekòl ritm kadanse nou se batman kè eritaj patrimwan mondyal nou
  4. Antrennman ak pwisans ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou

"Mande chemen
pa vle di pèdi pou sa"

~ Pwovèb Kreyòl Ayisyen
| Sous: YMJ PRODZ | Tòp 30 provèb Ayisyen ou dwe byen konnen @YMJ

Sou ritm bèl kout flit Annie-Laure Carole ap voye monte, medam yo ap kadanse ritm tradisyon kilti karayib ak elegans

Video immediasprod: ANNIE-LAURE CAROLE - TO BEGIN @immediasprod

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse!

♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥

Aprann epi konprann divèsite mizik ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse nan lemonn

Mwen espere ou kadanse pou w selebre lavi epi rekonèt menm fòs la nan ritm kadanse tradisyon kiltirèl pifò rejyon sou planèt la. Se yon fason manyifik pou nou vwayaje nan lemonn antye. Konsa, nou dekouvri trezò, vèvèy mèvèy rit chak kilti, chemen ekilib ak amoni chak pèp...

Soti Lès ale nan Lwès, rive nan Sid epi nan Nò sou latè a, ritm tradisyon kadanse deplwaye isit la pou bon jan ritm konprann tradisyon kiltirèl kadanse tout kilti nan lemonn antye.

Nou eksplore valè kadanse nan tan lontan, atravè rasin kadanse tradisyon zansèt yo, epi chemen yo fè jouk nou rive nan tan jodi a.

Anmenm tan n ap eksplore epi apresye mouvman yo ak sans yo, nou rekonèt valè yo ak benefis yo. Pi gwo benefis nou jwenn se pwofonde byenèt enfini ak amoni, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Enèji vital lespri nou ap evolye tout tan gen tan. Pèp ak kilti endijèn ki prezève lespri Kemet ak sivilizasyon kemetik depi nan kòmansman, nan orijin limanite, te toujou konnen sa byen. Yo viv senp solisyon lekti entelijans enèji latè, pou bon jan konpranyansyon reyalite ritm kadanse lavi nou.

"Enèji vital lespri nou ap evolye tout tan gen tan. Pèp ak kilti endijèn ki prezève lespri Kemet ak sivilizasyon kemetik depi nan kòmansman, nan orijin limanite, te toujou konnen sa byen. Yo viv senp solisyon lekti entelijans enèji latè, pou bon jan konpranyansyon reyalite ritm kadanse lavi nou."

~ Khefista Shemzoumot | Grann Nan Listwa revolisyon Kadanse nou

Travèse mond lan ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou

Travèse mond lan ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse pèp Aborijèn, Karayib, Amerik Disid, ak pèp Meritah (Afrik), Aziatik, Endyen epi pèp Ewòp, Mediterane, Mwayen-Oryan.

Nenpòt ki kote w gen santiman pou w ale, pran tou le 9 sans ou avè w.

Pare pou w plonje nan esans kilti tout ritm tradisyon kadanse sou planèt la.

Pare pou w apresye langaj esans kò nou, manifestasyon esans sakre nou, pwofonde verite respè tout bon, senp, natirèl.

Ou gen pou w apresye lajwa fondamantal depase tan.

Fè kò ak pwisans prezans total ou atravè ritm

Richès ritm tradisyon kiltirèl kadanse pote eleman esansyèl pou ede w fè kò ak pwisans prezans total ou, atravè ritm.

Eske w wè kijan mo kadanse a inivèsèl epi gen mizik?

Kadanse nou natirèlman pote enèji konsyans mouvman nou.

Kadanse nou bay yon ekperyans sajès lavi sou tout sitiyasyon, tout konpleksite.

Li te mèt yon sitiyasyon grav, leje, òdinè, kadanse nou mete tout bagay anivo. Nou konprann sa byen ak pawòl tankou kadans fèy, kadans manje, kadans lanmou, kadans biznis...

Nou antre nan inivè maji sajès lespri kò nou anmouvman.

Chemen vwayaj nan mond lan ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou

Men kèk ti chape kout sou chemen vwayaj nan mond lan ak ritm kadanse nou, kòm sajès kò nou epi vwa espirityèl nou, pou gidans.


