Tradisyon kadanse nou pèmèt nou pwofonde pwisans kilti nou tan sou tan depase tan ak espas


                    

Richès tradisyon kadanse nou simaye sou tout planèt la.

Se temwanyaj valè chak pèp depi sou ritm seremoni pou rive nan ritm popilè, vèvèy mèvèy atizay, lekòl kadanse nou epi antrennman.

Sou ritm bèl kout flit Annie-Laure Carole ap voye monte, medam yo ap kadanse tradisyon kilti karayib ak elegans

Mwen espere ou kadanse pou w selebre lavi epi rekonèt menm fòs sa nan tradisyon pifò rejyon sou planèt la. Se yon fason manyifik pou nou vwayaje nan lemonn antye. Konsa, nou dekouvri trezò, vèvèy mèvèy rit chak kilti, chimen ekilib ak amoni chak pèp...

Soti Lès ale nan Lwès, rive nan Sid epi nan Nò sou latè a, tradisyon kadanse nou deploye isit la pou nou bon jan konprann tradisyon kadanse tout kilti nan lemonn antye.

Nou eksplore valè kadanse nou nan tan lontan, atravè rasin kadanse tradisyon zansèt yo, epi chimen yo fè jouk nou rive nan tan jodi a.

Anmenm tan n ap eksplore epi apresye mouvman yo ak sans yo, nou rekonèt valè yo ak benefis yo. Pi gwo benefis nou jwenn se pwofonde lajwa byenèt enfini, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Tradisyon kadanse pèp Aborijèn, Karayib, Amerik Disid, ak pèp Meritah (Afrik), Aziatik, Endyen epi pèp Ewòp, Mediterane, Mwayen-Oryan...

Nenpòt ki kote w gen santiman pou w ale, pran tou le 9 sans ou avè w.

Pare pou w plonje nan esans kilti tout ritm tradisyon kadanse sou planèt la.

Pare pou w apresye langaj divinite kò nou, manifestasyon esans fondas nou, pwofonde verite lanmou ak respè tout bon, senp, natirèl.

Ou gen pou jwi lajwa fondamantal depase tan.

Eske w wè kijan mo kadanse a inivèsèl epi gen mizik?

Kadanse nou natirèlman pote enèji konsyans mouvman nou.

Kadanse nou bay yon ekperyans sajès lavi sou tout sitiyasyon, tout konpleksite.

Li te mèt yon sitiyasyon grav, leje, òdinè, kadanse nou mete tout bagay anivo. Nou konprann sa byen ak pawòl tankou kadans fèy, kadans manje, kadans lanmou, kadans biznis...

Nou antre nan inivè maji sajès lespri kò nou anmouvman.

Richès tradisyon kadanse nou pote eleman esansyèl prezans total nou

Kadanse kilti Meritah (Afrik)

Konbinezon mo sa yo, kadanse kilti Meritah (Afrik), si lespri nou louvri pou nou byen konprann yo, gen yon vizyon lemonn nan epòk lontan lontan ki mare lyen solid ak zansèt byen lwen nan tan, depase tan epòk mondyalizasyon jodi a.

Gen temwanyaj agogo sou tout kontinan Meritah (Afrik) epi tout lòt kote nan lemonn kap chaye fòs enèji esansyèl kadanse tradisyon Meritah (Afrik).

Kadanse kilti Amerik Disid

Tradisyon kadanse nan kilti Amerik Disid espesyal paske se eksperyans ki travèse plizyè kilti.

Se yon jounen ki tèlman rich, li pèmèt nou vwayaje atravè tout orijin yo avèk tout chemen yo te pran epi y ap kontinye pran.

Baz rasin tradisyon kadanse kilti Amerik Disid se baz endijèn.

Nan Mexico, endijèn Aztek kadanse tradisyon pèp la eksprime sik lavi epi tradisyon kadanse klas elit yo te asosye ak relijyon. Tradisyon kadanse klas elit yo ki kore ak diyitè relijyon yo epi dirijan pèp la vin elimine nèt. Tradisyon kadanse pèp la kenbe fòs, vin depase sik lavi pou yo eksprime reyalite sosyal avèk enfliyans Ewòp epi eritaj Lafrik ak eritaj endijèn.