Kadanse ritm kilti Meritah (Afrik)

Konbinezon mo sa yo, kadanse ritm kilti Meritah (Afrik), si lespri nou louvri pou nou byen konprann yo, gen yon vizyon lemonn nan epòk lontan lontan ki mare lyen solid ak zansèt byen lwen nan tan, depase tan epòk mondyalizasyon jodi a.

Gen temwanyaj agogo sou tout kontinan Meritah (Afrik) epi tout lòt kote nan lemonn kap chaye fòs enèji esansyèl ritm kadanse tradisyon Meritah (Afrik).

Kadanse ritm kilti Amerik Disid

Ritm tradisyon kadanse nan kilti Amerik Disid espesyal paske se eksperyans ki travèse plizyè kilti.

Se yon jounen ki tèlman rich, li pèmèt nou vwayaje atravè tout orijin yo avèk tout chemen yo te pran epi y ap kontinye pran.

Baz rasin tradisyon kadanse ritm kilti Amerik Disid se baz endijèn.

Nan Mexico, ritm kadanse tradisyon pèp endijèn Aztek eksprime sik lavi epi tradisyon kadanse klas elit yo te asosye ak relijyon. Ritm tradisyon kadanse klas elit yo ki kore ak diyitè relijyon yo epi dirijan pèp la vin elimine nèt. Ritm tradisyon kadanse pèp la kenbe fòs, vin depase sik lavi pou yo eksprime reyalite sosyal avèk enfliyans Ewòp epi eritaj Lafrik ak eritaj endijèn.

Ritm tradisyon kadanse pèp la vin pran plas nan kilti mondyal sou bannyè pwofesyon kadanse ak gwoup tankou Ballet Folklórico de México ki se yon gwo anblèm.

Kadanse ritm kilti arab

Si m gen dwa yon sèl mo pou m di nou sa m konnen sou ritm tradisyon kadanse nan kilti arab, se selebrasyon. Yon selebrasyon konsyans espirityèl nan kadanse Soufi. Yon selebrasyon enèji fanm nan Raqs el Sharqi.

Kadanse ritm kilti aziatik

Tradisyon kadanse nan kilti aziatik mennen nou nan yon demach rechèch ak prosesis filozofik. Se aksyon ki mache ak anpil disiplin pou rive chèfmèt chèfmetrès nèt.

Rezilta yo souvan ze gran zèv ki vin gen gwo rekonesans mondyal.

Kadanse ritm kilti karayib

Ka... Palé! Kolèk memwa Ka, kout tanbou ak Lewoz nan tradisyon kadanse ritm kilti karayib, kore vibrasyon pwisans prezans total nou.

Video Ka Palé: Ka...Palé! n°1.m4v @kapale4894

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse!

♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥

Ritm tradisyon kadanse nan kilti karayib se zouti pou idantite, enèji vital ak lit. Anpil kadanse nou sèvi pou batay defann tèt nou, tankou Damyé. 

Ekzanp tradisyon kadanse ritm kilti Ayiti, se yon plaj dekouvèt rit ki soti nan rasin vodou epi aborijèn. Yo kenbe anpil fòs enèji espirityèl yo. Enflyans lemonn modèn vin bay fòlklò ki pran enspirasyon nan mouvman rasin vodou a.

Esans tradisyon kadanse ritm kilti Karayib nan tout jan, nan tout bagay, nan jan moun mache ak jan yo mete koulè tout kote nan kotidyen yo. 

Kadanse ritm kilti endyen

Sa mwen jwen nan tradisyon kadanse ritm kilti endyen ki ba li plis fòs epi ki demake l, se kò nou fòme yon repezwa pou tout vizaj Bondye.

Menm si teknik la senp, menm si istwa a banal, mouvman yo toujou menmen nan yon lòt dimansyon.

Kò nou fòme yon tanp sakre tankou nan Odissi.

kadanse ritm kilti endijèn

Ritm tradisyon kadanse nan kilti endijèn se rityèl, priyè ak senbòl ki bay pasaj pou kominikasyon avèk manman latè epi tout eleman ki fòme linivè.

Ritm tradisyon kadanse nan kilti endijèn rive pran nan joug lemonn modèn nan plizyè rejyon. Nou jwenn bon jan prezans tradisyon kadanse ritm kilti endijèn nan laplipa tradisyon kadanse nou.

Kilti endijèn gen bon jan rekonans nan ritm tradisyon kadanse zansèt yo tankou Hula Hawai epi ritm tradisyon kadanse Natif endyen Ameriken.

Kadanse ritm kilti ewopeen

Malgre Ewòp se yon teritwa ki gran anpil, gen yon menm pratik nan tout rejyon yo. Ritm tradisyon kadanse nan kilti ewopeen ale avèk etap lavi, chanjman sezon, leplisouvan avèk manifestasyon ki eksplike maji ki nan vitalite lemonn.

Ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou toujou prezan nan festival epi nan koutim etap lavi a.

Tradisyon tankou kadanse ritm kilti pèp Almay travèsè ak fòs nan peyi vwazen tankou Otrich, Ongri epi Danib.

Ritm tradisyon kadanse pèp sa yo, se baz enfliyans valz vyenwaz, teyat ak vèvèy kadanse epi ritm kadanse modèn yo.

Tout moun rekonèt anpil atis ki pote chanjman enpòtan nan pwofesyon kadanse nan momd lan, se moun ki sòti nan kilti Almay.

Kadanse ritm kilti slav

Ritm tradisyon kadanse nan kilti slav bay enpòtans lyen avèk kominote yo, sitou.

Tradisyon kadanse ritm kilti pèp yo, folklò, se rasin solid avèk anpil enflyans.

Se nan fòs enflyans ritm tradisyon kiltirèl kadanse yo menm, sou plisyè syèk, Larisi pran merit tout ekselans l ap voye monte nan mizik klasik, opera, teyat ak Balè.

Balè vin yon synbòl mondyal devlopman ekselans.

Timoun entegre ritm tradisyon kiltirèl kadanse peyi yo depi premye jou lekòl.

Ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou depi tout tan gen tan

Tradisyon kadanse nou se pratik ki fèt depi tout tan te gen tan.

Andepi de tout kwayans sou orijin kadanse nou, nou konprann esans li epi nou ka renouvle li chak moman nan kotidyen nou, parèy ou pa parèy, nan tout kilti sou latè.

Symbioz ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou toujou genyen avèk kote li evolye mete tan an sou poz alenfini tandike nou plonje nan mèvèy byennèt serenite ki nan fondas nanm nou. 

Vèvèy mèvèy atizay kadanse nou

Eritaj patrimwan kiltirèl nou ak vèvèy mèvèy atizay kadanse nou

Vèvèy mèvèy atizay kadanse nou pèmèt nou viv, nenpòt moman, fòs eritaj zansèt yo kite nan patrimwan kiltirèl nou

Vèvèy mèvèy tout ritm kadanse nan lemonn toujou kenbe, nan jounen jodi-a, eritaj zansèt yo. Enèji lavi nou pèmèt nou ranmase esans yo epi viv kokenn eritaj zansèt yo sere nan patrimwan kiltirèl nou. Vitalite nou pran elan nan mouvman nou pou nou anliyen ak mèvèy rasin nou.

Viv eritaj sila mete nou djanm kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Vèvèy espektak atistik kadanse nou pèmèt nou, san nou pa deplase lwen, viv tout kokenn mouvman kadanse toupatou sou planèt la.

Gwoup atis Mapou Ginen kadanse vèvèy mèvèy memwa ritm tradisyon Ayiti, eritaj nou.

Video mapouginen: Demo Mapou Ginen 2010 @mapouginen

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse!

♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥

Konprann ke memwa ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou kontinye ap viv nan tout vèvèy mèvèy kadanse

Kilès ou kisa ki vin nan lespri w ?

  • demonstrasyon majorèt
  • Jozefine Baker
  • kadanse nan lari
  • konpetisyon espò 
  • Micheal Jackson
  • patinaj atistik
  • video popilè
  • jwèt kadanse
  • mizik
  • sinema
  • espektak pou divètisman

Nou ka kontinye san rete!

Vèvèy kadanse nou gen prezans si tèlman fò!