Tradisyon kadanse pèp la vin pran plas nan kilti mondyal sou bannyè pwofesyon danse ak gwoup tankou Ballet Folklórico de México ki se yon gwo anblèm.

Kadanse kilti arab

Si m gen dwa yon sèl mo pou m di nou sa m konnen sou tradisyon kadanse nan kilti arab, se selebrasyon. Yon selebrasyon konsyans espirityèl nan danse Soufi. Yon selebrasyon enèji fanm nan Raqs el Sharqi.

Kadanse kilti aziatik

Tradisyon kadanse nan kilti aziatik mennen nou nan yon demach rechèch ak prosesis filozofik. Se aksyon ki mache ak anpil disiplin pou rive chèfmèt chèfmetrès nèt.

Rezilta yo souvan ze gran zèv ki vin gen gwo rekonesans mondyal.

Kadanse kilti karayib

Tradisyon kadanse nan kilti karayib se zouti pou idantite, enèji vital ak lit. Anpil kadanse nou sèvi pou batay defann tèt nou, tankou Damyé. 

Ekzanp tradisyon kadanse kilti Ayiti, se yon plaj dekouvèt rit ki soti nan rasin vodou epi aborijèn. Yo kenbe anpil fòs enèji espirityèl yo. Enflyans lemonn modèn vin bay fòlklò ki pran enspirasyon nan mouvman rasin vodou a.

Esans tradisyon kadanse kilti Karayib nan tout jan, nan tout bagay, nan jan moun mache ak jan yo mete koulè tout kote nan kotidyen yo. 

Kadanse kilti endyen

Sa mwen jwen nan tradisyon kadanse kilti endyen ki ba li plis fòs epi ki demake l, se kò nou fòme yon repezwa pou tout vizaj Bondye.

Menm si teknik la senp, menm si istwa a banal, mouvman yo toujou menmen nan yon lòt dimansyon.

Kò nou fòme yon tanp sakre tankou nan Odissi.

kadanse kilti endijèn

Tradisyon kadanse nan kilti endijèn se rityèl, priyè ak senbòl ki bay pasaj pou kominikasyon avèk manman latè epi tout eleman ki fòme linivè.

Tradisyon kadanse nan kilti endijèn rive pa pran nan joug lemonn modèn nan plizyè rejyon. Nou jwenn bon jan prezans tradisyon kadanse kilti endijèn nan laplipa tradisyon kadanse nou.

Kilti endijèn gen bon jan rekonans nan tradisyon kadanse ansestral tankou Hula Hawai epi tradisyon kadanse Natif endyen Ameriken.

Kadanse kilti ewopeen

Malgre Ewòp se yon teritwa ki gran anpil, gen yon menm pratik nan tout rejyon yo. Trasisyon kadanse nan kilti ewopeen ale avèk etap lavi, chanjman sezon, leplisouvan avèk manifestasyon ki eksplike maji ki nan vitalite lemonn.

Tradisyon kadanse toujou prezan nan festival epi nan koutim etap lavi a.

Tradisyon tankou kadanse pèp Almay travèsè fò nan peyi vwazen tankou Otrich, Ongri epi Danib.

Tradisyon kadanse pèp yo se baz enfliyans valz vyenwaz, teyat vèvèy kadanse epi kadanse modèn nou.

Tout moun rekonèt ke anpil atis ki aktive chanjman mondyal enpòtan ki fèt nan pwofesyon danse, soti nan kilti Almay.

Kadanse kilti slav

Tradisyon kadanse nan kilti slav sitou bay enpòtans lyen avèk kominote a.

Tradisyon kadanse pèp yo, folklò, se rasin solid avèk anpil enflyans.

Se nan fòs enflyans tradisyon kadanse yo menm, sou plisyè syèk, Larisi pran merit tout ekselans l ap voye monte nan mizik klasik, opera, teyat ak Balè.

Balè vin yon synbòl mondyal devlopman ekselans.

Timoun entegre tradisyon kadanse peyi yo depi premye jou lekòl.

Tradisyon kadanse nou depi tout tan, tan sou tan...

Tradisyon kadanse se pratik ki fèt depi tout tan te gen tan.

Andepi de tout kwayans sou orijin kadanse nou, nou konprann esans li epi nou ka renouvle li chak moman nan kotidyen nou, parèy ou pa parèy, nan tout kilti sou latè.