Tout bon vre, se mèvèy pou zye, zantray, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Ritm nan lemonn kadanse mèvèy nan kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou

"Tanbou nago roule nan san'm pou reveye Ogou'' 

 ~ Patrick Sylvain

Vèvèy kadanse nou se jwayo, nan tout kwase chemen, ki chaje ak konkenn chenn siyifikasyon, sekrè, maji epi anpil trezò.

Atis yo, andeyò ou sou sèn yo ap jwi ou yo kreye, anonim ou selèb, gen yon istwa lanmou yo ap viv nan bay divètisman pou lakontantman kèlkeswa moun nan.

Kreyativite, sou sèvis valorizasyon atizay epi pèfeksyonman talan, leve kouvèti sou yon pakèt richès sou plizyè dimansyon.

Nou fouye nan enspirasyon ak souvni pou nou kreye sa ki nèf epi voye monte eksperyans moun doubout nou ak eksperyans espirityèl nou. 

Mòd kreyativite sa a, pa janm mande rete.

Ritm toupatou sou planèt la travèsè tout fwontyè

Son ritm toupatou sou planèt la fè echo nan kè tout moun.

Pèsònn pa janm rete ensansib anba rezonans mèvèy sila a.

Nou koute ritm. Nou repete ritm. Nou aprann leson ritm. Nou kreye avèk ritm. Nou kadanse ritm. Nou aprann kadanse ritm.

Ritm anrasine nan fondas nou depi anvan nou fèt epi l ap kontinye vibre anndan tout nanm ak zantray nou jouk nan peyi san chapo.

Vèvèy ritm kadanse nou se vwayaj enèji patrimwan kiltirèl mondyal nou

Vèvèy ritm kadanse nou se tankou bay lodyans

Tout bon, vèvèy ritm kadanse nou se bay lodyans avèk yon lòt mwayen kominikasyon pase lapawòl ki se vwayaj enèji patrimwan kiltirèl mondyal nou.

  • nou kouvri anpil objektif
  • nou bwote mesaj ekstraòdinè atravè lemonn
  • nou rejwenn bezwen nou tout, anvi nou ak entansyon entim nou 

Esans vèvèy ritm kadanse nou gen konkenn fòs ak fasilite pou li touche nou nan estad primè ak nan piwo santiman nou.

Yon pwovèb afriken di:

"Lè tanbou frape, tout mask tonbe"

Listwa vèvèy kadanse nou ap fèt epi refèt ak chak jenerasyon nan yon ekonomi global kote enfliyans toupatou ap travèse tout planèt la.

Atis pa nan mezire pou chèche konnen lòt kilti epi rekonekte ak sa ki ansyen.

Anmenmtan, yo initye travay tounèf, toujou orijinal, pou fè lemonn ri, kriye, reve, sezi, konekte, panse, dekouvri.

Lekòl ritm kadanse nou se batman kè eritaj patrimwan kiltirèl mondyal nou

Lekòl ritm kadanse nou se batman kè eritaj patrimwan kiltirèl mondyal nou.

Se kote ritm kadanse nou fè nou vwayaje nan tout kilti, kèlkeswa kadanse se kè lavi nou oubyen yon bezwen pou nou aprann kadanse detanzantan.

Kadanse Mabelo, Tin Bang epi Gran Bèlè nan peyi Matinik

Video ADN Productions: BÉLÉ, TAMBOUR VIVANT @vincent19920

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!
Mwen menm, m ekri jan m kadanse!

♥ Chemen limyè sa, sou eritaj vivan inevitab pou nou pi byen viv kadanse nou epi evolye ak entegrite ritm esans sakre nou, se pou ou! ♥

Klas nan lekòl, kèlkeswa kote a, rapwoche nou ak ritm tradisyon kiltirèl kadanse toupatou sou planèt la.

Se yon eksperyans vwayaj kote nou fè kò ak tout zèt nou, ki ban nou plis angajman nan laverite pase vwayaje nan liv.

Ritm kadanse tradisyon kiltirèl touche nou jouk nan zantray. 

Mwen apresye vwayaj nan liv. Mwen apresye vwayaje sou ritm kadanse nou.                 

Avèk liv, mwen kite imajinasyon m ale ak imaj nan tèt mwen. 

Sou ritm kadanse nou, se kò m menm k ap viv chak moman.