Symbioz tradisyon kadanse nou toujou genyen avèk kote li evolye mete tan an sou poz alenfini tandike nou plonje nan mèvèy byennèt lajwa ki nan fondas nanm nou. 

Vèvèy mèvèy atizay kadanse nou pèmèt nou viv eritaj zansèt yo kite pou patrimwan nou, nan yon ti moman.

Vèvèy mèvèy kadanse tout ritm nan lemonn toujou kenbe, nan jounen jodi-a, eritaj zansèt yo. 

Enèji lavi nou pèmèt nou ranmase esans yo epi viv kokenn eritaj zansèt yo sere nan patrimwan nou.

Vitalite nou pran elan nan mouvman nou pou nou fè kò ak mèvèy rasin nou, mete nou djanm kè, kò, tèt, lespri ak nanm.

Vèvèy kadanse nou pèmèt nou, san nou pa deplase lwen, viv tout kokenn mouvman kadanse toupatou sou planèt la.

Nou gen pou nou konprann tout valè vèvèy kadanse nou ak memwa tradisyon kadanse.

"Tanbou nago roule nan san'm pou reveye Ogou'' 

 ~ Patrick Sylvain

Kilès ou kisa ki vin nan lespri w ?

  • demonstrasyon majorèt
  • Jozefine Baker
  • kadanse nan lari
  • konpetisyon espò 
  • Micheal Jackson
  • patinaj atistik
  • video popilè
  • jwèt kadanse
  • mizik
  • sinema
  • espektak pou divètisman

Nou ka kontinye san rete!

Vèvèy kadanse nou gen prezans si tèlman fò!

Tout bon vre, se mèvèy pou zye, zantray, kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Ritm nan lemonn kadanse mèvèy

Son ritm toupatou sou planèt la fè echo nan kè tout moun.

Pèsònn pa janm rete ensansib anba rezonans mèvèy sila a.

Nou koute ritm. Nou repete ritm. Nou aprann leson ritm. Nou kreye avèk ritm. Nou kadanse ritm. Nou aprann kadanse ritm.

Ritm anrasine nan fondas nou depi anvan nou fèt epi l ap kontinye vibre anndan tout nanm ak zantray nou jouk nan peyi san chapo.

 "Lò mizik la fini, figi Yaya w a di oun fanm ki fèk fin fè lanmou"

 ~ Suze Baron

Nou fouye nan enspirasyon ak souvni pou nou kreye sa ki nèf epi voye monte eksperyans moun doubout nou ak eksperyans espirityèl nou. 

Mòd kreyativite sa a, pa janm mande rete.

Ritm toupatou sou planèt la ap travèsè tout fwontyè lib elibè.

Vèvèy kadanse nou se jwayo, nan tout kwase chemen, ki chaje ak konkenn chenn siyifikasyon, sekrè, maji epi anpil trezò.

Atis yo, andeyò ou sou sèn yo ap jwi ou yo kreye, anonim ou selèb, gen yon istwa lanmou yo ap viv nan bay divètisman pou lakontantman kèlkeswa moun nan.

Kreyativite sou sèvis valè atizay epi pèfeksyonman talan leve kouvèti sou yon pakèt richès, sou plizyè dimansyon.

Vèvèy kadanse nou se vwayaj enèji patrimwan kiltirèl mondyal nou

Vèvèy kadanse nou se tankou bay lodyans. 

  • nou kouvri anpil objektif
  • nou bwote mesaj ekstraòdinè atravè lemonn
  • nou rejwenn bezwen nou tout, anvi nou ak entansyon entim nou 

Tout bon, vèvèy kadanse nou se bay lodyans avèk yon lòt mwayen kominikasyon pase lapawòl ki se vwayaj enèji patrimwan kiltirèl mondyal nou.

Esans vèvèy kadanse nou gen konkenn fòs ak fasilite pou li touche nou nan estad primè ak nan piwo santiman nou.

Yon pwovèb afriken di:

"Lè tanbou frape, tout mask tonbe"

Listwa vèvèy kadanse nou ap fèt epi refèt ak chak jenerasyon nan yon ekonomi global kote enfliyans toupatou ap travèse tout planèt la.