Pou amatè tankou pou pwofesyonèl osnon pou senp plezi kadanse, depi nan ti lekòl katye rive nan enstitisyon nasyonal, lekòl bon kalite ap ofri eritaj ritm tradisyon kiltirèl kadanse avèk respè, pou lakontantman nou, limye lakonesans epi lemante fòs nou. Tout bon!

Apresye pran leson kèlkeswa kote a

"Mwen byen sangle, mwen p ap foule"

~ pwovèb kreyòl

Ou pa bezwen lekòl pou w mete kò w an mouvman pou w kadanse nanm ou.

Aprann pou kont ou, se trè byen. 

Mouvman Street dance mete w nan vibrasyon enèji k ap leve nan fòs chak moman. 

Rityèl kominotè menen w nan kè tradisyon. 

Edikasyon sou entènèt ak klas nan lekòl pèmèt ou viv yon rapò ak eksperyans pèsonèl yon pwofesè osnon yon mantò.

Mwen viv moman mèvèy pou kont mwen, nan fòs vibrasyon tande mizik epi santi mouvman yo ak memwa kò m.

Poukisa pou w chwazi yon lekòl ?

Bon, paske ou ka pèmèt ou sa, se yon premye rezon.

Epi tan aprantisaj la ka vin pi efikas avèk anpil benefis swiv ekperyans yon mèt selon kalite chwa lekòl la.

Abityèlman, se teknik, disiplin ak mantora ke w resevwa k ap plis valide chwa lekòl la.

Se eleman sa yo tou ki plis aji sou diferans yon lekòl ak yon lòt.

Viv kirikilòm lekòl ritm kadanse nou, mezi pye w, avèk ou san soulye

Yon klas, lepli souvan anndan, gen estrikti ki tabli dapre planifikasyon leson yo epi kirikilòm lekòl la.

Balè, se yon estil kadanse ki popilè anpil.

Men, kirikilòm lekòl yo gen anpil chwa. Si m kòmanse nonmen yo, mwen pap janm fini. Ou ka rive bollywood oswa hip hop, kadanse laten yo, modèn epi kontanporen, ect. List la gen manch long.

Ou jwenn ritm Tradisyon kiltirèl kadanse nou toupatou sou planèt la.

Eksperyans aprantisaj ou depann anpil de konesans, estil ak valè pwofesè a kenbe. Epi sa k ap aji tou, se kondisyon klas la menm, tankou kalite planche a, tanperati klas la, limyè atifisyèl osnon natirèl, si gen miwa ou si pa genyen, epi grandè espas la.

Yon kote ki espesyal se Toubab Dialaw nan peyi Senegal. Espas la louvri gran nèt, klas la fèt deyò epi se sab etidyan yo foule. Yo rele li Ecole des Sables. Se Germaine Acogny ak Compagnie Jant Bi li a ki fonde l.

Kalite tranmisyon konesans yo, valè pwofesè a kenbe avèk baz kote kadanse a ap fèt

Kalite transmisyon konesans yo, valè pwofesè a kenbe avèk baz kote kadanse a ap fèt: sa yo se eleman ki gen anpil enpòtans. 

Jwenti w pa dakò travay sou nenpòt bagay. Ou pa vle kase anyen osnon blese kò w sibitman oswa avèk tan k ap pase, paske w nan inyorans. 

Kanta pou pwofesè yo, mwen gen preferans pou moun ki bay anpil valè kote ritm tradisyon kiltirèl ak koneksyon kò, nanm ak lespri epi mouvman inivèsèl depase tan. 

Yo gen visyon, rapò yo san jijman epi ouvèti lespri yo fè eksperyans vwayaj pwofonde kadanse w sanparèy, nan mesi w tout bon.

Mwen viv eksperyans amoni sa ak Zab Maboungou, yon metrès fanm nan ansèyman kadanse ritm afriken kontanporen. Lekòl li se Compagnie Danse Nyata Nyata  ke l fonde epi mwen t ap pwogram pwofesyonèl nan lekòl la.

Chwazi lekòl ki bon pou ou

    Pran kritè sa yo pou chwazi lekòl ki bon pou ou:

  • repitasyon pwofesè
  • repitasyon lekòl la
  • pri klas yo 
  • vibrasyon jeneral
  • valè lekl la ak profesè yo kenbe
  • rezo lekòl la
  • rapò pwofesyonèl
  • kliyantèl
  • kirikilòm

Chèche jwenn repètwa "lekòl kadanse" pou w wè ki estil kadanse ou ta renmen ak ki kote ki plis nan gou w. 