Atis pa nan mezire pou chèche konnen lòt kilti epi rekonekte ak sa ki ansyen.

Anmenmtan, yo initye travay tounèf, toujou orijinal, pou fè lemonn... 
ri, kriye, reve, sezi, konekte, panse, dekouvri.

Lekòl kadanse nou se batman kè eritaj patrimwan mondyal nou

Lekòl kadanse nou se batman kè eritaj patrimwan mondyal nou.

Se kote kadanse nou fè nou vwayaje nan tout kilti, kèlkeswa se kè lavi nou oubyen bezwen nou pou aprann kadanse detanzantan.  

"Mwen byen sangle, mwen p ap foule"

~ pwovèb kreyòl

Klas nan lekòl, kèlkeswa kote a, rapwoche nou ak kadanse tradisyon toupatou sou planèt la.

Se yon eksperyans vwayaj kote nou fè fò ak tout zèt nou, ki ba nou plis angajman pase vwayaje nan liv.

Kadanse patrimwan mondyal nou touche nou jouk nan zantray nou. 

Mwen apresye vwayaj nan liv. Mwen apresye vwayaje sou rit kadans.                 

Avèk liv, mwen kite imajinasyon m ale lib ak imaj nan tèt mwen. 

Sou rit kadans yo, se kò m menm k ap viv.

Pou amatè tankou pou pwofesyonèl osnon pou senp plezi danse, depi nan ti lekòl katye rive nan enstitisyon nasyonal, lekòl bon kalite ap ofri eritaj kadanse tradisyon avèk respè, pou lakontantman nou, limye lakonesans epi lemante fòs nou. Tout bon!

Pran plezi pran leson kèlkeswa kote a

Ou pa bezwen lekòl pou w mete kò w an mouvman pou w danse nanm ou.

Aprann pou kont ou, se trè byen. 

Mouvman Street dance mete w nan vibrasyon enèji k ap leve nan fòs chak moman. 

Rityèl kominotè menen w nan kè tradisyon. 

Edikasyon sou entènèt ak klas nan lekòl pèmèt ou viv yon rapò ak eksperyans pèsonèl yon pwofesè osnon yon mantò.

Mwen viv moman mèvèy pou kont mwen, nan plezi tande mizik epi santi mouvman yo ak memwa kò m.

Poukisa pou w chwazi yon lekòl ?

Bon, paske ou ka pèmèt ou, pou yonn.

Epi ou gen anpil chwa anplis ke w ka redwi tan aprantisaj la.

Abityèlman, se teknik, disiplin ak mantora ke w resevwa k ap valide chwa lekòl la.

Se eleman sa yo tou ki plis aji sou diferans yon lekòl ak yon lòt. 

Viv kirikilòm lekòl kadanse nou, mezi pye w, avèk ou san soulye

Yon klas, lepli souvan anndan, gen estrikti ki tabli dapre planifikasyon leson yo epi kirikilòm lekòl la.

Balè, se yon mòd danse ki popilè anpil.

Men, kirikilòm lekòl yo gen anpil chwa. Si m kòmanse nonmen yo, mwen pap janm fini, ak bollywood rive nan hip hop, danse laten yo, modèn epi kontanporen, tradisyon kadanse toupatou sou planèt la.

List la gen manch long.

Eksperyans aprantisaj ou depann anpil de konesans, estil ak valè pwofesè a. Epi sa k ap aji tou, se kondisyon klas la menm, tankou kalite planche a, tanperati klas la, limyè atifisyèl osnon natirèl, si gen miwa ou si pa genyen, epi grandè espas la.

Yon kote ki espesyal se Toubab Dialaw nan peyi Senegal. Espas la louvri gran nèt, klas la fèt deyò epi se sab etidyan yo foule. Yo rele li Ecole des Sables. Se Germaine Acogny ak Compagnie Jant Bi li a ki fonde l.

Kalite sou kisa nou danse ak konesans, estil epi valè pwofesè a gen anpil enpòtans. 

Jwenti w pa dakò travay sou nenpòt bagay. Ou pa vle kase anyen osnon blese kò w tou dousman paske w nan inyorans. 

Epi, pou pwofesè a, mwen gen preferans pou yon moun ki bay tradisyon ak koneksyon kò, nanm ak lespri ak mouvman inivèsèl depase tan, anpil valè.