Pou enfòmasyon jeneral rapid, ekri nan motè rechèch ou "lekòl pou kadanse" . Ou ka ajoute yon estil kadanse tankou ekzanp, "capoeira" pou rechèch la gen plis presizyon. W ap swiv li avèk "non lokakizasyon" kote w vle pran leson yo.

    Balanse chwa w avèk eleman pèsonalite tankou:

  • kategori lekòl la ak klas epi teknik yo
  • grandè klas yo 
  • estil edikasyon an

 "Lò mizik la fini, figi Yaya w a di oun fanm ki fèk fin fè lanmou"

 ~ Suze Baron

Antropoloji mouvman Street dance

Street dance pran sous li nan lavi lavil epi kilti hip hop. Se yon mouvman ki vin tèlman popilè ke jodi a ou jwenn klas yo nan lekòl. Mouvman an simaye tankou lapoud tank pawòl la pale jouk nan media pou rive sou kadanse nan fim.

Popilarite dance battles 

Eske w konnen fim ki gen dance battles tankou Step Up, Step Up Revolution, You Got Served, Honey, Street Dance, etc. ?  

Yo ban nou vibrasyon ki fò epi solid. Mwen gade fim yo ak gason m yo ak anpil apresyasyon.

Konsèp ofri kadanse ritm Street dance nan lekòl fè mwen vini sou yon tandans fò. Tandans sila se pran ritm kadanse ki egziste deja epi voye yo monte gendelè yon tijan diferan, gendelè tankou yon kreyasyon pèsonèl ou pou tabli yon nouvèl vag.

Antropoloji montre nou ke kadanse ritm popilè nou jwenn nan tout lekòl jodi a pran rasin yo nan tradisyon kiltirèl kadanse.

Chemen yon jenn fanm tankou Fatima Robinson ke yo vin rele gran koregraph, se reflè evolisyon street dance ak kilti hip hop depi elan yo te pran jis yo rive nan rekonesans entènasyonal epi enplantasyon nan kilti lajenès toupatou sou planèt la. 

Bravo pou pwogram ritm kadanse pou jenn yo

Mwen apresye pwogram ritm kadanse pou jenn yo paske mwen gen anpil afeksyon pou lajenès anjeneral.  

Tablo Pinterest Pwogram kadanse jenn mwen an, se yon bon referans sou progwam ke mwen konnen.

Mwen gen anpil konsiderasyon pou Dansepyenu an Ayiti, C.D.C. La Termitière nan peyi Burkina Faso, The children of Angkor nan peyi Cambodge, Moving Into Dance MOPHATONG nan Afrik Disid, epi Aochan Kreyòl an Ayiti ak Brezil.

Lajenès se yon peryod gran defi pou jenn yo epi pou kominote yo.

Jenn k ap fè aktivite fizik gen bon konsantrasyon lespri, yo kannalise enèji yo epi yo devlope konesans pwòp tèt yo, ki fè yo byen konprann zèt yo ak fòs epi feblès yo. Danse bay benefis sa yo epi plis... 

Vwayaj fòme lajenès

Tankou dikton an di: vwayaj fòme lajenès.

Se konsa tou ak vwayaj nan lekòl ritm kadanse nou ki aksesib fasil epi ki ofri bèl fason pou nou dékouvri richès eritaj kilti nou ak tout lòt kilti nan lemonn. 

Kominote ki pran konsyans mouvman nou konprann byen ke pi bon envestisman nou ka fè se nan lajenès. 

Lekòl ritm kadanse nou louvri pou kliyantèl lajenès paske se yon mache ki gran anpil. 

Individi ak gwoup aktivis envesti nan pwogram pou lajenès ki ofri bon pri osnon ki gratis pou timoun ak jenn gason epi jenn fi, yon lajenès ki byen souven nan kondisyon lavi ki ka baskile fasil.

"Yon moun ki resevwa bòn edikasyon ap ka chante epi kadanse bèl fason kè kontan"

~ Platon

Kote nou ka jwenn pwogram ritm kadanse pou jenn yo?