Yo gen visyon, rapò san jijman epi ouvèti lespri ki fè eksperyans vwayaj nan danse w sanparèy epi nan mesi w tout bon.

Mwen viv eksperyans amoni sa ak Zab Maboungou, yon metrès fanm nan ansèyman danse afriken kontanporen ak Compagnie Danse Nyata Nyata li fonde epi pwogram pwofesyonèl anndan l ke mwen t ap swiv, nan Montreal.

Pran kritè sa yo pou chwazi lekòl ki bon pou ou:

  • repitasyon pwofesè
  • repitasyon lekòl la
  • pri klas yo 
  • vibrasyon jeneral
  • valè
  • rezo lekòl la
  • rapò pwofesyonèl
  • kliyantèl
  • kirikilòm

Itilize repètwa kadanse lekòl pou w wè ki mòd danse ou ta renmen epi jwenn ki kote ki plis nan gou w. 

Pou enfòmasyon rapid, ekri nan motè rechèch ou repètwa kadans nan lekòl. W ap swiv li avèk non kote w vle pran leson yo.  Ou ka ajoute yon mòd danse pou rechèch la gen plis presizyon. Ou ka itilize tou lemonn pou ouvri rechèch la pi laj. 

Balanse chwa w avèk eleman pèsonalite tankou... 

  • kategori lekòl la ak klas epi teknik yo
  • grandè klas yo 
  • estil edikasyon an

Antropoloji mouvman Street dance

Street dance pran sous li nan lavi lavil epi kilti hip hop. Se yon mouvman ki vin tèlman popilè ke jodi a ou jwenn klas yo nan lekòl. Mouvman an simaye tankou lapoud tank pawòl la pale jouk nan media pou rive sou kadanse nan fim.

Eske w konnen fim ki gen dance battles tankou Step Up, Step Up Revolution, You Got Served, Honey, Street Dance...?  

Yo ban nou vibrasyon ki fò epi solid. Mwen gade fim yo ak gason m yo ak bèl plezi nèt.

Konsèp ofri kadans Street dance nan lekòl fè mwen vini sou yon tandans fò pou pran kadans ki egziste deja epi voye yo monte gendelè yon tijan diferan, gendelè tankou yon kreyasyon pèsonèl ou pou tabli yon nouvèl vag.

Kote antropoloji, danse popilè nou jwenn lekòl jodi a pran rasin yo nan tradisyon danse.

Chemen yon jenn fanm tankou Fatima Robinson ki se yon gran koregraph, se reflè evolisyon street dance ak kilti hip hop depi elan yo te pran jis yo rive nan rekonesans entènasyonal epi enplantasyon nan kilti lajenès toupatou sou planèt la. 

Bravo pou pwogram kadanse pou jenn yo

Mwen apresye pwogram kadanse pou jenn yo paske mwen gen anpil afeksyon pou lajenès anjeneral.  

Tablo Pinterest Pwogram kadanse jenn mwen an, se yon bon referans sou progwam ke mwen konnen.

Mwen gen anpil konsiderasyon pou Dansepyenu an Ayiti, C.D.C. La Termitière nan peyi Burkina Faso, The children of Angkor nan peyi Cambodge, Moving Into Dance MOPHATONG nan Afrik Disid, epi Aochan Kreyòl an Ayiti ak Brezil.

Lajenès se yon peryod gran defi pou jenn yo epi pou kominote yo.

Jenn k ap fè aktivite fizik gen bon konsantrasyon lespri, yo kannalise enèji yo epi yo devlope konesans pwòp tèt yo, ki fè yo byen konprann zèt yo ak fòs epi feblès yo. Danse bay benefis sa yo epi plis... 

Tankou dikton an di: vwayaj fòme lajenès.

Se konsa tou ak vwayaj nan lekòl kadanse nou ki aksesib fasil epi ki ofri bèl fason pou nou dékouvri richès eritaj kilti nou ak tout lòt kilti nan lemonn. 

Kominote ki pran konsyans mouvman nou konprann byen ke pi bon envestisman nou ka fè se nan lajenès. 

Lekòl kadanse nou louvri pou kliyantèl lajenès paske se yon mache ki gran anpil. 

Individi ak gwoup aktivis envesti nan pwogram pou lajenès ki ofri bon pri osnon ki gratis pou timoun ak jenn gason epi jenn fi, yon lajenès ki byen souven nan kondisyon lavi ki ka baskile fasil.

"Yon moun ki resevwa bòn edikasyon ap ka chante epi danse bèl fason kè kontan"

~ Platon

Nou jwenn pwogram kadanse pou jenn nan:

  • Kirikilòm espesyal pwogram atizay nan lekòl primè, segondè, kolèj, inivèsite, entèna.
  • aktivite kominotè
  • festival
  • lekòl kadanse nou

Lekòl kadanse nou ak pwogram pou jen osnon kadanse nan espas kominotè, bay lajenès bèl edikasyon epi yon baz solid pou viv bèl eksperyans lavi ak sipò pou yo grandi anfòm epi an fòs. 

Antrennman ak pwisans tradisyon kadanse nou

Nou renmen antrennman ak pwisans tradisyon kadanse nou.

Sa pèmèt nou fè swè nou fonn tout sa ki pa nan plas yo. Sa pèmèt nou bay kò nou bèl fòm ak bèl enèji.

Tradisyon kadanse nou se aktivite byennèt total, ki chaje ak fòs enèji lavi nou anndan tankou deyò, depi nan tèt, dwèt ak zòtèy, rive nan kè, lespri ak vibrasyon namm nou. 

Depi tout tan mouvman kenbe lespri ak kò nou djanm ak enèji pozitif epi kondisyon fizik solid, depi nou ti kat-kat pou nou rive pèsonaj kèlkeswa jan nou defini pèsonaj. 

Lè nou gen ouvèti pou nou resewa, benefis kadanse nou depase kondisyon fizik pou nou vibre ak tout fòs byennèt total enèji vital nou.

Nou ka deside mete efò nou nan fè egzèsis pou byen detaye fòm nou, byen detaye youn ou plizyè pati nan kò nou. 

Gen yon pakèt tandans pou travay lafòm fizik anmenmtan n ap pwofite vwayaje ak rit tradisyon kadanse nan lemonn antye: 

  • 5 rhythms
  • Aewobi
  • Capoeira
  • Core rhythm
  • Pilates
  • Tai chi 
  • Yoga
  • Zumba 

Mèt ak fanatik nan pratik tradisyon kadanse nou devlope pwogram sa yo nan kouran eksperyans aprantisaj yo. Genyen se apre dezane ap aprann epi devlope, lòt se yon ide jeni ki rive nan sikonstans inik. 

Nou prezante istwa yo nan chak pwogram detaye. 

Yo pran enfliyans yo nan Amerik laten, Azi, Ewòp, Zend, Afrik epi tradisyon chamann. 

Preparasyon

Tankou nan tout aktivite fizik, bon jan preparasyon esansyèl lè n ap kòmanse, toujou avèk moderasyon pou evite blese san rezon.

Nou dwe prepare chak pati nan kò nou nèt.

Nou pran konsyans respirasyon nou.  

Respirasyon se baromèt.

Nou ale dousman, kalmeman ak fasilite. 

Nou koute kò nou, santi po nou, misk ak ligaman nou.

Nou apresye repons entèn ak sensasyon nou. 

Nou mete baz anbyans pou nou travay kò nou nan detant ak plezi. 

Nan antrennman, nou libere enèji entèn nou avèk entansite 

Timidite deyò. Nou danse ak plezi sèlman.

Nou libere enèji entèn nou avèk entansite. 

Entansite se annopozisyon ak tansyon.

Entansite vle di detachman, liberasyon pou nou antre nan kouran bèl enèji n ap libere.

Lè nou nan kouran bèl enèji nou libere, nou antre toutbon nan moman an.

Nou pa santi efò. Nou se mouvman yo. Mouvman yo se nou. 

Nan antrennman, nou fè entansite monte pa etap pou nou libere enèji vital entèn nou, pou nou libere tansyon, estrès, toksin. 

Nou mete nanm nou annelevasyon, bay kò nou bèl fòm tandike lespri nou pran zèl, lib.

Tradisyon kadanse nou pèmèt nou pwofonde lajwa fondamantal kimoun nou ye tan sou tan depase tan

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.