    Nou jwenn pwogram ritm kadanse pou jenn nan:

  • Kirikilòm espesyal pwogram atizay nan lekòl primè, segondè, kolèj, inivèsite, entèna.
  • aktivite kominotè
  • festival
  • lekòl ritm kadanse nou

Lekòl ritm kadanse nou ak pwogram pou jenn yo osnon kadanse nan espas kominotè, bay lajenès bèl edikasyon epi yon baz solid pou viv bèl eksperyans lavi ak sipò pou yo grandi anfòm epi an fòs. 

Antrennman ak pwisans ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou

Nou renmen antrennman ak ritm pwisans tradisyon kiltirèl kadanse nou.

Sa pèmèt nou fè swè nou fonn tout sa ki pa nan plas yo. Sa pèmèt nou bay kò nou bèl fòm ak bèl enèji.

Ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou se aktivite byennèt total, ki chaje ak fòs enèji lavi nou anndan tankou deyò, depi nan tèt, dwèt ak zòtèy, rive nan kè, lespri ak vibrasyon namm nou nan kò nou. 

Depi tout tan gen tan, mouvman kenbe lespri ak kò nou djanm ak enèji pozitif epi kondisyon fizik solid, depi ti kat-kat pou nou rive pèsonaj - kèlkeswa jan nou defini pèsonaj. 

Lè nou gen ouvèti pou nou resewa, benefis kadanse nou depase kondisyon fizik pou nou vibre ak tout fòs byennèt total enèji vital nou.

Nou ka deside mete efò nou nan fè egzèsis pou byen detaye fòm nou, byen detaye youn ou plizyè pati nan kò nou. 

Gen yon pakèt tandans pou travay lafòm fizik anmenmtan n ap pwofite vwayaje ak ritm tradisyon kadanse nan lemonn antye: 

  • 5 rhythms
  • Aewobi
  • Capoeira
  • Core rhythm
  • Pilates
  • Tai chi 
  • Yoga
  • Zumba 

Mèt ak fanatik nan pratik ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou devlope pwogram sa yo nan kouran eksperyans aprantisaj yo. Genyen se apre anpil tan ap aprann epi devlope, lòt se yon lide ki rive jwenn yo nan sikonstans inik. 

Evantyèlman, n ap prezante istwa yo nan chak pwogram detaye. 

Yo pran enfliyans yo nan Amerik laten, Azi, Ewòp, Zend, Afrik epi tradisyon chamann. 

Preparasyon

Tankou nan tout aktivite fizik, bon jan preparasyon esansyèl lè n ap kòmanse, toujou avèk moderasyon pou evite blese san rezon.

Nou dwe prepare chak pati nan kò nou.

Nou dwe pran konsyans respirasyon nou.  

Respirasyon se baromèt.

Nou ale dousman, kalmeman ak fasilite. 

Nou koute kò nou, santi po nou, misk ak ligaman nou.

Nou apresye repons entèn ak sensasyon nou. 

Nou mete baz anbyans pou nou travay kò nou nan detant ak serenite. 

Énèji nou nan antrennman

Nan antrennman, nou kontre ak enèji entèn nou avèk entansite.

Mete deyò timidite ak leperèz. Nou dwe kadanse ak serenite pou nou angaje ak enèji entèn nou avèk entansite. Entansite se annopozisyon ak tansyon. Entansite vle di detachman, angajman pou nou antre nan kouran bèl enèji nou pral chèche kontre.

Lè nou nan kouran bèl enèji nou kontre, nou antre toutbon nan moman an. Nou pa santi efò. Nou se mouvman yo. Mouvman yo se nou. 

Nan antrennman, nou fè entansite monte avèk etap pou nou kontre enèji vital entèn nou, pou nou sòti tout tansyon, estrès, toksin.

Nou mete nanm nou annelevasyon, bay kò nou bèl fòm tandike lespri nou pran zèl koneksyon ak souf fondamantal nou.

Khefista
| Grann Nan Listwa

revolisyon Kadanse nou

Konprann ritm tradisyon kiltirèl kadanse nou depase tan ak espas

Kontni sit la - tout chemen yo


New! Comments

Have your say about what you just read! Leave me a comment in the box below.